Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Amos 4

Tande pawòl sa a, nou menm, vach 1Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!”

Senyè BONDYE a te sèmante pa sentete Li,

“Gade byen, jou yo ap vini sou nou,

lè yo va rache pran nou ak kwòk vyann,

e dènye bout nan nou ak gaf pwason.2

Nou va 3sòti atravè brèch miray yo,

nou chak tou dwat devan li a,

e konsa, nou va jete nan sitadèl la,” deklare SENYÈ a.

“Antre nan Béthel pou fè peche;

nan Guilgal pou miltipliye peche yo! 4

Pote sakrifis nou yo chak maten,

dim nou yo chak twa jou.

Ofri yon 5ofrann remèsiman,

sitou sa ki gen ledven ladann,

epi pwoklame 6ofrann bòn volonte yo.

Fè l parèt wo pou moun wè!

Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm,

fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.

“Men Mwen te bay nou anplis, 7dan netwaye

nan tout vil nou yo,

ak mank pen tout kote.

Malgre sa, nou pa t retounen

vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.

Anplis de sa, Mwen te 8fè lapli sispann

pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la.

Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil

pandan Mwen te refize li nan yon lòt.

Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t

resevwa lapli a te seche.

Konsa, de oswa twa vil te kilbite rive nan

yon lòt pou bwè 9dlo, men yo pa t satisfè;

malgre sa, nou 10pa t retounen vin jwenn Mwen,

deklare SENYÈ a.

Mwen te 11frape nou ak van cho, ak lakanni;

epi 12cheni te devore jaden ak chan

rezen nou yo, pye figye etranje ak pye doliv yo.

Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”

deklare SENYÈ a.

“Mwen te voye yon epidemi nan mitan nou,

tankou sa ki te konn rive an Égypte yo.

Mwen te 13touye jenn mesye nou yo ak nepe,

e te retire cheval nou yo.

E Mwen te fè 14movèz odè kan nou an,

monte antre nan nen nou.

Malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,”

deklare SENYÈ a.

“Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt,

jan 15Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe.

Nou te tankou yon bout bwa byen cho

ki te rache soti nan dife;

malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.

“Akoz sa, se konsa Mwen va fè ou, O Israël!

Paske se sa Mwen va fè ou;

prepare pou 16rankontre Bondye ou a, O Israël.

Paske gade byen, Sila ki 17fòme mòn yo,

ki kreye van an,

e ki 18deklare a lòm tout refleksyon li yo;

sila ki fè jou leve nan fènwa a,

e ki foule wo plas sou latè yo;

SENYÈ Bondye dèzame yo, se non Li.”

Source notes (18)
  1. Cross-reference Sòm 22:12
  2. Cross-reference És 37:29; Jr 16:16
  3. Cross-reference Jr 52:7
  4. Cross-reference Nonb 28:3
  5. Cross-reference Lev 7:13
  6. Cross-reference Lev 22:18-21
  7. Cross-reference És 3:1
  8. Cross-reference Det 11:17
  9. Cross-reference I Wa 18:5
  10. Cross-reference Jr 3:7
  11. Cross-reference Det 28:22
  12. Cross-reference Jl 1:4,7
  13. Cross-reference Jr 11:22
  14. Cross-reference Jl 2:20
  15. Cross-reference Jen 19:24,25; So 3:2
  16. Cross-reference És 32:11
  17. Cross-reference Job 38:4-7
  18. Cross-reference Dan 2:28,30

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.