Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Amos 3

Tande pawòl sa a ke SENYÈ a te pale kont nou menm, fis Israël yo; kont tout fanmi ke Li te mennen fè monte soti nan peyi Égypte la:1

“Nou sèlman, Mwen te chwazi

pami tout fanmi sou latè yo.

Akoz sa, Mwen va 2pini nou

pou tout inikite nou yo.”

Èske de mache ansanm,

san yo pa antann yo?

Èske yon lyon va gwonde nan rak bwa

san ke li pa kaptire yon bagay?

Èske yon jèn ti lyon

ka kriye deyò tanyè a san li pa pran anyen?

Èske yon zwazo ka kenbe

nan yon pèlen atè, si resò a pa t rale?

Èske pèlen an ka vòltije sòti atè,

san ke li gen yon bagay pou kenbe?

Èske twonpèt sone nan vil la,

san pèp la p ap pè?

Èske malè kon rive nan yon vil,

san ke SENYÈ a ki fè l?3

Anverite, SENYÈ a p ap fè anyen,

san Li pa 4aveti sèvitè li yo, pwofèt yo.

Yon lyon fin gwonde!

Se kilès ki p ap pè?

SENYÈ a fin pale!

Se kilès ki ka refize pwofetize?

Pwoklame sou sitadèl Asdod yo,

ak sitadèl peyi Égypte yo.

Di yo konsa:

Rasanble nou sou 5mòn Samarie yo

pou wè gwo zen ki anndan yo,

ak 6opresyon ki nan mitan yo.

“Paske yo pa konn fè sa ki dwat,” di SENYÈ a,

“sila yo k ap 7kache piyaj yo

ak sa yo ranmase nan palè pa yo.”

Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a:

“Yon 8lènmi va ranvwaye peyi a.

Li va rale desann barikad ou yo,

epi9sitadèl ou yo va piyaje.”

Konsa pale SENYÈ a:

Menm jan bèje a 10rache de janm

soti nan bouch lyon an,

oswa yon mòso zòrèy,

konsa, fis Israël ki rete Samarie yo,

alèz sou bèl mèb yo,

ak kousen swa yo sou kabann nan,

va vin chape.

“Tande, e fè temwaye kont kay Jacob la,” di Senyè BONDYE a, Bondye dèzame yo.11

“Paske nan jou ke Mwen va vizite

transgresyon Israël yo sou li,

Mwen va anplis, vizite lotèl Béthel yo.

Konsa, kòn lotèl yo va vin koupe retire nèt.

Yo va tonbe atè.12

Kay 13 sezon livè a, Mwen va frape

ansanm avèk kay 14 sezon lete a.

Kay livwa yo va vin peri,

e gran mezon yo p ap la ankò,”

di Senyè a.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Jr 8:3
  2. Cross-reference Jr 14:10
  3. Cross-reference És 14:24-27
  4. Cross-reference Jen 6:13
  5. Cross-reference Am 4:1
  6. Cross-reference Am 5:11
  7. Cross-reference Hab 2:8-10
  8. Cross-reference Am 6:14
  9. Cross-reference Am 2:5
  10. Cross-reference I Sam 17:34-37
  11. Cross-reference Éz 2:7
  12. Cross-reference II Wa 23:15
  13. Cross-reference Jr 36:22
  14. Cross-reference Jij 3:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.