Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Amos 2

Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat;

Mwen p ap retire pinisyon an,

akoz li te 1brile zo a wa Édom an

pou l fè lacho.

Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab

e li va devore sitadèl 2Kérijoth yo.

Moab va mouri nan mitan gwo zen,

kri lagè ak son a twonpèt.

Anplis, Mwen va koupe retire 3jij la nan mitan yo,

e touye tout prens li yo ansanm avè l,” di SENYÈ a.

Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat,

mwen p ap retire pinisyon an,

akoz yo te 4rejte lalwa SENYÈ a,

e yo pa t kenbe règleman Li yo; 5

manti yo te koz yo vin egare,

dèyè sila menm papa zansèt yo te mache.

Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda,

e li va devore palè a Jérusalem yo.”6

Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat,

Mwen p ap retire pinisyon an;

akoz yo te 7vann sila ki dwat yo pou lajan,

e malere yo pou achte de grenn sapat.

Sila yo k ap foule tèt a malere a,

jis pou l rive nan pousyè,

k ap refize bay jistis a oprime a.

Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan

pou yo ka pwofane non sen Mwen an.

Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl,

sou vètman 8ki te pran kon garanti yo.

Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven an

ki te bay pou peye amann yo.

Malgre sa, se te Mwen menm

ki te detwi 9Amoreyen yo devan yo,

malgre 10wotè yo te tankou wotè a pye palmis

e yo te gen fòs tankou bwadchenn.

Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.

“Se te Mwen menm ki te mennen nou

monte soti peyi Égypte la.

E Mwen te mennen nou nan dezè a pandan 11karantan,

pou nou ta ka posede peyi 12Amoreyen yo.

Mwen te 13fè leve kèk nan fis nou yo kon pwofèt,

e kèk nan jennonm nou yo kon 14Nazareyen.

Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a.

Men, nou te fè Nazareyen yo bwè diven,

e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo: 15

“Pa pwofetize!”

Gade byen, Mwen 16va peze nou anba chaj,

kon kabwa chaje lè l plen chaj sereyal. 17

Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la;

Sila ki dyanm lan,

p ap ka ranfòse fòs li,

ni sila ki pwisan an,

p ap ka delivre tèt li.

Ni sila ki 18fò ak banza a, p ap ka kanpe.

Sila ki rapid a pye a p ap ka delivre tèt li.

Sila ki konn monte 19cheval la p ap chape.

Menm pi brav pami gèrye yo

va 20chape poul yo toutouni nan jou sa a”,

di SENYÈ a.

Source notes (20)
  1. Cross-reference II Wa 3:26,27
  2. Cross-reference Jr 48:24,41
  3. Cross-reference Sòm 2:10
  4. Cross-reference Jij 2:17-20
  5. Cross-reference És 9:15,16
  6. Cross-reference Jr 17:27
  7. Cross-reference Jl 3:3
  8. Cross-reference Egz 22:26
  9. Cross-reference Nonb 21:23-25
  10. Cross-reference Nonb 13:32
  11. Cross-reference Det 2:7
  12. Cross-reference Egz 3:8
  13. Cross-reference Det 18:18
  14. Cross-reference Nonb 6:2,3
  15. Cross-reference És 30:10
  16. Cross-reference És 1:14
  17. Cross-reference És 30:16,17
  18. Cross-reference Jr 51:56
  19. Cross-reference És 31:3
  20. Cross-reference Jij 4:17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.