Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Amos 1

Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton 1Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè a. Li te di: 2

“SENYÈ a va gwonde soti nan Sion.

Li va fè son vwa Li soti Jérusalem;

epi patiraj a bèje yo va fè dèy,

e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”

Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de 3twa transgresyon a Damas yo, menm kat,

mwen p ap retire pinisyon li;

akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.

Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël

e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.4

Anplis, Mwen va 5kraze baryè an fè Damas la;

Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan,

ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden;

epi pèp Syrie a va ale an egzil an 6Kir,”

di SENYÈ a.

Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat,

mwen p ap retire pinisyon an,

akoz yo te depòte tout pèp la,

pou 7livre yo bay Édom.

Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a,

epi li va devore sitadèl li yo nèt.

Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo,

ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon.

Mwen va tounen men mwen kont Ékron,

epi retay a 8Filisten yo va peri,”

di Senyè BONDYE a.

Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat,

mwen p ap retire pinisyon an,

akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom,

e yo pa t sonje akò 9fratènèl la.

Akoz sa, Mwen va 10voye dife sou miray Tyr la,

e li va devore sitadèl li yo.”

Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat;

Mwen p ap retire pinisyon an,

akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe

e te refize gen pitye.

Mekontantman li te dechire tout tan,

e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.11

Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman,

e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”12

Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat;

Mwen p ap retire pinisyon an,

akoz yo te 13chire vant fanm ansent Galaad yo

pou 14agrandi lizyè yo.

Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray 15Rabba a.

Li va devore sitadèl li yo nèt,

nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la,

nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.

Konsa, wa yo a va antre an egzil, 16 li menm ansanm ak prens li yo,”

di Senyè a.

Source notes (16)
  1. Cross-reference II Sam 14:2; Za 14:5
  2. Cross-reference És 42:13
  3. Cross-reference Am 2:1,4,6
  4. Cross-reference I Wa 20:1
  5. Cross-reference Jr 51:30
  6. Cross-reference II Wa 16:9
  7. Cross-reference Éz 35:5
  8. Cross-reference És 14:29-31
  9. Cross-reference I Wa 9:11-14
  10. Cross-reference Za 14:5
  11. Cross-reference Nonb 20:14-21; És 57:16
  12. Cross-reference Jr 49:7,20
  13. Cross-reference II Wa 15:16
  14. Cross-reference És 5:8
  15. Cross-reference Det 3:11
  16. Cross-reference Jr 49:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.