Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Amos 6

Malè a sila ki alèz nan Sion yo,

e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo, 1

mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo,

a sila lakay Israël konn vini yo.

Ale janbe kote 2Calné pou gade.

Soti la rive Hamath Gran an,

pou desann kote Gath de Filisten yo.

Èske yo pi bon ke wayòm sila yo?

Èske tèritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?

Malè a nou ki konn 3ranvoye jou malè!

Ka pote sant vyolans lan vin pi pre!

K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo,

k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo,

e k ap 4manje jenn mouton ki soti nan pak la,

ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;

sila ki enpwovize ak son ap la,

ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;

Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo

onksyone kò yo ak pi bon lwil yo,

malgre sa, yo pa 5kriye pou Joseph,

ki fin devaste nèt la.

Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo.

Banbòch a sanzave yo va sispann.6

Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm,

SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare:

“Mwen rayi awogans a Jacob la,

e Mwen deteste sitadèl li yo.

Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”7

Epi li va vin rive ke si genyen dizòm ki rete

nan yon kay, yo va mouri.

Alò tonton a youn, oswa 8mèt mòg k ap antere l la, va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a 9pa dwe nonmen menm.”

“Paske gade byen, SENYÈ a pral 10kòmande 11

pou gwo lakay la vin kraze nèt,

e ti kay la an ti mòso.

Èske cheval konn kouri sou wòch,

oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf?

Konsa, nou te fè 12Lajistis vin tounen pwazon

e fwi ladwati vin anmè nèt.

Nou menm k ap rejwi nan yon 13bagay ki pa anyen,

epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj

nou nou rive pran kòn nan pou nou?’

Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon

kont nou, O lakay Israël,”

deklare SENYÈ Bondye dèzame yo;

“e yo va aflije nou soti nan antre Hamath

pou rive jis nan flèv Araba a.”

Source notes (13)
  1. Cross-reference Egz 19:5
  2. Cross-reference Jen 10:10
  3. Cross-reference És 56:12
  4. Cross-reference Éz 34:2,3
  5. Cross-reference Éz 9:4
  6. Cross-reference És 13:10; Am 7:11,17
  7. Cross-reference És 13:10; Lev 26:30
  8. Cross-reference I Sam 31:12
  9. Cross-reference Jr 44:26
  10. Cross-reference És 55:11
  11. Cross-reference II Wa 25:9
  12. Cross-reference I Wa 21:7-13
  13. Cross-reference Job 8:14,15

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.