Bib Sen An
Travay 25
Konsa, Festus, apre twa jou 1nan pwovens lan, te kite Césarée pou monte Jérusalem.
Chèf prèt yo ak dirijan a pèp Jwif yo te 2pote chaj kont Paul. Konsa, yo t ap mande yo favè ke li ta fè pa yo nan jijman a kont Paul, pou fè l vini Jérusalem. Men yo te gen lentansyon pou touye l nan wout.3
Answit Festus te reponn ke 4Paul t ap kenbe nan gadavi Césarée, e ke li menm t ap sòti talè. “Konsa”, li te di: “Kite prensipal moun pami nou yo ale avè m, e si gen yon bagay ki mal nan nonm sa a, kite yo pouswiv sa nan lajistis.”
Apre Festus te fin pase plis ke di jou pami yo, li te desann Césarée. Nan pwochen jou a li te pran chèz li 5devan tribinal la, e te kòmande yo fè Paul vini.
Apre Paul te rive, Jwif ki te desann sòti Jérusalem yo te kanpe antoure li. Yo t ap pote anpil chaj byen serye kont li 6ke yo pa t kab pwouve.
Paul te di nan pwòp defans li: 7“Mwen pa fè okenn ofans ni kont Lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont César.”
Men Festus 8ki te vle plè Jwif yo, te reponn Paul. Li te di: “Èske ou dakò pou monte Jérusalem pou pase nan jijman devan mwen sou chaj sila yo?”
Men Paul te di: “Mwen kanpe devan 9tribinal César a, kote mwen dwe jije a. Mwen pa fè okenn mal a Jwif yo, jan ou menm osi byen konnen an. Si konsa, mwen se yon malfektè, e mwen fè yon bagay ki merite lanmò, mwen pa refize mouri; men si okenn nan bagay sila ke yo akize m yo pa verite, pèsòn pa kapab livre mwen a yo. Mwen 10fè apèl mwen a César.”
Konsa Apre Festus te fè yon konferans avèk konseye li, li te reponn: “Se a César ke ou fè apèl; se a César ke ou va ale.”
Alò lè kèk jou te pase, Wa Agrippa avèk Bérnéice te rive 11Césarée pou prezante omaj yo a Festus. Pandan yo t ap pase anpil jou la, Festus te mete ka a Paul la devan wa a, e t ap di: “Genyen yon sèten nonm ke Félix te 12kite kòm prizonye. Epi lè m te Jérusalem, chèf prèt avèk ansyen Jwif yo te 13pote chaj kont li, pou mande yon santans kondanasyon kont li.
“Mwen te 14reponn yo ke se pa koutim a Women yo pou livre okenn moun avan sila ki akize a wè akizatè li yo fasafas e vin gen chans pou fè defans li kont chaj yo. Donk, apre yo te fin ransanble la a, mwen pa t fè reta, men nan pwochen jou a, te pran chèz mwen sou 15tribinal la, e te kòmande mesye sila a vin devan mwen. Lè akizatè yo te kanpe, yo te kòmanse pote chaj krim, men pa tankou mwen ta sipoze a. Yo te senpleman gen kèk 16pwen malantandi sou relijyon pa yo, ak sou yon sèten mesye mouri, Jésus, ke Paul te pwoklame toujou vivan. 17Kòmsi mwen pa t menm konprann jan pou m ta fè yon ankèt sou bagay sila yo, mwen te mande si li te dakò pou ale Jérusalem pou pase nan jijman sou zafè sila yo. Men lè Paul te 18fè apèl pou desizyon Anperè a, mwen te kòmande li kenbe nan gadavi jiskaske m voye li kote César.”
Answit 19Agrippa te di a Festus: “Mwen ta renmen osi tande mesye sa mwen menm”.
Li te reponn: “Demen ou va tande l”.
Konsa, nan pwochen jou a, lè 20Agrippa te parèt ansanm avèk Bérnéice, pami gwo zafè, li te antre nan sal odyans lan, akonpanye ak kòmandan yo ak lòm pi enpòtan nan vil yo, epi sou kòmand Festus, Paul te mennen antre.
Festus te di: “Wa Agrippa, e tout moun ki prezan avèk nou la a, ou wè nonm sila a, sou kilès 21tout pèp Jwif la te fè vin kote mwen, ni nan Jérusalem, ni isit la, pou te deklare byen fò ke 22li pa t dwe viv ankò a. Men mwen te twouve ke li 23pa t fè okenn bagay ki te merite lanmò; epi akoz ke li menm te 24fè apèl a Anperè a, mwen te deside voye l.
“Deja mwen pa gen anyen definitif pou ekri a mèt mwen. Donk mwen mennen li devan nou tout, e espesyalman devan ou, Wa Agrippa, pou lè ankèt la fèt, pou mwen kapab gen yon bagay pou m ekri. Paske li sanble dwòl pou mwen voye yon prizonye, epi pou m pa endike osi chaj kont li.”
Source notes (24)
- Cross-reference Trav 23:34
- Cross-reference Trav 24:1
- Cross-reference Trav 9:24
- Cross-reference Trav 24:23
- Cross-reference Mat 27:19
- Cross-reference Trav 24:13
- Cross-reference Trav 6:13
- Cross-reference Trav 12:3
- Cross-reference Mat 27:19
- Cross-reference Trav 25:21,25
- Cross-reference Trav 8:40
- Cross-reference Trav 24:27
- Cross-reference Trav 24:1
- Cross-reference Trav 25:4
- Cross-reference Mat 27:19
- Cross-reference Trav 18:15
- Cross-reference Trav 25:9
- Cross-reference Trav 25:11
- Cross-reference Trav 9:15
- Cross-reference Trav 25:13
- Cross-reference Trav 25:2,7
- Cross-reference Trav 22:22
- Cross-reference Trav 23:29
- Cross-reference Trav 25:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.