Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 24

Apre senk jou wo prèt la 1Ananias te vin desann avèk kèk ansyen, avèk yon sèten avoka ki te rele Tertulle. Yo te pote chaj kont Paul yo bay gouvènè a. Apre Paul te fin konvoke, Tertulle te kòmanse akize l e te di a gouvènè a: “Akoz ke atravè ou menm, nou te rive gen anpil lapè, epi akoz vizyon ou menm, refòm ap fèt pou nasyon sila a, nou rekonèt sa, nan chak aspè, e toupatou 2trè ekselan Félix, avèk tout rekonesans. Men pou m pa fatige ou plis, mwen mande w pou pèmèt nou nan bonte ou, pou tande nou an brèf.

“Paske nou twouve nonm sila a yon vre pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil 3sèkt a Nazareyen yo. Li te menm eseye 4souye tanp lan. Epi konsa, nou te arete li. Men Lysias, kòmandan an te parèt, epi avèk anpil vyolans, te rache li nan men nou.

“Lè ou egzamine li pou kont ou konsènan tout bagay sila yo, ou kapab verifye bagay sou sila nou akize li yo.” 5

Jwif yo tou te vin jwenn nan atak la, e yo t ap sètifye ke tout bagay sila yo se te vre.

Lè 6gouvènè a te fè l sinyal pou l pale, Paul te reponn: “Byen konesan, ke depi anpil ane, ou se yon jij nan nasyon sila, se avèk jwa ke m ap fè defans mwen. Akoz ke ou kapab note ke pa plis ke nan 7douz jou pase mwen te monte Jérusalem pou m adore. 8Ni nan tanp lan, ni nan sinagòg yo, ni nan vil la li menm, yo pa t janm twouve mwen nan diskisyon avèk okenn moun, ni 9koze okenn boulvèsman. 10Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a.

“Men sa mwen admèt a nou, ke selon 11Chemen an, ke yo rele yon sèkt, se vre ke m sèvi Bondye a zansèt nou yo, e kwè tout bagay ki an akò avèk Lalwa a ak sa ki ekri nan pwofèt yo. Mwen posede yon esperans nan Bondye, ke 12moun sa yo osi konsidere presye, ke an verite, va gen yon rezirèksyon ni pou sila ki jis yo ak sila ki enjis yo. Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou 13kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.

“Alò, apre plizyè ane, mwen 14te vin pote yon don a nasyon mwen an e prezante ofrann mwen. Nan sa a, yo te twouve mwen okipe nan tanp lan, deja 15pirifye, san okenn foul, ni konfli. Men te gen sèten Jwif ki sòti an Asie— ki ta dwe prezan devan ou pou 16fè akizasyon, si yo ta gen anyen kont mwen. Oubyen pito kite mesye sila yo, yo menm di ki move zak yo te twouve lè mwen te kanpe devan 17konsèy la, ot ke sèl pawòl sa a ke m te 18rele lè m te kanpe pami yo a: ‘Pou rezirèksyon a mò yo y ap jije mwen jodi a.’”

Men Félix, ki te gen yon konesans pi egzakt de 19Chemen an, te repouse yo, e t ap di: “Lè Lysias kòmandan an vin desann, mwen va deside ka ou a”. Answit Li te bay lòd a santenye a pou l 20retire l nan gadavi a, men avèk yon sèten libète, e pa anpeche okenn nan 21zanmi li yo sèvi li.

Men kèk jou pita, Félix te rive avèk Drusille, madanm li ki te yon Jwif, epi te voye rele Paul, pou koute li pale sou 22lafwa nan Jésus Kri a. Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak 23jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.” Nan menm tan an, tou, li t ap espere ke Paul ta 24bay li lajan pou lage l. Akoz sa, li te konn voye rele l souvan pou pale avè l.

Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone.

Source notes (24)
  1. Cross-reference Trav 23:2
  2. Cross-reference Trav 23:26
  3. Cross-reference Trav 15:5
  4. Cross-reference Trav 21:28
  5. Cross-reference I Tes 2:16
  6. Cross-reference Trav 23:24
  7. Cross-reference Trav 21:18,27
  8. Cross-reference Trav 25:8
  9. Cross-reference Trav 24:18
  10. Cross-reference Trav 25:7
  11. Cross-reference Trav 9:2
  12. Cross-reference Dan 12:12
  13. Cross-reference Trav 23:1
  14. Cross-reference Trav 11:29
  15. Cross-reference Trav 21:26
  16. Cross-reference Trav 23:30
  17. Cross-reference Mat 5:22
  18. Cross-reference Trav 23:6
  19. Cross-reference Trav 24:14
  20. Cross-reference Trav 23:35
  21. Cross-reference Trav 23:16
  22. Cross-reference Trav 20:21
  23. Cross-reference Trav 10:42
  24. Cross-reference Trav 24:17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.