Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 26

1

Agrippa te di a Paul: “Ou gen dwa pale pou tèt ou.”

Epi Paul te lonje men li pou te kòmanse fè defans li. “Konsènan tout bagay ke mwen akize pa Jwif yo, mwen konsidere ke mwen gen gwo chans, Wa Agrippa, pou m kapab fè defans mwen devan ou jodi a; Sitou paske ou se yon ekspè nan tout 2koutim ak kesyon pami pèp Jwif yo. Pou sa, mwen mande w pou koute mwen avèk pasyans.

“Alò konsa, tout Jwif yo konnen 3kalite vi mwen depi nan jenès mwen, ki soti nan kòmansman an ki te pase pami pwòp nasyon mwen, ak nan Jérusalem. Paske yo konnen mwen depi lontan, si yo dakò temwaye. Mwen te viv kon yon 4Farizyen, selon sèkt ki pi disipline nan tout relijyon nou an.

“Konsa, koulye a, mwen kanpe devan tribinal la 5pou lespwa 6pwomès ki te fèt pa Bondye a zansèt nou yo. Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou 7esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo. Poukisa pami nou, nou twouve li enkwayab 8ke Bondye kapab leve mò yo?

“Alò 9mwen te reflechi a mwen menm, ke mwen te oblije aji avèk anpil fòs kont non a Jésus de Nazareth la. Epi sa, mwen 10te fè menm Jérusalem; non sèlman ke m te fèmen anpil nan sen sila yo nan prizon, men avèk otorite ke m te resevwa soti nan chèf prèt yo, lè yo te mete yo a lanmò mwen te dakò pou yo aji kont yo. Epi 11pandan mwen te pini yo souvan nan tout sinagòg yo, mwen te eseye fòse yo fè blasfèm. Tèlman mwen te anraje avèk yo, mwen te kouri dèyè yo menm nan vil etranje yo.

“Pandan mwen te angaje konsa, mwen te 12fè yon vwayaj nan Damas avèk otorite ak pèmisyon a chèf prèt yo. Nan mitan jounen an, O Wa, mwen te wè sou wout la yon gwo limyè ki sòti nan syèl la, pi briyan ke solèy la, ki te briye toupatou ozanviwon m ak sila ki t ap fè vwayaj la avè m yo. Epi lè nou tout te tonbe atè, mwen te tande yon vwa ki t ap di m nan 13lang Ebre a: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite Mwen? Se difisil pou ou pou voye pye ou kont pikan yo.’

“Konsa, mwen te reponn: ‘Ki moun Ou ye, Senyè?’

“E Senyè a te di: ‘Mwen se Jésus ke w ap pèsekite a. Men leve kanpe sou pye ou. Se pou rezon sa ke m te parèt kote ou; pou 14nome ou kòm yon sèvitè ak yon temwen, non sèlman a bagay ke ou wè, men osi a bagay ke Mwen menm va fè vin parèt a ou menm; k ap delivre ou 15de pèp Jwif la, ak pèp etranje yo, pami sila m ap voye ou yo, pou 16louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’

“Konsa, Wa Agrippa, mwen pa t dezobeyisan a vizyon selès la, men mwen te kontinye deklare 17premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.

“Pou rezon sa a, kèk Jwif te 18sezi mwen nan tanp lan e te eseye mete m a lanmò. Alò, avèk èd Bondye ke m te twouve, mwen kanpe jiska jou sa a pou temwaye a piti kòm gran, pou pa pale anyen men sa ke 19pwofèt yo ak Moïse te di ki t ap pral rive yo. Ke Kris la te gen pou soufri, e akoz 20rezirèksyon Li soti nan lanmò a, Li ta devni premye pou pwoklame limyè a, ni a pèp Jwif la, ni a pèp etranje yo.”

Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! 21Gran konesans ou fè ou vin fou.”

Men Paul te reponn li: “Mwen pa pèdi tèt mwen 22trè ekselan Festus, men mwen pale pawòl ak verite byen rezone. Paske Wa a okouran de 23tout bagay sila yo, e mwen pale ak li osi avèk konfyans, akoz ke m konvenk ke anyen nan bagay sila yo pa kapab chape anba atansyon li, akoz ke nanpwen anyen ki fèt nan yon kwen. Wa Agrippa, èske ou kwè nan pwofèt yo? Mwen konnen ke ou kwè.”

Agrippa te reponn a Paul: “Ak yon ti bourade konsa, ou vle pèswade m pou devni yon 24Kretyen?”

Paul te reponn: “Mwen ta vle devan Bondye, ke menm si se ak piti, oswa ak gran, ke non sèlman ou menm, men tout sila ki koute mwen nan jou sa a, ta kapab vini menm jan ke mwen ye a, sof pou 25chèn sila yo.” 26

Wa a te leve avèk gouvènè a, ak Bérnéice, ak sila ki te chita avèk yo. Epi lè yo te ale akote, yo te kòmanse pale youn ak lòt. Yo t ap di: 27“Mesye sila a p ap fè anyen ki merite lanmò oubyen prizon.”

Epi Agrippa te di a Festus: “Mesye sa a ta gen dwa 28libere si li pa t fè apèl a César.”

Source notes (28)
  1. Cross-reference Trav 9:15
  2. Cross-reference Trav 6:14
  3. Cross-reference Gal 1:13
  4. Cross-reference Trav 23:6
  5. Cross-reference Trav 24:15
  6. Cross-reference Trav 13:32
  7. Cross-reference Trav 24:15
  8. Cross-reference Trav 23:6
  9. Cross-reference Jn 16:2
  10. Cross-reference Trav 8:3
  11. Cross-reference Mat 10:17
  12. Cross-reference Trav 9:3-8
  13. Cross-reference Trav 21:40
  14. Cross-reference Trav 22:14
  15. Cross-reference I Kwo 16:35
  16. Cross-reference És 35:5
  17. Cross-reference Trav 9:19
  18. Cross-reference Trav 21:27
  19. Cross-reference Trav 10:43
  20. Cross-reference I Kwo 15:20,23
  21. Cross-reference Jn 7:15
  22. Cross-reference Trav 23:26
  23. Cross-reference Trav 26:3
  24. Cross-reference Trav 11:26
  25. Cross-reference Trav 21:33
  26. Cross-reference Trav 25:23
  27. Cross-reference Trav 23:29
  28. Cross-reference Trav 28:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.