Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 20

Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou 1disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale 2Macédoine. Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce.

Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon 3konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine. Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis 4Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak 5Trophime ki sòti an Asie. Men sila yo te ale avan, e t ap tann 6nou 7Troas.

Nou te pran bato a vwal soti 8Philippes, apre 9jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou. Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou 10kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi. Te gen anpil lanp nan 11chanm anlè kote nou te reyini ansanm nan.

Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy.

Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri.

Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, 12li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.” Lè Paul te fin remonte 13e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati. Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte.

Men 14nou menm, nou te fè avan pou pran bato k ap rive Asòs, kote nou te fè plan pou Paul ta monte bato a. Se konsa li te aranje sa, akoz ke li menm t ap pase pa tè. Epi lè l te rankontre nou Asòs, nou te pran li abò, e te vini Mitilèn.

Soti la nan bato a vwal la, jou swivan an, nou te rive anfas Chios. Jou apre a nou te travèse Samòs, e jou swivan a nou te rive 15Milèt.

Paske Paul te fè desizyon pou depase Éphèse pou l pa ta oblije pase tan an Asie. Li t ap prese pou l te 16rive Jérusalem, si se te posib 17nan jou Fèt Lapannkot la.

Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele 18ansyen a legliz yo pou rive kote l. Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke 19depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz 20konplo a Jwif yo. Kòman mwen 21pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay. Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de 22repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.

“Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, 23mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la, sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen. Men 24mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab 25fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.

“Epi koulye a, veye byen, mwen konnen ke nou tout, pami sila mwen te pase, e te 26preche wayòm nan, p ap wè figi m ankò. Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke 27mwen inosan de san tout moun. Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout 28volonte a Bondye a nèt.

“Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke 29Li te achte avèk pwòp san Li.

“Mwen konnen ke apre mwen pati, 30lou sovaj va vini pami nou, lou ki p ap fè gras menm a bann twoupo a. Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene 31disip yo pou yo ta swiv yo. Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou 32avèk dlo nan zye m.

“Epi koulye a, mwen 33rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo. 34

“Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun. Nou menm nou konnen ke 35men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo. Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”

Lè l te fin di bagay sa yo, li te 36mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.

Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te 37anbrase Paul, e t ap bo l anpil. Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou 38pawòl li te pale a, ke yo pa t ap wè fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a.

Source notes (38)
  1. Cross-reference Trav 11:26
  2. Cross-reference Trav 16:9
  3. Cross-reference Trav 9:23
  4. Cross-reference Trav 19:29
  5. Cross-reference Trav 21:29
  6. Cross-reference Trav 16:10
  7. Cross-reference Trav 16:8
  8. Cross-reference Trav 16:12
  9. Cross-reference Trav 12:3
  10. Cross-reference Trav 2:42
  11. Cross-reference Trav 1:13
  12. Cross-reference Mat 9:23
  13. Cross-reference Trav 2:42
  14. Cross-reference Trav 16:10
  15. Cross-reference Trav 20:17
  16. Cross-reference Trav 19:21
  17. Cross-reference Trav 2:1
  18. Cross-reference Trav 11:30
  19. Cross-reference Trav 18:19
  20. Cross-reference Trav 20:3
  21. Cross-reference Trav 20:27
  22. Cross-reference Trav 2:38
  23. Cross-reference Trav 17:16
  24. Cross-reference Trav 21:13
  25. Cross-reference Trav 13:25
  26. Cross-reference Mat 4:23
  27. Cross-reference Trav 18:6
  28. Cross-reference Trav 13:36
  29. Cross-reference Ef 1:7,14
  30. Cross-reference Éz 22:27
  31. Cross-reference Trav 11:26
  32. Cross-reference Trav 20:19
  33. Cross-reference Trav 14:23
  34. Cross-reference I Kwo 9:4-18
  35. Cross-reference Trav 18:3
  36. Cross-reference Trav 9:40
  37. Cross-reference Luc 15:20
  38. Cross-reference Trav 20:25

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.