Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 21

Lè nou te rive 1nou te kite yo pou pran bato a vwal.

Nou te kouri toudwat pou Cos, jou apre a pou Rhodes, epi soti la a pou Patara.

Lè nou te twouve yon bato ki t ap travèse vè 2Phénicie, nou te monte e pran vwal. Lè nou te vin wè 3Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li.

Apre nou fin twouve disip yo, nou te rete la pandan sèt jou. Yo menm te kontinye ap di Paul 4selon Lespri a pou l pa mete pye l Jérusalem.

Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te 5mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt. Answit, nou te monte bato a, e yo te retounen6lakay yo ankò.

Lè nou te fin fè vwayaj la sòti 7Tyr, nou te rive Ptolémaïs. Lè nou te fin salye frè yo, nou te rete avèk yo pandan yon jou.

Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay 8Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li. Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te 9pwofetès.

Pandan nou te rete la pandan kèk jou, yon sèten pwofèt ki te nome Agabus te desann sòti Judée. Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: 10“Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo 11va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”

Lè nou te tande sa, nou menm, menm jan avèk rezidan lokal yo, nou te kòmanse mande l pou 12pa monte Jérusalem.

Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou 13non Senyè Jésus a.”

Epi Akoz ke li pa t kab konvenk, nou te tonbe an silans e t ap di: “Ke volonte a Senyè a fèt!”

Apre jou sa yo, nou te prepare pou 14kòmanse fè wout nou pou monte Jérusalem. Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon 15disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.

Apre nou te rive Jérusalem 16frè fidèl yo te resevwa nou avèk kè kontan.

Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè 17Jacques, epi tout ansyen yo te la. Apre li te salye yo, li te 18kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè 19ministè pa li a.

Lè yo te tande sa yo te kòmanse 20bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak 21zèl pou Lalwa a. Konsa, yo konn tande de ou, ke w ap enstwi tout Jwif k ap viv pami pèp etranje yo pou renonse a Moïse, e k ap pale yo pou yo 22pa sikonsi pitit yo, ni pou yo pa mache selon 23koutim nou yo. Alò, kisa ki dwe fèt? Sètènman yo va tande ke ou gen tan vini.

“Alò, fè sa ke nou di ou a. Nou gen kat mesye ki 24anba yon ve. Pran yo avèk ou, 25pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a.

“Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri 26selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.”

Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te 27antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak.

Lè 28sèt jou yo te prèske fini 29Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li. Yo t ap kriye fò: “Mesye Israël yo, vin bay nou konkou! 30Sa se mesye ki preche a tout moun kont pèp nou an ak Lalwa a, ak kote sila a. Anplis de sa, li gen tan fè Grèk yo antre nan tanp lan, e te souye lye sen sa a.” Paske avan yo te konn wè Trophime, 31Efezyen an nan vil la avèk li, e yo te sipoze ke Paul te mennen l nan tanp lan.

Alò tout vil la te leve, e pèp la te kouri ansanm pou te kenbe Paul. Yo te 32rale l deyò tanp lan, epi nan menm moman an, pòt yo te vin fèmen. Pandan yo t ap chache pou touye l, yon rapò te rive devan kòmandan 33Kowòt Women an, ke tout Jérusalem te boulvèse. Lapoula li te 34pran sòlda yo avèk santenye yo, e te kouri desann kote yo. Lè yo te wè sòlda yo avèk kòmandan an, yo te sispann bat Paul.

Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li 35mare avèk 36de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè. Men pami foul la 37kèk t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt bagay. Lè l pa t kapab twouve laverite ki koze tout boulvèsman an, li te mande yo mennen l nan kazèn nan. Lè l te rive nan 38eskalye a, sòlda yo te pote li akoz vyolans a foul la; paske yon gran foul moun te kontinye ap swiv yo, e t ap rele: 39“Touye li!”

Pandan Paul te prèt pou antre nan 40kazèn nan, li te mande kòmandan an: “Èske m kapab di ou yon bagay?”

E li te reponn: “Ou konn pale Grèk? Alò se pa ou menm 41Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?”

Men Paul te di: 42“Mwen se yon Jwif ki sòti Tarse nan Cilicie, yon sitwayen a yon vil ase enpòtan. Mwen mande w, kite m pale avèk pèp la.”

Lè l te bay permisyon, Paul, te vin kanpe sou eskalye a. Li te fè sinyal a foul la avèk men l. Lè te vin gen yon gwo silans, li te pale avèk yo nan lang 43Ebre, e te di,

Source notes (43)
  1. Cross-reference Trav 16:10
  2. Cross-reference Trav 11:19
  3. Cross-reference Trav 4:36
  4. Cross-reference Trav 20:23
  5. Cross-reference Luc 22:41
  6. Cross-reference Jn 19:27
  7. Cross-reference Trav 12:20
  8. Cross-reference Trav 6:5
  9. Cross-reference Luc 2:36
  10. Cross-reference Trav 8:29
  11. Cross-reference Trav 21:33
  12. Cross-reference Trav 21:15
  13. Cross-reference Trav 5:41
  14. Cross-reference Trav 21:12
  15. Cross-reference Trav 15:7
  16. Cross-reference Trav 1:15
  17. Cross-reference Trav 12:17
  18. Cross-reference Trav 14:27
  19. Cross-reference Trav 1:17
  20. Cross-reference Mat 9:8
  21. Cross-reference Trav 15:1
  22. Cross-reference I Kwo 7:18
  23. Cross-reference Trav 6:14
  24. Cross-reference Nonb 6:13-21
  25. Cross-reference Jn 11:55
  26. Cross-reference Trav 15:19,29
  27. Cross-reference Nonb 6:13
  28. Cross-reference Nonb 6:9; 13:20
  29. Cross-reference Trav 20:19
  30. Cross-reference Trav 6:13
  31. Cross-reference Trav 18:19
  32. Cross-reference II Wa 11:15
  33. Cross-reference Trav 10:1
  34. Cross-reference Trav 23:27
  35. Cross-reference Trav 20:23
  36. Cross-reference Trav 12:16
  37. Cross-reference Trav 19:32
  38. Cross-reference Trav 21:40
  39. Cross-reference Luc 23:18
  40. Cross-reference Trav 21:34
  41. Cross-reference Trav 5:36
  42. Cross-reference Trav 9:11
  43. Cross-reference Jn 5:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.