Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Travay 22

1

“Frè yo ak papa yo, tande defans mwen ke m ap ofri nou koulye a.”

Epi lè yo te tande ke li t ap pale avèk yo an Ebre, yo te vin kalme plis; e li te di: 2 3“Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba 4Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a. 5Mwen te pèsekite 6Chemen sila a jiska lanmò. Mwen te mare e te mete nan chenn ni fanm, ni gason pou mete nan prizon, kòm osi 7wo prèt la ak tout 8konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini. 9

“Men li te rive ke lè m te nan wout, e t ap pwoche Damas nan anviwon midi, sibitman yon limyè briyan te klere sòti nan syèl la, tou antoure mwen. Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’

“Epi mwen te reponn: “Kilès ou ye, Senyè?”

“E Li te di mwen: ‘Mwen se 10Jésus de Nazareth, ke w ap pèsekite a.’

“Sila ki te avè m yo 11te wè limyè a, men 12pa t konprann vwa a Sila a ki t ap pale avèk mwen an.

“Epi mwen te di: 13“Kisa pou m ta fè, Senyè?”

“Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’

“Men akoz ke m 14pa t kab wè akoz briyans a limyè a, mwen te mennen pa lamen pa sila ki te avè m yo pou te vini Damas.

“Yon sèten 15Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo te vin kote mwen, te kanpe toupre m, e te di mwen: 16‘Frè Saul, resevwa vizyon ou! Epi nan menm moman an, mwen te gade anlè e te wè li.

“Li te di: 17‘Bondye a zansèt nou yo te nome ou pou konnen volonte l, pou 18wè Sila Ki Jis la, e pou tande yon pawòl ki sòti nan bouch Li. Paske ou va 19yon temwen pou Li a tout moun de sila ou wè ak tande yo. Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e 20lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.

“Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te 21tonbe nan yon pwofon somèy. Epi mwen te wè Li t ap di mwen: 22‘Fè vit! Sòti Jérusalem vit, paske yo p ap aksepte temwayaj ou de Mwen menm.’ Epi mwen te di: ‘Senyè, yo menm yo konprann ke nan yon sinagòg apre lòt, 23mwen te konn mete yo nan prizon, e te konn bat sila ki te kwè nan Ou yo. Menm 24lè san a temwen ou, Étienne t ap vèse, mwen osi te kanpe byen dakò e t ap veye vètman a sila ki t ap touye l yo.’

“Men Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen 25kote pèp etranje yo.’”

Jiska pwen sa a, yo te koute l, e alò yo te leve vwa yo e te di: “Retire sou latè a yon nonm konsa; 26li pa merite viv!”

Pandan yo t ap rele konsa, yo t ap 27retire gwo vètman yo pou voye pousyè anlè, kòmandan an te bay lòd pou yo mennen l anndan kazèn nan, e t ap di ke li ta dwe 28egzamine plis avèk kout fwèt pou l ta kapab detèmine rezon an yo t ap rele kont li konsa.

Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon 29sitwayen Women ki pa menm kondane?”

Lè santenye a te tande sa, li te ale kote kòmandan an, e te di l: “Kisa w ap fè? Paske nonm sa a se yon Women.

Kòmandan an te parèt e te mande l: “Di mwen, “Èske se yon Women ou ye?”

E li te di: “Wi.”

Kòmandan an te reponn: “Mwen te twouve tit sitwayen sa a ak yon gwo sòm lajan.”

Paul te di: “Men mwen te ne sitwayen.”

Konsa, sila ki t ap kesyone li yo, te lage L imedyatman; epi 30kòmandan an osi te pè lè li te vin konprann ke se te yon sitwayen Women ke li te ye, paske li te mete li nan chèn.

Men nan pwochen jou a, akoz ke li te 31anvi konnen poukisa Jwif yo te akize l la, li te demare li, e li te bay lòd pou wo prèt yo avèk konsèy la reyini. Konsa yo te mennen Paul devan yo, e te fè l chita devan yo.

Source notes (31)
  1. Cross-reference Trav 7:2
  2. Cross-reference Trav 21:40
  3. Cross-reference Trav 9:1-22
  4. Cross-reference Trav 5:34
  5. Cross-reference Trav 8:3
  6. Cross-reference Trav 9:2
  7. Cross-reference Trav 9:1
  8. Cross-reference Luc 22:66
  9. Cross-reference Trav 9:3-8
  10. Cross-reference Trav 26:9
  11. Cross-reference Trav 26:13
  12. Cross-reference Trav 9:7
  13. Cross-reference Trav 16:30
  14. Cross-reference Trav 9:8
  15. Cross-reference Trav 9:10
  16. Cross-reference Trav 9:17
  17. Cross-reference Trav 3:13
  18. Cross-reference Trav 9:17
  19. Cross-reference Trav 23:11
  20. Cross-reference Trav 2:38
  21. Cross-reference Trav 10:10
  22. Cross-reference Trav 9:29
  23. Cross-reference Trav 8:3
  24. Cross-reference Trav 7:58
  25. Cross-reference Trav 9:15
  26. Cross-reference Trav 25:24
  27. Cross-reference Trav 7:58
  28. Cross-reference Trav 22:29
  29. Cross-reference Trav 16:37
  30. Cross-reference Trav 22:24
  31. Cross-reference Trav 23:28

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.