Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Samuel 8

1

Konsa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo e te mete yo anba lòd. David te pran kontwòl a vil prensipal la soti nan men a Filisten yo. 2Li te bat 3Moab, li te mezire kaptif yo avèk yon lign. Konsa li te fè yo kouche atè, li te mezire longè de lign pou mete yo a lanmò, ak yon lign antye pou lèse yo viv. Epi Moabit yo te devni sèvitè a David e yo te pote peye taks obligatwa.

Alò, David te bat Hadadézer, fis a Rehob la, wa a Tsoba, pandan 4li te nan wout pou reprann kontwòl li nan Rivyè Euphrate la. David te kaptire soti nan men li, mil-sèt-san chevalye avèk ven-mil sòlda a pye. 5Li te koupe jarèt a cheval cha yo, men li te konsève kont nan yo pou rale yon santèn cha. Lè 6Siryen a Damas yo te vini pou bay sekou a Hadadézer, wa a Tsoba a, David te touye venn-de-mil Siryen. Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. 7Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale. David te pran boukliye fèt an lò ki te pote pa sèvitè a Hadadézer yo e li te mennen yo Jérusalem. Soti nan Béthach avèk Bérothaï, vil a Hadadézer yo, Wa David te pran yon gran kantite bwonz.

Alò lè Thoï, wa a 8Hamath la te tande ke David te bat tout lame a Hadadézer a. Konsa, Thoï te voye Joram, fis li a kote Wa David pou salye li e fè li felisitasyon akoz li te goumen kont Hadadézer e te bat li. Paske Hadadézer t ap fè lagè avèk Thoï. Epi Joram te mennen avèk li bagay fèt an ajan, an lò, e an bwonz. Wa David te 9dedye sa yo osi a SENYÈ a, avèk ajan ak lò ke li te dedye soti nan tout nasyon ke Li te soumèt anba li menm yo: Soti nan Syrie avèk 10Moab, fis a Ammon yo, Filisten yo avèk Amalekit yo, ak piyaj ki te soti osi nan Hadadézer, fis a Thoï a, wa a Tsoba a.

Konsa, 11David te vin fè yon non byen koni pou kont li, lè li te retounen soti nan touye dizui-mil Siryen nan 12Vale Sèl la. Li te etabli anplasman militè yo nan Édom. Nan tout Édom, li te fè anplasman militè e tout 13Edomit yo te devni sèvitè a David. Konsa, SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.

David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a. 14Joab, fis Tseruja a te sou lame a e Josaphat, fis a Achilud la te 15grefye a. 16Tsadok, fis a Achithub la avèk Achilémec, fis a Abithar a te prèt e Tseriah te sekretè. Benaja, fis a Jehojada a te chèf sou 17Keretyen avèk Peletyen yo; epi fis a David yo te chèf ministè leta yo.

Source notes (17)
  1. Cross-reference I Kwo 18
  2. Cross-reference Nonb 24:17
  3. Cross-reference I Sam 22:3-4
  4. Cross-reference II Sam 10:15-19
  5. Cross-reference Jos 11:6-9
  6. Cross-reference I Wa 11:22-35
  7. Cross-reference II Sam 8:2
  8. Cross-reference I Wa 8:65
  9. Cross-reference I Wa 7:51
  10. Cross-reference II Sam 8:2
  11. Cross-reference II Sam 7:9
  12. Cross-reference II Wa 14:7
  13. Cross-reference Jen 27:37-40
  14. Cross-reference I Kwo 11:6
  15. Cross-reference II Wa 18:18-37
  16. Cross-reference I Kwo 6:4-8
  17. Cross-reference II Sam 15:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.