Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Samuel 7

1

Alò, li te vin rive ke pandan wa a te rete lakay li a, e SENYÈ a te ba li repo tout kote sou lènmi li yo, ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan 2yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a 3rete anndan yon tant ki fèt ak rido.”

Nathan te di a wa a: 4“Ale, fè tout sa ki nan tèt ou, paske SENYÈ a avèk ou.”

Men nan menm nwit lan, pawòl SENYÈ a te vini a Nathan e te di: “Ale e pale a sèvitè Mwen an, David: ‘Se konsa SENYÈ a pale, 5“Èske se ou menm ki ta dwe bati yon kay pou Mwen ta vin rete ladann? Paske Mwen pa t rete nan yon kay depi jou ke M te mennen fè sòti fis Israël yo an Égypte, jis rive jodi a. Men Mwen te konn deplase patou nan yon 6tant, menm yon tabènak. 7Nenpòt kote ke M te ale avèk tout fis Israël yo, èske M te pale yon sèl pawòl avèk youn nan tribi a Israël yo, 8ke M te kòmande pou fè bèje a pèp Mwen an, Israël, pou di: ‘Poukisa ou pa t bati pou Mwen yon kay ki fèt an sèd?’ Alò pou sa, konsa ou va di a sèvitè Mwen an, David: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo; 9Mwen te pran ou soti nan patiraj la, soti nan swiv mouton, pou devni yon chèf sou pèp Mwen an, Israël. Mwen te toujou avèk ou nenpòt kote ou te ale, e Mwen 10te retire lènmi ou yo soti devan ou. Konsa, Mwen va fè de ou yon gwo non, tankou non a gwo moun ki sou latè yo. Mwen va, osi, etabli yon plas pou pèp Mwen an, Israël. Mwen 11va plante yo, pou yo kab viv nan pwòp plas yo e pou yo pa vin deranje ankò, ni pou mechan pa aflije yo ankò tankou lontan, menm soti nan jou ke M te kòmande jij yo pou vin sou pèp Mwen an, Israël. Epi 12Mwen va ba ou repo sou tout lènmi ou yo. SENYÈ a va osi deklare a ou menm ke SENYÈ a va fè yon kay pou ou. Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, 13Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li. 14Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan. 15Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. 16Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li 17jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an. 18Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’” An akò avèk tout pawòl sila yo, tout vizyon sila yo, Nathan te pale avèk David.

Epi David, wa a, te antre chita devan SENYÈ a. Li te di: 19“Se kilès mwen ye, O Mèt BONDYE e se kisa lakay mwen ye, pou Ou te mennen mwen jis rive isit la? Epi anplis, sa te yon ti bagay nan zye Ou, O Mèt BONDYE, 20paske Ou te pale osi pa lakay sèvitè Ou a, de avni byen lwen an. Epi 21sa se koutim a lòm, O Mèt BONDYE Ankò, ki bagay anplis David kab di Ou? Paske 22Ou konnen sèvitè Ou a, O Mèt, BONDYE! 23Pou koz a pawòl Ou e selon pwòp kè Ou, Ou te fè tout gwo bagay sila yo pou fè sèvitè Ou konnen. Pou rezon sa a, Ou gran, O Mèt BONDYE; paske 24nanpwen lòt tankou Ou menm e nanpwen lòt dye sof ke Ou menm, selon tout sa ke nou te tande avèk pwòp zòrèy nou. Epi ki lòt 25nasyon sou latè ki tankou pèp Ou a, Israël, ke Bondye te ale peye ranson pou Li menm kòm yon pèp, e pou fè yon non pou Li menm; pou fè yon gran bagay pou Ou ak bagay mèvèy pou peyi Ou a, devan pèp ke Ou te peye ranson pou kont Ou sòti an Égypte la, nan mitan nasyon yo, avèk dye pa yo. Paske 26Ou te etabli pou kont Ou, pèp Ou a, Israël kòm pèp Ou pou tout tan, e Ou menm, O SENYÈ a te devni Bondye pa yo.

“Pou sa, koulye a, O SENYÈ Bondye, pawòl ke Ou te pale konsènan sèvitè Ou avèk lakay li a, konfime nèt e fè jan Ou te pale a. 27Kite non Ou kapab vin resevwa glwa jis pou tout tan, pou di: ‘SENYÈ dèzame a se Bondye sou Israël la; epi pou lakay a sèvitè Ou a kapab vin etabli devan Ou.’ Paske Ou menm, O SENYÈ, Bondye a Israël la, te fè yon revelasyon a sèvitè Ou a e te di: 28 ‘Mwen va bati yon kay pou ou’. Pou sa, sèvitè Ou a te jwenn kouraj pou fè priyè sila a, a Ou menm.

“Alò, O Senyè BONDYE, Ou se Bondye. 29Pawòl Ou se verite e Ou te pwomèt bon bagay sila a a sèvitè pa Ou a. Alò, pou sa, pou li kapab fè Ou plezi pou beni lakay sèvitè pa Ou a, pou li kapab kontinye pou tout tan devan Ou. Paske Ou menm, O Senyè BONDYE, te pale; epi 30avèk benediksyon pa Ou, pou lakay sèvitè Ou a kapab beni pou tout tan.”

Source notes (30)
  1. Cross-reference I Kwo 17:1-27
  2. Cross-reference II Sam 5:11
  3. Cross-reference Egz 26:1
  4. Cross-reference I Wa 8:17-18
  5. Cross-reference I Wa 5:3-4
  6. Cross-reference Egz 40:18-34
  7. Cross-reference Lev 26:11-12
  8. Cross-reference II Sam 5:2
  9. Cross-reference I Sam 16:11-12
  10. Cross-reference Sòm 18:37-42
  11. Cross-reference Egz 15:17
  12. Cross-reference II Sam 7:1
  13. Cross-reference I Wa 8:20
  14. Cross-reference I Wa 6:12
  15. Cross-reference Sòm 89:26-27
  16. Cross-reference I Wa 11:34
  17. Cross-reference I Sam 15:23
  18. Cross-reference II Sam 7:13
  19. Cross-reference Egz 3:11
  20. Cross-reference II Sam 7:11-16
  21. Cross-reference És 55:8-9
  22. Cross-reference I Sam 16:7
  23. Cross-reference I Kwo 17:19
  24. Cross-reference Egz 15:11
  25. Cross-reference Det 4:32-38
  26. Cross-reference Det 32:6
  27. Cross-reference Sòm 72:18-19
  28. Cross-reference II Sam 7:13
  29. Cross-reference Egz 34:6
  30. Cross-reference Nonb 6:24-26

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.