Bib Sen An
II Samuel 6
Alò, David te ankò ranmase tout mesye chwazi an Israël yo nan kantite trant-mil. Li te leve pou te ale avèk tout moun ki te avèk li yo Baalé-Juda, pou fè monte soti la, lach Bondye ki rele pa 2Non an, vre non dirèk SENYÈ dèzame yo ki enstale sou twòn anwo cheriben an. Yo te plase lach Bondye a sou yon 3kabwa tounèf pou yo te kab mennen li soti lakay Abinadab ki te sou ti kolin nan. Se te Uzza avèk Achjo, fis Abinadab la, ki te mennen kabwèt nèf la. Konsa, 4yo te mennen li avèk lach Bondye a soti lakay Abinadab, ki te sou ti kolin nan. Achjo t ap mache devan lach la. Antretan, David avèk tout lakay SENYÈ a 5t ap selebre devan SENYÈ a 6avèk tout kalite enstriman ki fèt an bwa pichpen, avèk ap, gita, tanbouren, ak kastanèt ak senbal.
Men lè yo te rive nan glasi Nacon an, Uzza te 7lonje men l vè lach Bondye a pou te kenbe li, paske bèf kabwèt yo te manke tonbe. Konsa, kòlè SENYÈ a te brile kont Uzza, epi 8Bondye te frape li la pou mank respè li a. Li te mouri la akote lach BONDYE a. David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a kont Uzza e plas sa a te vin rele Pérets-Uzza (kase antre a Uzza) jis rive jodi a. Konsa, 9David te pè SENYÈ a nan jou sa a. Li te di: “Kijan lach SENYÈ a kapab rive kote mwen?” Konsa, David pa t dakò pou deplase lach la antre nan vil David la avèk li; men David te mennen li akote, pou l rive kay 10Obed-Édom, Gatyen an. Konsa, lach SENYÈ a te rete lakay Obed-Édom an, Gatyen an, pandan twa mwa e SENYÈ a te beni Obed-Édom avèk tout lakay li. Alò, yo te pale a wa David, e te di: “SENYÈ a te beni lakay Obed-Édom avèk tout sa ki pou li akoz lach Bondye a.” 11
Konsa, David te ale monte lach Bondye a soti lakay Obed-Édom pou antre nan vil David la avèk kè kontan. Lè 12pòtè lach SENYÈ a yo te fin fè sis pa, li te fè sakrifis a yon bèf kabwèt avèk yon jenn bèf gra. Epi David t ap danse devan SENYÈ a avèk tout fòs li e David te 13abiye avèk yon efòd fèt ak len. Konsa, David avèk tout kay Israël la t ap mennen lach SENYÈ a monte avèk gwo kri lajwa e avèk son twonpèt.
Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l. Konsa, yo te mennen lach SENYÈ a e te mete li 14nan plas li anndan tant ke David te fè monte pou li a. Epi David te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè devan SENYÈ a. Lè David te fin ofri ofrann brile avèk ofrann lapè yo, 15li te beni pèp la nan non SENYÈ dèzame a. Anplis, li te fè separe bay a tout pèp la, yon gato pen, youn ak fwi dat e youn avèk rezen pou chak moun. Apre, tout pèp la te pati, chak moun nan pwòp kay yo.
Men lè David te retounen pou beni lakay li, Mical, fi a Saül la, te vin parèt pou rankontre David e te di: “Men kijan wa Israël la te onore pwòp tèt li jodi a! Li te dekouvri li menm jodi a nan zye a tout bòn kay ak sèvitè li yo kòm yon nonm ensanse san wont ta vin dekouvri kò li.”
Konsa, David te di a Mical: “Devan SENYÈ a16ki te chwazi mwen an olye de papa ou e olye de tout kay li a, pou vin dezinye mwen chèf sou pèp SENYÈ a, sou Israël; pou sa, mwen va selebre devan SENYÈ a. Mwen va vin konte pa lòt moun kòm pi lejè ke sa, e mwen va vin enb nan pwòp zye m, men avèk bòn sila ke ou te pale yo; avèk yo, mwen va vin onore.”
Mical, fi a Saül la, pa t fè pitit jis rive jou ke li te mouri an.
Source notes (16)
- Cross-reference I Kwo 13:5-14
- Cross-reference Lev 24:16
- Cross-reference Nonb 7:4-9
- Cross-reference I Sam 18:6-7
- Cross-reference I Sam 18:6-7
- Cross-reference I Kwo 13:8
- Cross-reference Nonb 4:15-20
- Cross-reference I Sam 6:19
- Cross-reference Sòm 119:120
- Cross-reference I Kwo 26:4-8
- Cross-reference I Kwo 15:25-29
- Cross-reference Nonb 4:15
- Cross-reference Egz 19:5
- Cross-reference I Kwo 15:1
- Cross-reference I Wa 8:14-15
- Cross-reference I Sam 13:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.