Bib Sen An
II Samuel 9
Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, 1pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?” Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li:
“Èske ou se 2Tsiba?” Epi li te reponn: “Men sèvitè ou.”
Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?”
Epi Tsiba te di a wa a: 3“Genyen toujou yon fis a Jonathan ki kokobe nan tou de pye li.”
Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li 4nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”
Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar. 5Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?”
Epi li te di: “Men mwen, sèvitè ou!”
David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen 6va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”
Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade 7yon chen mouri tankou mwen?”
Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: 8“Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a. Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, 9va manje tout tan sou tab mwen.”
Alò, Tsiba te gen kenz fis ak ven sèvitè. Epi Tsiba te di a wa a: “Selon 10tout sa ke mèt mwen, wa a, kòmande sèvitè li a, konsa sèvitè ou a va fè.” Konsa, Méphiboscheth te manje sou tab David la, tankou youn nan fis a wa yo. Méphiboscheth te gen yon jèn fis ki te rele Mica. Epi tout sila ki te rete lakay Tsiba yo te sèvitè a Méphiboscheth. Konsa, Méphiboscheth te rete Jérusalem, paske li te manje sou tab a wa a tout tan. Alò, li te kokobe nan toude pye li.
Source notes (10)
- Cross-reference I Sam 20:14-42
- Cross-reference II Sam 16:1-4
- Cross-reference II Sam 4:4
- Cross-reference II Sam 17:27-29
- Cross-reference II Sam 16:4
- Cross-reference II Sam 12:8
- Cross-reference II Sam 15:9
- Cross-reference II Sam 16:4
- Cross-reference II Sam 19:28
- Cross-reference II Sam 16:1-4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.