Bib Sen An
II Samuel 22
David te pale pawòl a chan sila yo1a SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo ak nan men a Saül. Li te di: 2
“SENYÈ a se wòch mwen, 3
fòterès mwen ak liberatè mwen;
Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila
mwen twouve pwotèj la;
boukliye e kòn delivrans mwen,
sitadèl mwen ak refij mwen. 4
Se konsa mwen va sove devan lènmi mwen yo.
Mwen rele a SENYÈ a, 5ki merite lwanj.
Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.
Paske 6volas lanmò te antoure mwen;
gran flèv destriksyon yo te monte sou mwen nèt. 7
Kòd a sejou lanmò te antoure mwen;
pèlen lanmò yo te menase m. 8
Nan gran twoub mwen,
mwen te rele SENYÈ a.
Wi, mwen te rele a Bondye mwen an.
Soti nan tanp Li an, Li te tande vwa m.
Kri sekou mwen te anndan zòrèy Li.
Latè te tranble e souke. 9
Fondasyon syèl la t ap tranble.
Yo te sonbre, akoz Li te fache.
Lafimen te monte sòti nan nen L. 10
Dife soti nan bouch Li a te devore.
Chabon te fèt pa li.
Anplis, Li te rale bese syèl yo e te desann.
Yon 11tenèb byen pwès te anba pye L yo.
Li te monte sou yon cheriben,
Li te vole.
Li te parèt sou 12zèl a van an. 13
Li te fè tenèb la yon tant Ki antoure Li,
yon vwa dlo, nwaj pwès syèl yo
soti nan gran klète devan L, 14
Bout chabon dife yo vin limen.
SENYÈ a te 15eklate depi nan syèl la,
e vwa Pli Wo a te reponn.
Li te lanse 16flèch pou te gaye yo.
Loray! E yo te sove ale.
Kanal lanmè yo te vin parèt.
Fondasyon mond lan17 te dekouvri nèt,
pa repwoch SENYÈ a,
ak fòs van ki sòti nan nen l lan. 18
Li te voye soti anwo,
Li te pran m.
Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò,
Soti nan sila ki te rayi mwen yo.
Paske yo te twò fò pou mwen.
Yo te kanpe parèt devan m nan jou gran doulè a, 19
Men SENYÈ a te soutyen mwen.
Anplis, Li te mennen m nan yon kote byen laj.
Li te fè m chape, 20paske Li te kontan anpil avè m. 21
SENYÈ a te rekonpanse mwen selon ladwati mwen.
Selon men pwòp mwen, Li te fè m twouve rekonpans.
Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a.
Mwen pa t aji avèk mechanste kont Bondye mwen an. 22
Paske tout òdonans Li yo te devan m.
Règleman Li yo, mwen pa t janm kite.
Anplis, 23mwen te san fot devan L.
Mwen te rete lib de inikite mwen.
Pou sa, SENYÈ a te rekonpanse m. 24
Selon ladwati mwen,
Selon jan mwen pwòp devan zye Li. 25
Avèk sila de bon kè yo,
Ou montre bon kè Ou.
Avèk sila ki san fot yo,
Ou parèt san fot. 26
Avèk sila ki san tach yo,
Ou montre jan Ou san tach,
Epi avèk sila ki kwochi,
Ou vin parèt avèk entèlijans. 27
Ou fè sekou a sila ki aflije yo,
men zye Ou rete sou sila ki ògeye yo,
pou Ou fè yo bese.
Paske se ou ki lanp mwen, O SENYÈ.
Konsa, 28SENYÈ a vin klere tout tenèb mwen.
Paske avèk Ou, Mwen kapab kouri sou yon ekip sòlda. 29
Pou Bondye, chemen pa li a san fot.
Pawòl SENYÈ a fin fè prèv.
Li pwoteje tout sila yo ki kache nan Li. 30
Paske se kilès Bondye ye,
Sof ke SENYÈ a?
Epi kilès ki se yon woche,
Sof ke Bondye pa nou an? 31
Bondye se sitadèl fòs mwen.
Li fè chemen m san fot.
Li fè pye m tankou pye a sèf,
ki fè m chita nan plas ki wo.
Li enstwi men m yo pou batay la,
Pou bra mwen kab koube banza fèt an Bwonz.
Ou te osi ban mwen Boukliye Sali Ou a,
e se soutyen Ou ki fè m pwisan. 32
Ou elaji pla pye mwen anba m,
e pye m pa janm chape.
Mwen te kouri dèyè lènmi mwen yo,
e mwen te 33detwi yo.
Mwen pa t vire fè bak jiskaske mwen te fin manje nèt.
Epi mwen te devore yo,
mwen te kraze yo,
Jiskaske yo pa t janm leve.
Konsa, yo te 34tonbe anba pye mwen.
Paske Ou te kouvri senti m ak fòs pou batay la.
Ou te soumèt anba m 35sila ki te leve kont mwen yo.
Ou te osi 36fè lènmi m yo vire do ban mwen,
Epi mwen te detwi sila ki te rayi mwen yo. 37
Yo te gade, men nanpwen moun ki te pou te sove yo;
menm anvè SENYÈ a, men Li pa t reponn yo. 38
Alò mwen te fè poud ak yo
tankou pousyè tè a. 39
Mwen te kraze e te foule yo
Tankou kras labou lari.
Ou te osi delivre mwen sòti
nan rebelyon ak zen pèp mwen an.
Ou te kenbe m kòm chèf sou nasyon yo,
Etranje yo abese devan m.
Depi yo tande, yo obeyi.
Etranje yo pèdi fòs. 40
Yo sòti tranblan nan kote kache yo.
SENYÈ a vivan!
Beni, se wòch mwen an!
Egzalte, se 41Bondye, wòch sali mwen an.
Menm Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an, 42
Li ki rale fè desann lòt pèp yo anba m nan,
Ki osi fè m sòti devan lènmi mwen yo.
Wi, Ou menm fè m leve anwo 43sila
Ki vin leve kont mwen yo.
Ou ban m sekou devan moun ki vyolan yo.
Pou sa, mwen va ba Ou remèsiman,
O SENYÈ, 44pami nasyon yo.
Mwen va chante lwanj a non Ou.
Li se yon gran sitadèl delivrans pou wa Li a,
ki 45montre lanmou dous a onksyone pa Li a,
Menm a 46David avèk desandan pa li yo, jis pou tout tan.”
Source notes (46)
- Cross-reference Sòm 18:2-50
- Cross-reference Sòm 31:3
- Cross-reference Sòm 31:3
- Cross-reference Det 32:4-37
- Cross-reference Sòm 48:1
- Cross-reference Sòm 93:4
- Cross-reference Sòm 116:3
- Cross-reference Sòm 116:4
- Cross-reference Job 26:11
- Cross-reference Sòm 97:3
- Cross-reference Sòm 97:2
- Cross-reference Sòm 104:3
- Cross-reference Job 36:29
- Cross-reference II Sam 22:9
- Cross-reference Job 37:2-5
- Cross-reference Det 32:23
- Cross-reference Egz 15:8
- Cross-reference Sòm 144:7
- Cross-reference Sòm 23:4
- Cross-reference II Sam 15:26
- Cross-reference I Sam 26:23
- Cross-reference Det 6:6-9
- Cross-reference Ef 1:4
- Cross-reference II Sam 22:21
- Cross-reference Mat 5:7
- Cross-reference Mat 5:8
- Cross-reference Egz 3:7-8
- Cross-reference I Wa 11:36
- Cross-reference Det 32:4
- Cross-reference I Sam 2:2
- Cross-reference I Sam 2:2
- Cross-reference II Sam 22:20
- Cross-reference Egz 15:9
- Cross-reference Mat 4:3
- Cross-reference Sòm 44:5
- Cross-reference Egz 23:27
- Cross-reference És 17:7-8
- Cross-reference II Wa 13:7
- Cross-reference És 10:6
- Cross-reference I Sam 14:11
- Cross-reference II Sam 22:3
- Cross-reference Sòm 144:2
- Cross-reference Sòm 44:5
- Cross-reference Wo 15:9
- Cross-reference Sòm 89:24
- Cross-reference Sòm 144:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.