Bib Sen An
II Samuel 23
Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo.
David, fis a Jesse a deklare,
Mesye ki te leve anwo a deklare, 1
Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la,
Chantè dous Israël la,
Nan mwen, 2Lespri SENYÈ a te pale,
Pawòl pa Li te sou lang mwen.
Bondye a Israël la te di, 3
Wòch Israël la te pale mwen,
Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a,
ki renye avèk lakrent Bondye yo,
Se tankou 4limyè maten lè solèy la leve,
Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf
Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.
Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye?
Paske 5Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m,
An lòd nan tout bagay e byen solid.
Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen,
èske, anverite, Li p ap fè l grandi?
Men 6sanzave yo, yo chak va pouse
jete deyò tankou raje pikan.
Konsa, pèsòn p ap kab pran yo an men.
Men nonm nan ki touche yo,
dwe ame avèk fè ak shaf lans.
Kèlkeswa, yo va vin 7brile nèt avèk dife,
nan plas kote yo ye a.
Sila yo se 8non a mesye vanyan ki te pou David yo: Joscheb-Basschébeth, Tachkemonit lan, youn nan ofisye prensipal yo. Avèk lans li ui-san òm te mouri yon sèl kou yo. Apre li menm, se Éléazar, fis a 9Dodo a, Achochit la. Li te youn nan twa gèrye ki te, ansanm ak David yo, ki te konfwonte Filisten ki te rasanble pou batay yo, lè lòt mesye Israël yo te fè bak yo. 10Li te leve frape Filisten yo jiskaske men li te fatige e te kole a nepe a. Konsa, SENYÈ a te fè parèt yon gran viktwa nan jou sa a. Pèp la te swiv li sèlman pou piyaje mò yo. Alò, apre li se te Schamma, fis Agué a, yon 11Ararit. Filisten yo te rasanble nan yon ekip kote yon mòso tè te plen avèk pwa lantiy e pèp la te kouri devan Filisten yo. Men li te kanpe pran pozisyon li nan mitan chan an pou defann tè a. Li te frape Filisten yo; epi 12SENYÈ a te fè vini yon gran viktwa. Alò, twa nan trant mesye pifò yo te desann kote David nan tan rekòlt la kote 13kavèn Adullam nan pandan ekip Filisten an t ap fè kan nan 14vale Rephaïm nan. Nan tan sa a, David te la 15nan fò a, pandan ganizon Filisten an te Bethléhem. 16David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!” 17Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo. Yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la, e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a. Konsa, li te di: “Lwen de mwen O SENYÈ! 18Èske m ta bwè san a mesye ki te mete lavi yo nan gwo danje a?” Pou sa, li pa t bwè li. Se zèv sila yo ke twa mesye vanyan sa yo te fè. 19Abischaï, frè a Joab la, fis a Tseruja a, te 20chèf a trant yo. Li te voye lans li kont twa san moun, li te touye yo, e li te gen yon non ki vin rekonèt menm jan ak twa yo. Li te pi onore pami trant yo. Konsa, li te devni chèf yo. Malgre sa, li pa t rive nan nivo a twa yo. Alò, 21Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye vanyan nan Kabtséel, ki te fè zak byen fò, li te touye de fis a Ariel yo nan Moab. Anplis, li te desann e te touye yon lyon nan mitan a yon fòs yon jou pandan lanèj t ap tonbe. Li te touye yon Ejipsyen, yon mesye mèvèy. Alò, Ejipsyen an te gen yon lans nan men li, men li te desann kote li avèk yon gwo baton e li te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans li an. Bagay sa yo, 22Benaja, fis a Jehojada a te fè e non l te gen repitasyon menm jan ak twa mesye vanyan yo. Li te onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa yo. Epi David te plase li kòm chèf sou gad li. 23Asaël, frè a Joab la te pami trant yo; Elchanan, fis a Dodo a Bethléhem, 24Schamma, Awodit la, Élika, Awodit la, Hélets, Peletyen an, Ira, fis a Ikkesch la, 25Tekoyit la, Abiézer, 26Anatotyen an, Mebunnaï, Oushatyen an, Tsalmon, Achoachit la, Marahaï, Netofayit la. 27Héleb, fis a Baana a, Netofayit la, Ittaï, fis a Rabaï a nan 28Guibea, fis a Benjamin yo, Benaja, a 29Pirathon, Hiddaï a Nachalé-Gaasch. Abi-Albon, Abatyen an, Azmaveth, 30Bakoumit lan, Eliachba, 31Shaalbonit lan, Bené-Jaschen avèk Jonathan, Schamma a Harar, Achaim, fis a Scharar a, Araryen an, Éliphéleth, fis a Achasbaï a, fis a Maakatyen an, Éliam, fis a Achitophel la nan Guillo Éliphéleth, fis a Achasbaï a nan Guillo. Hetsraï a Carmel. Paaraï, Arab la. Jijueal, fis a Nathan an nan Tsoba, Bani a Gad, Tsélek, Amonit lan, Naharaï nan Beéroth la, pòtè zam a Joab yo, fis a Tseruja a. Ira a Jéther. Urie, Etyen an: an total, trann-sèt òm.
Source notes (31)
- Cross-reference Sòm 89:20
- Cross-reference Mat 22:43
- Cross-reference II Sam 22:2-32
- Cross-reference Jij 5:31
- Cross-reference II Sam 7:12-16
- Cross-reference Mat 13:41
- Cross-reference Mat 3:10
- Cross-reference I Kwo 11:11
- Cross-reference I Kwo 27:4
- Cross-reference I Kwo 11:13
- Cross-reference II Sam 23:33
- Cross-reference II Sam 23:10
- Cross-reference I Sam 22:1
- Cross-reference II Sam 5:18
- Cross-reference I Sam 22:4
- Cross-reference I Kwo 11:17
- Cross-reference I Kwo 11:18
- Cross-reference Lev 17:10
- Cross-reference II Sam 10:10-14
- Cross-reference I Kwo 11:20-21
- Cross-reference II Sam 8:18
- Cross-reference II Sam 23:20
- Cross-reference II Sam 2:18
- Cross-reference I Kwo 11:27
- Cross-reference II Sam 14:2
- Cross-reference Jos 21:18
- Cross-reference I Kwo 11:30
- Cross-reference Jos 18:28
- Cross-reference Jij 12:13
- Cross-reference II Sam 3:16
- Cross-reference Jos 19:42
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.