Bib Sen An
II Samuel 21
Alò, te gen yon gwo grangou nan jou a David yo pandan twazan, ane apre ane. Epi 1David te chache prezans a SENYÈ a. SENYÈ a te di: “Se akoz Saül ak kay sanglan li an, akoz li te mete Gabawonit yo a lanmò.”
Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e 2fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.) Konsa, David te di a Gabawonit yo: “Kisa mwen ta dwe fè pou nou? Epi kijan mwen kapab fè ekspiyasyon, pou nou kapab vin beni 3eritaj SENYÈ a?”
Alò, Gabawonit yo te di li: 4“Nou pa sou afè ajan, ni lò avèk Saül, ni lakay li, ni pou nou ta mete okenn moun a lanmò an Israël.”
Epi li te di: “Mwen va fè pou nou nenpòt sa ke nou mande.”
Pou sa, yo te di a wa a: 5“Nonm ki te vin manje nou an e ki te fè plan pou detwi nou nèt la rache nou soti nan lizyè Israël la, kite sèt mesye soti nan fis li yo vin bay a nou menm. E nou va pann yo devan SENYÈ a nan Guibea pou Saül, 6sila ki te chwazi pa SENYÈ a.”
Epi wa a te di: “Mwen va bay yo.”
Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, 7akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan. Konsa, wa a te pran de fis a Ritspa yo avèk fi a Ajja a, Armoni ak Méphiboscheth ke li te fè pou Saül la, senk fis a Mérab yo, fi a Saül la, ke li te fè pou Adriel, fis a Barzillaï a, Meyolayit la; Epi li te livre yo nan men a Gabawonit yo e yo te pandye yo nan mòn nan devan SENYÈ a, jiskaske yo sèt te tonbe ansanm. Yo te mete a lanmò nan premye jou a rekòlt la, nan 8kòmansman rekòlt lòj la. 9
Epi Rizpa, fi a Ajja a te pran twal sak e te ouvri li sou wòch la, soti nan kòmansman rekòlt la jiskaske li te fè lapli sou yo soti nan syèl la. 10Li pa t kite ni zwazo syèl yo vin poze sou yo nan lajounen, ni bèt chan yo pandan lannwit. Lè li te pale a David sa ke Rizpa, fi a Ajja a, ti mennaj a Saül la te fè a, alò, David te ale pran 11zo a Saül ak zo a Jonathan, fis li a soti nan men a mesye Jabès-Galaad la, ki te vòlè yo nan laplas Beth-Schan kote Filisten yo te pandye yo nan jou ke Filisten yo te frape Saül nan Guilboa a. Li te mennen zo a Saül ak zo a Jonathan yo monte, fis li soti la e yo te ranmase zo a sila ki te pandye yo. Yo te antere zo a Saül yo avèk Jonathan, fis li nan peyi Benjamin nan 12Tséla, nan tonm a Kis, papa li. Konsa, yo te fè tout sa ke wa a te kòmande yo. Apre sa, 13Bondye te satisfè akoz lapriyè pou peyi a.
Alò, lè 14Filisten yo te fè lagè ankò avèk Israël, David te desann avèk sèvitè li yo. Epi pandan yo t ap goumen kont Filisten yo, David te vin bouke. Epi Jischbi-Benob ki te 15pami desandan a jeyan yo, avèk yon lans ki te peze twa-san sik an bwonz, te gen yon nepe nèf nan senti l e li te gen entansyon pou l ta touye David. Men 16Abischaï, fis a Tseruja a te ede li, li te frape Filisten an pou te touye li. Epi mesye David yo te fè ve a li e te di: “Wa David, ou p ap sòti avèk nou ankò nan batay la pou ou pa vin etenn lanp Israël la.” 17
Alò, li te vin rive apre sa ke te gen lagè ankò avèk Filisten yo nan Gob. Epi Sibbecaï, Oushatit la te frape Saph, ki te pami desandan a jeyan yo. Te gen gè avèk Filisten yo ankò Gob e Elchanan, fis a Jaaré-Oreguim nan Bethléhem te touye Goliath, moun Gath la. 18Shaf lans li an te tankou travès a yon machin yo konn tise. Te gen lagè avèk Gath ankò, kote te gen yon mesye gran tay avèk sis dwèt nan chak men ak sis zòtèy nan chak pye, venn-kat antou. Li menm osi te ne de 19jeyan yo. Lè li te leve tèt li kont Israël, Jonathan, fis a Schimea a, frè David la, te frape li. Se 20kat sila yo ki te ne de jeyan nan Gath yo, e yo te tonbe pa men David e pa men a sèvitè li yo.
Source notes (20)
- Cross-reference Nonb 27:21
- Cross-reference Jos 9:3-20
- Cross-reference I Sam 26:19
- Cross-reference Nonb 35:31-32
- Cross-reference II Sam 21:1
- Cross-reference I Sam 10:24
- Cross-reference I Sam 20:12-17
- Cross-reference Egz 9:31-32
- Cross-reference Det 21:23
- Cross-reference I Sam 17:44-46
- Cross-reference I Sam 31:11-13
- Cross-reference Jos 18:28
- Cross-reference II Sam 24:25
- Cross-reference II Sam 5:17-25
- Cross-reference Nonb 13:22-28
- Cross-reference II Sam 20:6-10
- Cross-reference I Kwo 20:4-8
- Cross-reference I Sam 17:7
- Cross-reference II Sam 21:16-18
- Cross-reference I Kwo 20:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.