Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Kwonik Yo 30

Alò, Ézéchias te voye kote tout Israël avèk Juda, e anplis, li te ekri lèt a Éphraïm avèk Manassé pou yo ta vini lakay SENYÈ a Jérusalem pou selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la. Paske wa a avèk chèf pa li yo ak tout asanble Jérusalem nan te pran desizyon 1pou selebre Pak la nan dezyèm mwa a. Yo fè sa akoz yo pa t ka selebre li nan 2lè sa a, akoz prèt yo potko konsakre yo menm an kantite ase, ni pèp la potko rasanble Jérusalem. Konsa, bagay la te kòrèk nan zye a wa a avèk tout asanble a. Pou sa, yo te etabli yon dekrè pou sikile kòm yon pwoklamasyon pami tout Israël 3soti nan Beer-Schéba jis rive menm nan Dan, pou yo ta kapab vin selebre Pak SENYÈ a, Bondye Israël la, Jérusalem. Paske yo pa t selebre li an gran nonb depi lè li te premye etabli a. 4

Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo. 5Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a. Alò, pa 6fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou. Paske 7si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. 8Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.”

Pou sa, mesaje yo te pase soti nan yon vil a yon lòt vil, toupatou nan peyi Éphraïm avèk Manassé, e soti rive Zabulon. Men 9 yo te fè grimas sou yo, yo te giyonnen yo, e moke yo. Sepandan, 10kèk nan mesye Aser yo, Manassé, avèk Zabulon yo te imilye yo, e yo te vini Jérusalem. Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a.

Alò, anpil moun te rasanble Jérusalem pou 11selebre Fèt Pen San Ledven an nan dezyèm mwa a, yon asanble ki te trè trè gran. Yo te leve e te retire fo lotèl ki te Jérusalem yo. Anplis, yo te 12retire tout fo lotèl lansan yo e te jete yo nan flèv Cédron an. Epi 13yo te touye jèn mouton Pak yo nan katòzyèm jou nan dezyèm mwa a. Konsa, prèt yo avèk Levit yo te vin wont a yo menm, e te konsakre yo menm, e te pote ofrann brile yo lakay SENYÈ a. 14Yo te kanpe nan estasyon pa yo selon koutim pa yo, selon lalwa Moïse la, nonm Bondye a. Prèt yo te aspèje san ke yo te resevwa nan men Levit yo. Paske te gen anpil prèt nan asanble a ki pa t konsakre yo menm. Pou sa, Levit yo te responsab pou touye jèn mouton Pak yo ki te pou tout sila ki pa t pwòp yo, pou yo ta kapab vin konsakre yo a SENYÈ a. Paske yon foul nan pèp la, menm anpil nan Éphraïm avèk Manassé, Issacar ak Zabulon pa t pirifye yo menm, 15sepandan yo te manje Pak la 16yon lòt jan ke sa ki te premye etabli a. Paske Ézéchias te priye pou yo e te di: “Ke SENYÈ a kapab padone 17tout sila ki prepare kè yo pou chache Bondye, SENYÈ a, Bondye a papa zansèt li yo, malgre se pa selon règleman pou pirifikasyon nan sanktyè a.”

Pou sa, SENYÈ a te tande Ézéchias e te 18geri pèp la. Fis a Israël ki te la Jérusalem yo te 19selebre Fèt Pen San Ledven an pandan sèt jou avèk gran jwa, e Levit yo avèk prèt yo te louwe SENYÈ a, jou apre jou, avèk enstriman ki te fè gwo son a SENYÈ a. Epi Ézéchias te 20pale ankourajman a tout Levit ki te montre gwo kapasite pou afè SENYÈ yo. Konsa, yo te manje pandan sèt jou ki te chwazi yo pandan yo t ap fè sakrifis ofrann lapè yo e t ap bay remèsiman a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo a.

Anfen, tout asanble a te 21deside selebre yon lòt sèt jou ankò, e yo te selebre sèt jou yo avèk kè kontan. Paske 22Ézéchias, wa Juda a, te bay asanble a mil towo ak sèt-mil mouton; epi prens yo te bay yon mil towo ak di-mil mouton. Konsa, yon gran kantite nan prèt yo te konsakre yo menm. Tout asanble Juda a te rejwi avèk prèt yo ak Levit yo ak 23tout asanble ki te sòti an Israël la, ni vwayajè ki te sòti nan peyi Israël yo ansanm ak sila ki te rete Juda yo. Konsa, te gen gwo lajwa Jérusalem, akoz pa t janm genyen yon bagay parèy a sa Jérusalem 24depi nan jou a Salomon yo, fis David la, wa Israël la. Epi prèt Levit yo te leve pou te beni pèp la. Vwa yo te tande, e lapriyè yo te rive nan 25lye sen Li an, menm nan syèl la.

Source notes (25)
  1. Cross-reference Nonb 9:10-11
  2. Cross-reference II Kwo 29:17-34
  3. Cross-reference Jij 20:1
  4. Cross-reference Job 9:25
  5. Cross-reference Éz 20:13
  6. Cross-reference Egz 32:9
  7. Cross-reference Det 30:2
  8. Cross-reference Egz 34:6-7
  9. Cross-reference II Kwo 36:16
  10. Cross-reference II Kwo 30:18-25
  11. Cross-reference II Kwo 30:2
  12. Cross-reference II Kwo 28:24
  13. Cross-reference II Kwo 30:2-3
  14. Cross-reference II Kwo 35:10-15
  15. Cross-reference Nonb 9:10
  16. Cross-reference Egz 12:43-49
  17. Cross-reference II Kwo 19:3
  18. Cross-reference Jc 5:16
  19. Cross-reference Egz 12:15
  20. Cross-reference II Kwo 32:6
  21. Cross-reference I Wa 8:65
  22. Cross-reference II Kwo 35:7-8
  23. Cross-reference II Kwo 30:11-18
  24. Cross-reference II Kwo 7:8-10
  25. Cross-reference Det 26:15

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.