Bib Sen An
II Kwonik Yo 31
Alò, lè tout sa te fini, tout Israël ki te prezan te sòti antre nan vil Juda yo. Yo te 1kraze pilye Asherim yo an mòso, yo te koupe poto Asherim yo, e te rale fè desann wo plas yo avèk lotèl yo pami tout Juda avèk Benjamin e anplis, nan Éphraïm avèk Manassé, jiskaske yo te detwi yo tout. Epi tout fis Israël yo te retounen nan vil pa yo, yo chak nan posesyon pa yo.
Konsa, Ézéchias te apwente 2divizyon a prèt yo ak Levit yo pa divizyon pa yo, yo chak selon sèvis pa yo, prèt yo avèk Levit yo pou ofrann brile avèk ofrann lapè yo, pou fè sèvis e bay remèsiman avèk lwanj nan pòtay kan SENYÈ a. Li te etabli osi 3pòsyon wa a nan byen pa li pou ofrann brile yo, pou ofrann maten avèk aswè a, ofrann brile pou Saba yo, pou nouvèl lin yo e pou fèt etabli yo, 4jan sa ekri nan lalwa SENYÈ a. Anplis, li te kòmande moun ki te rete Jérusalem yo pou bay 5pòsyon ki te dwa a prèt yo avèk Levit yo, pou yo ta kapab dedye pwòp tèt yo a 6lalwa SENYÈ a. Depi lòd la te fin gaye, fis Israël yo te mete disponib an abondans, premye fwi nan sereyal yo, diven nèf, lwil, siwo myèl ak tout pwodwi chan an; epi yo te pote an abondans 7dim nan tout bagay. Fis a Israël avèk Juda ki te rete lavil Juda yo, anplis, te pote fè antre dim nan bèf avèk mouton yo, e 8dim nan don sen ki te konsakre a SENYÈ a, Bondye pa yo a, e te plase yo nan gwo pil yo.
Nan twazyèm mwa a, yo te kòmanse fè pil yo e te fin fè yo nan setyèm mwa a. Lè Ézéchias avèk chèf yo te vin wè gwo pil yo, yo te beni SENYÈ a avèk 9pèp Israël Li a. Epi Ézéchias te kesyone prèt yo avèk Levit yo sou gwo pil yo. Azaria, chèf prèt lakay Tsadok la te di li: 10“Depi don yo te kòmanse antre lakay SENYÈ a, nou te gen kont pou nou manje avèk anpil ki te rete, paske SENYÈ a te beni pèp Li a, e gran kantite sila a rete toujou.”
Epi Ézéchias te kòmande yo pou prepare 11chanm lakay SENYÈ a e yo te prepare yo. Yo te byen fidèl nan pote dim avèk ofrann avèk bagay konsakre yo. Epi Conania, Levit la, te ofisye an chaj 12sou yo, e frè l, Schimeï te dezyèm nan. Jehiel, Azazia, Nachath, Asaël, Jerimoth, Jozabad, Éliel, Jismakia, Machath avèk Benaja te anplwaye anba direksyon Conania avèk frè l, Schimeï, selon chwa Wa Ézéchias yo, e 13Azaria te ofisye prensipal lakay Bondye a. Koré, fis a Jimna a, Levit la, gadyen pòtay lès la, te chèf sou ofrann bòn volonte a Bondye yo, pou fè distribisyon don pou SENYÈ a avèk bagay ki sen pase tout lòt bagay yo. Anba otorite li, te gen Éden, Minjamin, Josué, Schemaeja, Amaria ak Schecania, nan 14vil prèt yo pou separe, fidèlman, bay frè pa yo pa divizyon yo, piti kon gran, anplis de sa yo ki te sou chif zansèt yo, pou gason soti nan laj 15trantan oswa plis yo—tout moun ki te antre lakay SENYÈ a kòm obligasyon chak jou yo—pou travay nan devwa yo selon divizyon yo; ansanm ak prèt ki te anrejistre pa zansèt yo selon lakay papa zansèt pa yo, e Levit yo 16soti nan laj a ventan oswa plis, selon devwa yo ak divizyon yo. Anrejistreman pa zansèt yo te kontwole tout timoun yo, madanm yo, fis yo ak fi yo, pou tout asanble a, paske yo te konsakre yo menm, fidèlman, nan sentete. Anplis, pou fis a Aaron yo, prèt yo, ki te nan 17tèren patiraj lavil yo, oswa nan chak vil menm, te gen mesye ki te dezinye pa non pou fè distribisyon pòsyon a chak gason pami prèt yo e chak ki te anrejistre pa zansèt li yo pami Levit yo.
Konsa, Ézéchias te fè patou nan tout Juda; epi 18li te fè sa ki te bon e dwat devan SENYÈ a, Bondye li a. Tout èv ke li te kòmanse fè nan sèvis lakay Bondye a, nan lalwa avèk kòmandman an, nan chache Bondye li a, li te fè yo avèk tout kè li, e li te 19byen reyisi.
Source notes (19)
- Cross-reference II Wa 18:4
- Cross-reference I Kwo 24:1
- Cross-reference II Kwo 35:7
- Cross-reference Nonb 28:1-29-40
- Cross-reference Nonb 18:8
- Cross-reference Mal 2:7
- Cross-reference Né 13:12
- Cross-reference Lev 27:30
- Cross-reference Det 33:29
- Cross-reference Mal 3:10
- Cross-reference I Wa 6:5-8
- Cross-reference II Kwo 35:9
- Cross-reference II Kwo 31:10
- Cross-reference Jos 21:9-19
- Cross-reference I Kwo 23:3
- Cross-reference I Kwo 23:24
- Cross-reference Lev 25:34
- Cross-reference II Wa 20:3
- Cross-reference Det 29:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.