Bib Sen An
II Kwonik Yo 29
Ézéchias te devni wa a laj venn-senkan. Li te renye pandan vent-nevan Jérusalem. Non manman li te Abija, fi Zacharie a. 2Li te fè sa ki bon nan zye SENYÈ a selon tout sa ke papa zansèt li a, David te fè. Nan premye ane règn li a, nan premye mwa a, li te 3ouvri pòt lakay SENYÈ a e te repare yo. Li te mennen prèt yo avèk Levit yo, e te rasanble yo nan plas sou lès la. Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O Levit yo. 4Konsakre nou menm koulye a, konsakre lakay SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, e pote sa ki pa pwòp deyò pou l vin yon lye sen. Paske papa nou yo pa t fidèl. Yo te fè mal nan zye a SENYÈ Bondye nou an. Yo te abandone Li, e yo te 5vire fas yo lwen plas kote SENYÈ a rete a. Yo te vire do yo. Anplis, yo te 6fèmen pòt sou galeri yo, etenn lanp yo, e yo pa t brile lansan ni ofri ofrann brile nan lye sen Bondye Israël la. Pou sa, 7kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an. Paske gade byen, pou sa, 8papa zansèt nou yo fin tonbe anba nepe, e fis yo avèk fi yo avèk madanm nou yo vin nan esklavaj akoz sa. Alò, sa nan kè m 9pou fè yon akò avèk SENYÈ a, Bondye Israël la, pou chalè kòlè Li a kapab detounen kite nou. Fis mwen yo, koulye a, pa kite nou vin lach nan moman sa a, paske 10SENYÈ a te chwazi nou pou kanpe devan L, pou fè sèvis pou Li, pou devni sèvitè Li epi brile lansan.”
Konsa, Levit yo te leve: Machath, fis a Amasaï a, Joël, fis a Azaria a, soti nan fis a Keatit yo; epi soti nan fis a Merari yo, Kis, fis a Abdi a, Azaria, fis a Jehalléleel la; epi soti nan Gèshonit yo, Joach, fis a Zimma a, Éden, fis a Joach la; epi soti nan fis a Élitsaphan yo, Schimri avèk Jeïel, fis a Asapah yo, Zacharie avèk Matthania; epi soti nan fis a Héman yo, Jehiel avèk Schimeï; epi soti nan fis a Jeduthun yo, Schemaeja avèk Uzziel. Yo te rasanble frè yo, yo te 11konsakre yo menm, e te antre 12pou netwaye lakay SENYÈ a, selon kòmandman a wa a, selon pawòl SENYÈ a. Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan 13Vale Cédron an. Alò, yo te kòmanse fè konsekrasyon an, epi 14nan premye jou, nan premye mwa a, e nan uityèm jou nan mwa a, yo te rive sou galeri SENYÈ a. Konsa, yo te konsakre lakay SENYÈ a nan ui jou e yo te fini sou sèzyèm jou nan premye mwa a. Alò, yo te antre kote Wa Ézéchias la, e yo te di: “Nou fin netwaye tout kay SENYÈ a, lotèl ofrann brile a avèk tout zouti li yo ak tab pen konsakre a avèk tout zouti li yo. Anplis, 15tout zouti ke Wa Achaz te abandone pandan règn enfidèl li a, nou te fin prepare e konsakre yo. Epi vwala, yo la devan lotèl SENYÈ a.”
Konsa, Wa Ézéchias te leve bonè. Li te rasanble chèf lavil yo, e te monte vè lakay SENYÈ a. Yo te mennen sèt towo, sèt belye, sèt jèn mouton ak sèt mal kabrit 16kòm ofrann peche pou wayòm nan, pou sanktyè a ak pou Juda. Epi li te kòmande prèt yo, fis a Aaron yo, pou ofri yo sou lotèl SENYÈ a. Konsa, yo te touye towo yo. Prèt yo te pran san an e te aspèje li sou lotèl la. Anplis, yo te touye belye yo, e te aspèje san an sou lotèl la. Yo te touye, osi, jèn mouton yo e te 17aspèje san an sou lotèl la. Alò, yo te mennen mal kabrit yo pou ofrann peche devan wa a avèk asanble a, e 18yo te poze men sou yo. Prèt yo te touye yo, e te lave lotèl la avèk san yo 19pou fè ekspiyasyon pou tout Israël, paske wa a te kòmande ofrann brile avèk ofrann peche pou tout Israël.
Apre, li te estasyone Levit yo lakay SENYÈ a avèk senbal yo, avèk ap e avèk enstriman kòd yo, 20selon kòmand David la avèk 21Gad, konseye wa a, ak Nathan, pwofèt la; paske kòmand lan te sòti nan SENYÈ a pa pwofèt li yo. Levit yo te kanpe avèk 22enstriman mizik a David yo, 23prèt yo avèk twonpèt yo. Ézéchias te bay lòd pou fè ofrann brile sou lotèl la. Lè ofrann brile yo te kòmanse, 24chan SENYÈ a te kòmanse tou avèk twonpèt yo, avèk enstriman a David yo, wa Israël la. Pandan tout asanble a t ap fè adorasyon, chantè yo osi t ap chante e twonpèt yo t ap sone; tout sa te kontinye jiskaske ofrann brile a te fini.
Alò, nan fen tout ofrann brile yo, 25wa a avèk tout moun ki te prezan avèk li yo te bese ba pou te fè adorasyon. Anplis, Wa Ézéchias avèk ofisye yo te kòmande Levit yo pou chante lwanj a SENYÈ a avèk pawòl a David yo, avèk Asaph, konseye a. 26Konsa, yo te chante lwanj avèk jwa e te bese ba pou te fè adorasyon.
Epi Ézéchias te di: “Koulye a, akoz nou te konsakre nou menm a SENYÈ a, vin pre pou pote sakrifis avèk ofrann remèsiman lakay SENYÈ a.” Epi asanble a te pote sakrifis yo avèk ofrann remèsiman yo. 27Tout moun ki te vle, yo te pote ofrann brile. Kantite a ofrann brile ke asanble a te pote yo te swasann-dis towo, san belye ak de-san jèn mouton. Tout sila yo te pou fè yon ofrann brile a SENYÈ a. Bagay konsakre yo te sis-san towo ak twa-mil mouton. Men prèt yo pa t ase e pou sa, yo pa t kapab kòche tout ofrann brile yo. 28Konsa, frè yo nan Levit yo te ede yo jiskaske travay la te fini, e jiskaske lòt prèt yo te fin konsakre yo menm. Paske 29Levit yo te pi dedye pou konsakre yo menm pase prèt yo. Te gen osi anpil ofrann brile avèk 30grès a ofrann lapè yo, avèk 31ofrann bwason pou ofrann brile yo. Konsa, sèvis lakay SENYÈ a te vin etabli ankò. Epi Ézéchias avèk tout pèp la te rejwi sou sa ke Bondye te prepare pou pèp la, akoz bagay la te rive sibitman.
Source notes (31)
- Cross-reference II Wa 18:1-3
- Cross-reference II Kwo 28:1
- Cross-reference II Kwo 28:24
- Cross-reference II Kwo 29:15-34
- Cross-reference Éz 8:16
- Cross-reference II Kwo 28:24
- Cross-reference II Kwo 24:20
- Cross-reference II Kwo 28:5-8
- Cross-reference II Kwo 23:16
- Cross-reference Nonb 3:6
- Cross-reference II Kwo 29:5
- Cross-reference I Kwo 23:28
- Cross-reference II Kwo 15:16
- Cross-reference II Kwo 29:3
- Cross-reference II Kwo 28:24
- Cross-reference Lev 4:3-14
- Cross-reference Lev 4:18
- Cross-reference Lev 4:15
- Cross-reference Lev 4:26
- Cross-reference II Kwo 8:14
- Cross-reference II Sam 24:11
- Cross-reference I Kwo 23:5
- Cross-reference II Kwo 5:12
- Cross-reference II Kwo 23:18
- Cross-reference II Kwo 20:18
- Cross-reference Sòm 100:1
- Cross-reference Egz 35:5-22
- Cross-reference II Kwo 35:11
- Cross-reference II Kwo 30:3
- Cross-reference Lev 3:16
- Cross-reference Nonb 15:5-10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.