Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Samuel 7

Epi mesye nan Kirjath-Jearim yo te vin pran lach SENYÈ a e te 1pote li antre lakay Abinadab sou ti mòn nan, epi yo te konsakre Éléazar, fis li a, pou okipe lach SENYÈ a. Soti nan jou ke lach la te rete Kirjath-Jearim nan, tan ekoule a te byen long—paske li te pran ventan avan tout lakay Israël te fè lamantasyon devan SENYÈ a. Konsa Samuel te pale a tout lakay Israël la, e te di: 2“Si nou retounen vè SENYÈ a avèk tout kè nou, si nou retire dye etranje yo avèk Asheroth soti nan mitan nou, si nou dirije kè nou vè SENYÈ a, e 3sèvi Li sèl, Li va delivre nou soti nan men a Filisten yo.” Konsa, fis Israël yo te retire Baal yo ak Astarté yo pou te sèvi sèl SENYÈ a. Alò, Samuel te di: 4“Rasanble tout Israël nan Mitspa e mwen va priye a SENYÈ a pou nou.” Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: 5“Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.

Alò, lè Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. Lè fis Israël 6yo te tande sa, yo te krent Filisten yo. Pou sa a, fis Israël yo te di a Samuel: 7“Pa sispann kriye a SENYÈ Bondye nou an pou nou, pou Li kapab sove nou soti nan men a Filisten yo.” Samuel te pran yon 8ti mouton ki potko sevre e li te ofri tout li kòm yon ofrann brile bay SENYÈ a. Samuel te kriye a SENYÈ a pou Israël e SENYÈ a te reponn li. Pandan Samuel t ap ofri ofrann brile a, Filisten yo te rapwoche pou fè batay kont Israël. Men 9SENYÈ a te gwonde nan jou sa a kont Filisten yo. Li te fè yon malkonprann antre yo, e Li te boulvèse yo devan Israël. Mesye Israël yo te sòti nan Mitspa pou te kouri dèyè Filisten yo e yo te frape yo ba jis rive piba Beth-Car.

Alò, Samuel te pran yon 10gwo wòch, e li te poze li antre Mitspa ak Schen e li te ba li non a Ében-Ézer. Li te di: “Jis rive la, SENYÈ a te ede nou.” Konsa, Filisten yo te vin soumèt, e 11yo pa t vin ankò anndan fwontyè Israël la. Konsa, men SENYÈ a te kont Filisten yo pandan tout jou a Samuel yo.

Vil ke Filisten yo te sezi soti an Israël yo te restore a Israël, soti Ékron jis rive Gath. Epi Israël te rachte tèritwa yo nan men a Filisten yo. Konsa, te gen lapè antre Israël ak 12Amoreyen yo.

Alò, Samuel te 13jije Israël pandan tout jou lavi li yo. Li te konn ale chak ane fè yon tou 14Béthel avèk Guilgal, ak Mitspa, e li te jije Israël tout kote sa yo. Alò vwayaj retou li sete nan 15Rama; paske se la lakay li te ye. Se la li te jije Israël; epi li te bati la yon lotèl bay SENYÈ a.

Source notes (15)
  1. Cross-reference II Sam 6:3-4
  2. Cross-reference Jl 2:12-14
  3. Cross-reference Luc 4:8
  4. Cross-reference Jij 10:17
  5. Cross-reference Jij 10:10
  6. Cross-reference I Sam 13:6
  7. Cross-reference I Sam 12:19-24
  8. Cross-reference Lev 22:27
  9. Cross-reference II Sam 22:14-15
  10. Cross-reference Jen 35:14
  11. Cross-reference I Sam 13:5
  12. Cross-reference Nonb 13:29
  13. Cross-reference I Sam 7:6
  14. Cross-reference Jen 28:19
  15. Cross-reference I Sam 1:1-19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.