Bib Sen An
I Samuel 8
Li te vin rive ke lè Samuel te vin granmoun ke 1li te apwente fis li yo kòm jij sou Israël. Alò, non a premye ne a se te Joël e dezyèm nan, Abija. Yo t ap jije nan 2Beer-Schéba. Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.
Alò, tout ansyen Israël yo te rasanble, e yo te vin kote Samuel nan 3Rama. Yo te di li: “Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, 4chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo.” Men bagay la te 5degoutan nan zye Samuel lè yo te di: “Bannou yon wa pou jije nou.”
Samuel te priye a SENYÈ a. SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske 6yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo. Menm jan ak tout zak ke yo te fè soti nan jou ke M te mennen yo monte soti an Égypte la, jis jodi a—-ke yo te rejte Mwen pou te sèvi lòt dye yo——konsa, y ap fè ou tou. Alò pou sa, koute vwa pa yo. Malgre, ou va avèti yo solanèlman e fè yo konnen 7prensip a wa ki va renye sou yo a.”
Konsa Samuel te pale tout pawòl a SENYÈ yo a 8pèp la ki te mande li pou yon wa a. Li te di: “Men prensip a wa ki va renye sou nou an. Li va pran fis nou yo pou sèvi yo pou li menm. Nan cha li e pami chevalye li yo, 9 yo va kouri devan cha li. 10Li va chwazi pou li menm kòmandan sou dè milye ak dè senkantèn, ak kèk pou raboure tè a, pou fè rekòlt pa li, pou fè zam lagè li yo, avèk tout bagay pou cha li yo. Li va osi pran fi nou yo pou fè pafen, fè kwizin e kòm bòs boulanje. 11Li va pran pi bon kilti nan chan kiltive nou yo avèk chan rezen nou yo ak chan doliv nou yo pou ba yo a sèvitè pa li yo. Li va pran yon dizyèm nan semans nou yo ak nan chan rezen nou yo pou bay a ofisye li yo ak sèvitè li yo. Anplis li va pran sèvitè nou yo avèk sèvant nou yo ak meyè nan jennonm yo avèk bourik nou yo pou sèvi yo pou travay pa li. Li va pran yon dizyèm nan bann mouton nou yo e nou menm, nou va devni sèvitè li. Konsa 12nou va kriye nan jou sa a, akoz wa ke nou te chwazi pou nou an, men SENYÈ a p ap koute nou nan jou sa a.”
Sepandan, pèp la te 13refize koute vwa Samuel. Yo te di: “Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou, pou nou menm tou kapab tankou tout lòt nasyon yo, pou wa nou kapab jije nou e sòti devan nou pou batay pou nou.”
Konsa, lè Samuel fin tande tout pawòl a pèp la, 14li te repete yo nan zòrèy a SENYÈ a. SENYÈ a te di a Samuel: 15“Koute vwa yo e chwazi pou yo yon wa.” Konsa, Samuel te di a mesye Israël yo: “Nou chak, ale nan vil pa nou.”
Source notes (15)
- Cross-reference Det 16:18-19
- Cross-reference I Wa 19:3
- Cross-reference I Sam 7:17
- Cross-reference Det 17:14-15
- Cross-reference I Sam 12:17
- Cross-reference Egz 16:8
- Cross-reference I Sam 8:11-18
- Cross-reference I Sam 8:4
- Cross-reference II Sam 15:1
- Cross-reference Nonb 31:14
- Cross-reference I Wa 21:7
- Cross-reference És 8:21
- Cross-reference És 66:4
- Cross-reference Jij 11:11
- Cross-reference I Sam 8:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.