Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Samuel 2

Anne te priye e te di:

“Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a! 1

Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a.

Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo,

akoz mwen rejwi nan delivrans Ou. 2

Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a.

Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm,

ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.

“Pa pale kè anfle ankò, 3

pa kite awogans sòti nan bouch ou.

Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans,

e avèk Li, tout zak yo peze nan balans. 4

“Banza a pwisan yo vin fann, kraze nèt, 5

men fèb yo vin gen fòs.

Sila ki te gen vant plen yo

vin vann tèt yo pou achte pen,

men sila ki te grangou vin satisfè.

Menm sila ki te esteril la fè sèt pitit,

men 6Sila ki te fè anpil pitit la vin sispann.

“Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv. 7

SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo. 8

SENYÈ a fè pòv ak rich.

Li abese e anplis, Li leve. 9

Li leve malere sòti nan pousyè.

Li leve sila ki nan bezwen an

soti nan pil sann nan,

pou yo chita avèk prens yo,

e jwenn yon chèz donè kòm eritaj.

Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye.

Li te plase lemond sou yo.

L ap pwoteje pye a sen Li yo; 10

men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; 11

paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi. 12

Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt.

Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo.

SENYÈ a ki va jije,

jis rive nan tout ekstremite latè yo.

Konsa, Li va bay kouraj a wa Li;

Li 13 va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”

Elkana te ale lakay li Rama. 14Men gason an te fè sèvis SENYÈ a devan Éli, prèt la.

Alò, fis a Éli yo te 15vagabon. Yo pa t konnen SENYÈ a, 16ni koutim prèt yo avèk pèp pa yo. Lè yon moun t ap ofri yon sakrifis, sèvitè a prèt la te konn vini pandan vyann nan t ap bouyi avèk yon fouch twa pwent nan men l. Konsa, li te konn fonse l nan kivèt ak chodyè a, oswa bonm nan, oswa po a. Epi tout sa ke fouch la fè leve, prèt la ta pran l pou kont li. Konsa yo te fè tout Izrayelit yo ki parèt nan Silo. Anplis, avan 17yo te brile grès la, sèvitè prèt la te vini e te di a mesye ki t ap fè sakrifis la: “Bay prèt la vyann pou boukannen; paske li p ap pran vyann bouyi nan men nou, sèl sa ki poko kwit.”

Si mesye a ta di li: “Fòk yo brile grès la avan e apre, ou kab pran sa ou pito,” Alò, li ta di: “Non, men se koulye a, pou ou ban mwen li. Si se pa konsa, m ap sezi l pa lafòs.” Konsa, peche jennonm yo te trè gran devan SENYÈ a, paske moun te meprize ofrann SENYÈ a. Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason 18abiye ak yon efòd fèt ak len. Epi manman li ta fè pou li yon ti 19manto pou pote ba li chak ane lè l te monte avèk mari li pou ofri 20sakrifis la. Alò, Éli ta beni Elkana avèk madanm li e di: “Ke SENYÈ a ba ou pitit pa fanm sa a pou ranplase sila ke li te 21konsakre bay SENYÈ a.” Epi yo te ale lakay yo. 22SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a.

Alò Éli te vin trè vye. Li te tande tout sa ke fis li yo t ap fè a tout Israël la ak jan yo te kouche avèk fanm ki te sèvi nan pòtay tant asanble a.23 Li te di yo: “Poukisa nou konn fè bagay parèy sa yo, bagay mechan ke m tande tout moun sa yo pale yo? Non, fis mwen yo, rapò 24ke m tande sikile pami pèp la pa bon. Si yon nonm vin peche kont yon lòt, 25Bondye va entèsede pou li. Men si yon nonm peche kont SENYÈ a, se kilès ki kab entèsede pou li?” Men yo pa t koute vwa a papa yo, paske 26SENYÈ a te vle mete yo a lanmò.

Alò, gason 27Samuel t ap grandi nan wotè ak nan favè avèk SENYÈ a e avèk tout moun.

Alò, yon 28 nonm Bondye te vin kote Éli e te di li: “Men konsa SENYÈ a pale: ‘Èske Mwen pa t vrèman revele Mwen menm a kay zansèt ou yo lè yo te an Égypte nan esklavaj lakay Farawon an? Èske Mwen pa t chwazi yo soti nan tout tribi Israël yo pou devni prèt Mwen, pou monte vè lotèl Mwen, pou brile lansan, pou pote yon efòd devan Mwen? Epi èske Mwen pa t bay lakay zansèt nou yo tout ofrann dife fis Israël yo? Poukisa ou 29voye pye kont sakrifis Mwen ak sou ofrann ke M te kòmande nan kay abitasyon Mwen an, e 30bay onè a fis ou yo plis ke Mwen menm lè nou fè nou menm gra avèk pi bèl chwa a chak ofrann pèp Mwen an, Israël?’ Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tout tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske 31sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo. Gade byen, 32jou yo ap vini ke Mwen va kase fòs ou ak fòs lakay zansèt nou yo jiskaske pa gen yon granmoun lakay nou. Ou va wè 33twoub nan abitasyon Mwen, malgre tout byen ke m va fè pou Israël. Se pa pou tout tan ou ap gen yon granmoun lakay ou. Moun pa w ke M pa koupe retire nèt tout sou lotèl Mwen an, jiskaske zye nou manje, e fè kè w tris nèt. Tout desandan lakay nou yo va vin mouri ak gwo fòs jenès yo toujou sou yo. Sa va yon sign pou nou menm ki va vini konsènan de fis ou yo, Hophni avèk Phinées: 34 Nan menm jou a, yo toude va mouri. Men Mwen va fè leve pou kont Mwen yon prèt fidèl ki va fèt selon sa ki nan kè M ak nan nanm Mwen. Epi Mwen va bati pou li yon kay k ap dire e li va mache toujou devan onksyon Mwen. Tout sila ki rete lakay ou yo va vin bese ba a li menm pou yon pyès ajan, oswa yon mòso pen. Yo va di: “Souple, ban m yon plas nan youn nan pozisyon prèt yo pou m kab manje yon mòso pen.”’”

Source notes (34)
  1. Cross-reference Det 33:17
  2. Cross-reference Egz 15:11
  3. Cross-reference Pwov 8:13
  4. Cross-reference Sòm 37:15
  5. Cross-reference Eb 11:32-34
  6. Cross-reference Jr 15:9
  7. Cross-reference És 26:19
  8. Cross-reference Det 8:17-18
  9. Cross-reference Job 42:10-12
  10. Cross-reference Mat 8:12
  11. Cross-reference Sòm 33:16-17
  12. Cross-reference Egz 15:6
  13. Cross-reference Sòm 89:24
  14. Cross-reference I Sam 1:28
  15. Cross-reference Jr 2:8
  16. Cross-reference Lev 7:29-34
  17. Cross-reference Lev 3:3-16
  18. Cross-reference I Sam 2:7-9
  19. Cross-reference Egz 28:31
  20. Cross-reference I Sam 1:3-21
  21. Cross-reference I Sam 1:11-28
  22. Cross-reference Jen 21:1
  23. Cross-reference I Sam 2:13-17; Egz 38:8
  24. Cross-reference I Wa 15:26
  25. Cross-reference Det 1:17
  26. Cross-reference Jos 11:20
  27. Cross-reference I Sam 2:21
  28. Cross-reference Det 33:1
  29. Cross-reference I Sam 2:13-17
  30. Cross-reference Mat 10:37
  31. Cross-reference Sòm 50:23
  32. Cross-reference I Sam 4:11-18
  33. Cross-reference I Wa 2:26-27
  34. Cross-reference I Sam 4:11-17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.