Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Samuel 1

Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan 1peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te 2Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an. Li te gen 3de madanm: youn te rele 4Anne e lòt la te Peninna. Peninna te fè pitit, men Anne pa t fè pitit. Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane 5pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan 6Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a. Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li 7ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo. Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; 8men SENYÈ a te fèmen vant li. Men lòt madanm nan avèk kè anmè 9te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li. Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje. Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”

Konsa, Anne te leve lè l te fin manje ak bwè nan Silo. Alò Éli, prèt la, te chita sou chèz akote poto pòt 10tanp SENYÈ a. Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè. Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”

Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li. Selon Anne, 11li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. Alò Éli te di li: 12“Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.”

Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen 13t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a. Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.”

Alò, Éli te reponn e te di: “Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab 14ba ou sa ou mande L la.”

Anne te reponn: 15“Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou.” Konsa, fanm nan te al fè wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò.

Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan 16Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.

Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. 17Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”

Nonm nan, Elkana 18te monte avèk tout lakay li pou fè ofrann sakrifis bay SENYÈ a ak pou peye ve li a. Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l 19rete la nèt.” 20

Elkana, mari li te di li: “Fè sa ki sanble bon a ou menm. Rete jiskaske ou sevre li; sèlman ke SENYÈ a kapab acheve pawòl li.”

Konsa, fanm nan te rete pran swen pitit la jiskaske li te vin sevre. Alò, lè li te fin sevre 21li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti. Konsa, 22yo te touye towo a e te 23mennen gason an bay Éli. Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a. Se 24pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a. 25Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, 26Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Jos 17:17-18
  2. Cross-reference I Kwo 6:22-38
  3. Cross-reference Det 21:15-17
  4. Cross-reference Luc 2:36
  5. Cross-reference Egz 23:14
  6. Cross-reference Jos 18:1
  7. Cross-reference Det 12:17-18
  8. Cross-reference Jen 16:1
  9. Cross-reference Job 24:21
  10. Cross-reference I Sam 3:3
  11. Cross-reference Jen 24:42-45
  12. Cross-reference Trav 2:4-13
  13. Cross-reference Sòm 42:4
  14. Cross-reference Sòm 20:3-5
  15. Cross-reference Jen 33:15
  16. Cross-reference I Sam 1:1
  17. Cross-reference Egz 2:10-22
  18. Cross-reference Det 12:11
  19. Cross-reference I Sam 1:28
  20. Cross-reference Nonb 30:7-11
  21. Cross-reference Nonb 15:9-10
  22. Cross-reference Lev 1:5
  23. Cross-reference Luc 2:22
  24. Cross-reference I Sam 1:11-13
  25. Cross-reference I Sam 1:11-22
  26. Cross-reference Jen 24:26-52

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.