Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ruth 4

Alò Boaz te monte nan pòtay la e te chita la. Konsa, 1fanmi pwòch a sila Boaz te pale a t ap pase. Epi li te di: “Vire akote, zanmi m; vin chita la!” Epi li te vire akote e te chita. Li te pran dizòm nan 2ansyen lavil yo, epi te di: “Vin chita isit la.” Konsa, yo te vin chita. Epi li te di a fanmi pwòch la: “Naomi, ki te vin retounen soti nan peyi Moab la, ap oblije vann mòso tè 3ki te pou frè nou an, Élimélec. Konsa, mwen te vle fè ou konnen, epi di: “Achte li devan sila ki chita yo ak devan ansyen pèp mwen yo. Si ou va peye ranson li, peye ranson li; men si ou p ap fè sa, fè m konnen; paske nanpwen pèsòn ke ou menm pou peye ranson li, e se mwen aprè ou.”

Konsa li te di: “Mwen va peye ranson li.”

Epi Boaz te di: “Nan jou ke ou achte chan an nan men Naomi an, fòk osi ou pran Ruth, Moabit la, vèv a mò a, pou ou kapab 4fè leve non a sila ki mouri an sou eritaj pa li.” 5

Pwòch fanmi an te di: “Mwen pa kapab peye ranson li pou kont mwen; paske mwen ta mete pwòp eritaj mwen an danje. Peye ranson li pou kont ou; ou kapab genyen dwa ranson pa m nan. Paske, mwen pa kapab peye ranson li.” Alò sa se te 6koutim lontan an Israël pou ranson ak echanj tè pou vin an lòd avèk nenpòt afè. Yon nonm ta retire sapat li, te lonje li bay yon lòt. Se konsa pou te fè atestasyon an Israël. Konsa, pwòch fanmi an te di Boaz: “Achte li pou kont ou.” Epi li te retire sandal li.

Alò, Boaz te di a lansyen yo ak tout pèp la: “Nou se temwen jodi a ke mwen te achte soti nan men Naomi tout sa ki te pou Élimélec yo ak tout sa ki te pou Kiljon avèk Machlon yo. Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. 7Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.”

Tout pèp la te la nan tribinal la ak lansyen yo te di: “Nou se temwen Ke SENYÈ a kapab fè fanm k ap antre lakay ou a 8tankou Rachel avèk Léa, tou de ki te bati lakay Israël la. Epi ke ou va reyisi richès ou nan Éphrata e vin rekonèt pa tout moun nan Bethléhem nan. Anplis, ke lakay pa w kapab vin tankou lakay 9Pérets, ke Tamar te fè pou Juda, ak desandan ke SENYÈ a va bannou pa jenn fanm sila a.”

Konsa Boaz te pran Ruth. Li te devni madanm li, epi li te antre ladann. Konsa 10SENYÈ a te fè l kapab vin ansent e li te fè yon fis. Alò 11fanm yo te di a Naomi: “Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël! Anplis ke li kapab devni pou ou yon redanmtè lavi ak yon soutyen pou vyeyès ou. Anplis, pou bèlfi ou, ki renmen ou 12e ki pran swen ou pi byen pase sèt fis ki te bay li nesans. Alò, Naomi te pran pitit la, te fè l kouche sou janm li yo pou te pran swen li.” Fanm vwazinaj la te bay li non an, epi te di: “Yon fis te ne pa Naomi!” Konsa, yo te rele li Obed. Li se papa a Jessé, papa a David.

Alò, sila yo se jenerasyon a Pérets yo: 13Pérets te fè Hetsron, Hetsron te fè Ram; Ram te fè Amminadab; Amminadab te fè Nachschon; Nachschon te fè Salmon; Salmon te fè Boaz; Boaz te fè Obed; Obed te fè Jessé; epi, Jessé te fè David.

Source notes (13)
  1. Cross-reference Rt 3:12
  2. Cross-reference I Wa 21:8
  3. Cross-reference Lev 25:25
  4. Cross-reference Jen 38:8
  5. Cross-reference Lev 25:25
  6. Cross-reference Det 25:8-10
  7. Cross-reference Det 25:6
  8. Cross-reference Jen 29:25-30
  9. Cross-reference Jen 38:29
  10. Cross-reference Jen 29:31
  11. Cross-reference Luc 1:58
  12. Cross-reference Rt 1:16-17
  13. Cross-reference Mat 1:3-6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.