Bib Sen An
I Samuel 3
Alò, 1 Samuel te sèvi SENYÈ a devan Éli. Yon pawòl soti nan SENYÈ a te ra nan jou sa yo, e vizyon yo pa t fèt souvan. Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, 2vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen), epi 3lanp Bondye a potko etenn e Samuel te kouche nan tanp SENYÈ a kote lach Bondye a te ye a, ke SENYÈ a te rele Samuel. Li te reponn: 4“Men mwen isit la!”
Alò, li te kouri vè Éli e te di: “Men mwen, paske ou te rele m.”
Men Éli te di: “Mwen pa t rele ou. Ale kouche ankò.”
Konsa, li te retounen kouche. Senyè a te rele ankò: “Samuel!”
Konsa, Samuel te leve, li te ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele m.” Men li te reponn: “Mwen pa t rele ou, fis mwen, ale kouche ankò.” 5Alò, Samuel potko konnen SENYÈ a, ni pawòl SENYÈ a potko revele a li. Alò, SENYÈ a te rele Samuel ankò pou yon twazyèm fwa. Epi li te leve ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele mwen.”
Konsa, Éli te vin apèsi ke SENYÈ a t ap rele gason an. Epi Éli te di a Samuel: “Ale kouche e li va fèt ke si Li rele ou, ke ou va di: ‘Pale, SENYÈ a, paske sèvitè ou ap koute ou.’” Konsa, Samuel te ale kouche nan plas li. Alò SENYÈ a te vin kanpe e Li te rele tankou lòt fwa yo: “Samuel! Samuel!” Epi Samuel te di: “Pale, paske sèvitè ou ap koute ou.”
SENYÈ a te di a Samuel: “Veye byen, 6Mwen prèt pou fè yon bagay an Israël k ap fè zòrèy tout moun an Israël vin toudi. Nan jou sa a, 7Mwen va pote kont Éli tout sa ke M te pale selon lakay li, soti nan kòmansman, jiska lafen. Paske 8Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e 9li pa t repwoche yo. Pou sa, mwen te fè temwen anvè lakay Éli ke 10inikite lakay Éli p ap padone, ni avèk ofrann, ni avèk sakrifis.”
Konsa, Samuel te kouche jis rive nan maten. Li te 11ouvri pòt lakay SENYÈ a. Men li te krent pou pale Éli vizyon an. Alò, Éli te rele Samuel e te di: “Samuel, fis mwen.”
Epi li te di: “Men mwen.”
Li te di: “Ki pawòl ke Li te pale ou a? Souple, pa kache l pou mwen. 12Ke Bondye fè l konsa a ou menm, e menm plis osi, si ou kache yon bagay a mwen nan tout pawòl ke li te pale ou yo.”
Konsa, Samuel te di li tout bagay. Li pa t kache anyen a li menm.
Epi li te di: 13“Li se SENYÈ a; kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.”
Konsa, 14Samuel te grandi, 15SENYÈ a te avèk li e Li pa t kite okenn nan pawòl li yo manke reyisi. Tout Israël 16soti nan Dan jis rive menm Beer-Schéba te konnen ke Samuel te konfime kòm yon pwofèt a SENYÈ a. Epi 17SENYÈ a te vin parèt ankò nan Silo, 18paske SENYÈ a te revele Li menm a Samuel nan Silo selon pawòl Bondye a.
Source notes (18)
- Cross-reference I Sam 2:11-18
- Cross-reference Jen 27:1
- Cross-reference Egz 25:31-37
- Cross-reference És 6:8
- Cross-reference Trav 19:2
- Cross-reference II Wa 21:12
- Cross-reference I Sam 2:27-36
- Cross-reference I Sam 2:29-31
- Cross-reference Det 17:12
- Cross-reference Lev 15:31
- Cross-reference I Kwo 15:23
- Cross-reference II Sam 3:35
- Cross-reference Egz 34:5-7
- Cross-reference I Sam 2:21
- Cross-reference Jen 21:22
- Cross-reference Jij 20:1
- Cross-reference Jen 12:7
- Cross-reference I Sam 3:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.