Bib Sen An
I Pierre 1
Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a 1letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila 2ki chwazi davans yo, selon konesans 3davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, 4pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.
Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki 5selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa 6rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a pou jwenn yon 7eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou ki 8pwoteje pa pwisans Bondye a 9pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 10Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a 11pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, 12pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. Epi 13malgre nou poko wè Li, nou 14renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa ki fè 15kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou. 16
Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè 17Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.
Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa 18Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.
Konsa 19prepare panse nou pou nou kab aji; 20 rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— Kòm timoun obeyisan 21pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an 22se pou nou vin sen, osi 23nan tout konpòtman nou. Paske sa ekri: 24“Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
Si nou 25adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
Epi konsa, konnen ke nou pa t 26rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan 27mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, men avèk 28san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. Paske Li te 29deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm ki pa Li menm 30kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
Akoz ke obeyisans a verite a te vin 31pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, paske nou te 32ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.
Paske: 33
“Tout chè tankou zèb,
e tout laglwa li tankou flè zèb la.
Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,
men pawòl Senyè a dire pou tout tan.”
E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.
Source notes (33)
- Cross-reference I Pi 2:11
- Cross-reference Mat 24:22
- Cross-reference Wo 8:29
- Cross-reference II Tes 2:13
- Cross-reference Tit 3:5
- Cross-reference I Kor 15:20
- Cross-reference Trav 20:32
- Cross-reference Jn 10:28
- Cross-reference Ef 2:8
- Cross-reference Wo 5:2
- Cross-reference I Pi 5:10
- Cross-reference Wo 2:7
- Cross-reference Jn 20:29
- Cross-reference Ef 3:19
- Cross-reference Wo 6:22
- Cross-reference Mat 13:17
- Cross-reference II Pi 1:21
- Cross-reference Trav 2:2
- Cross-reference Ef 6:14
- Cross-reference I Tes 5:6,8
- Cross-reference Wo 12:2
- Cross-reference II Kwo 7:1
- Cross-reference Jc 3:13
- Cross-reference Wo 12:2
- Cross-reference Sòm 89:26
- Cross-reference És 52:3
- Cross-reference Ef 4:17
- Cross-reference Trav 20:28
- Cross-reference Trav 2:23
- Cross-reference Wo 4:24
- Cross-reference Jc 4:8
- Cross-reference Jn 3:3
- Cross-reference És 40:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.