Bib Sen An
I Pierre 2
Konsa 1mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang epi 2tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, si vrèman nou te 3goute 4dousè a Senyè a. Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te 5rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.
Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou 6nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou 7ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri. Paske sa twouve nan Lekriti sen an: 8
“Byen gade, Mwen poze nan Sion
yon wòch byen chwazi,
yon wòch kwen prensipal la,
e sila ki kwè nan Li a p ap wont.”
Alò, valè presye sila a, se pou nou menm ki kwè, men pou sila ki pa kwè yo: 9
“Wòch ke bòs mason yo te rejte a,
sa te devni vre wòch ang lan.”
Epi: 10
“yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.”
Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.
Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon 11nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a. 12Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.
Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak 13etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap 14fè lagè kont nanm nan. Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo 15nan jou gran vizitasyon selès la. 16
Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo 17pou pini malfektè yo e 18louwe sila ki fè byen yo. Paske 19se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.
Se pou nou tankou 20moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm 21sèvitè a Bondye. 22Onore tout moun. Renmen frè nou yo. 23Gen lakrent Bondye, onore wa a. 24
Sèvitè, se pou nou soumèt a mèt nou avèk tout respè, non sèlman a sila ki bon e dous yo, men osi a sila ki difisil yo. Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a 25konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.
Paske ki glwa ki genyen si, lè nou peche e yo trete nou sevèman, nou andire li avèk pasyans? Men si 26lè nou fè sa ki bon e soufri pou li, nou andire li avèk pasyans, sa twouve favè devan Bondye. Paske nou te rele pou koz sa a 27akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,
Sila ki 28pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a. Epi pandan yo t ap joure Li, 29Li pa t joure anretou. Pandan Li t ap soufri, Li pa t fè menas, men te kontinye mete konfyans Li nan Sila ki jije avèk ladwati a.
Epi Li menm te 30pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske 31ak blesi Li yo, nou te geri.
Paske nou te 32toujou egare tankou mouton, men koulye a nou gen tan retounen a Bèje e Gadyen nanm nou an.
Source notes (32)
- Cross-reference Ef 4:22,25,31
- Cross-reference Mat 18:3
- Cross-reference Eb 6:5
- Cross-reference Sòm 34:8
- Cross-reference I Pi 2:7
- Cross-reference És 61:6
- Cross-reference Wo 15:16
- Cross-reference És 28:16
- Cross-reference Sòm 118:22
- Cross-reference És 8:14
- Cross-reference Egz 19:6
- Cross-reference Os 1:10
- Cross-reference Lev 25:23
- Cross-reference Jc 4:1
- Cross-reference És 10:3
- Cross-reference Wo 13:1
- Cross-reference Wo 13:4
- Cross-reference Wo 13:3
- Cross-reference I Pi 3:17
- Cross-reference Jn 8:32
- Cross-reference Wo 6:22
- Cross-reference Wo 12:10
- Cross-reference Pwov 24:21
- Cross-reference Ef 6:5
- Cross-reference Wo 13:5
- Cross-reference I Pi 3:17
- Cross-reference I Pi 3:17
- Cross-reference És 53:9
- Cross-reference És 53:7
- Cross-reference És 53:4,11
- Cross-reference És 53:5
- Cross-reference És 53:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.