Bib Sen An
Jacques 5
Vini koulye a 1nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo. 2Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit. Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan 3dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a! Veye 4salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi 5kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.
Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa. Nou te kondane e 6mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.
Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan 7jiskaske Senyè a vini. 8Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 9Nou menm tou, se pou nou pasyan. 10Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade 11Jij la kanpe 12jis devan pòt la.
Frè m yo, pran 13pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans. Nou konte sa ki te andire yo kòm 14beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen 15Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
Men, anplis de tout bagay, frè m yo 16pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.
Èske gen moun pami nou k ap soufri? 17Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e 18onksyone li ak lwil nan non Senyè a. Konsa, 19priyè ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va 20fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. Konsa 21konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab 22geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. Élie se te 23yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e 24li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa. Answit, li te 25priye ankò, epi 26syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.
Frè m yo 27si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen, fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va 28sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.
Source notes (28)
- Cross-reference Luc 6:24
- Cross-reference És 50:9
- Cross-reference Jc 5:7,8
- Cross-reference Lev 19:13
- Cross-reference Egz 2:23
- Cross-reference Jc 4:2
- Cross-reference Jn 21:22
- Cross-reference Gal 6:9
- Cross-reference Luc 21:19
- Cross-reference I Tes 3:13
- Cross-reference Kol 4:5
- Cross-reference Mat 24:33
- Cross-reference Mat 5:12
- Cross-reference Mat 5:10
- Cross-reference Egz 34:6
- Cross-reference Mat 5:34-37
- Cross-reference Sòm 50:15
- Cross-reference Mc 6:13
- Cross-reference Jc 1:6
- Cross-reference Jn 6:39
- Cross-reference Mat 3:6
- Cross-reference Eb 12:13
- Cross-reference Trav 14:15
- Cross-reference I Wa 17:1
- Cross-reference I Wa 18:42
- Cross-reference I Wa 18:45
- Cross-reference Mat 18:15
- Cross-reference Wo 11:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.