Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 16

Koulye a konsènan 1ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn 2ofrann pa fèt lè m vini. Konsa, lè m rive 3nenpòt moun ke nou ta kab chwazi, mwen va voye yo avèk lèt pou pote kado nou an Jérusalem; epi si li nesesè pou m ale tou, yo va ale avè m.

Men mwen va vini a nou menm apre mwen pase Macédoine, paske 4m ap pase Macédoine. Petèt mwen va rete avèk nou, oswa menm pase sezon livè a, pou nou kapab 5voye m ale nenpòt kote ke m ta kab ale. Paske mwen pa vle wè nou koulye a 6sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle. Men mwen va rete 7Éphèse jiska fèt pannkot la; Paske yon 8pòt byen laj e efikas vin louvri a mwen menm, e gen anpil advèsè.

Alò, si 9Timothée vini, fè si ke li avèk nou san koz pou pè; paske l ap fè 10travay a Bondye a, menm jan mwen ap fè l la. Donk, pa kite pèsòn meprize li. Men voye l al fè wout li 11anpè, pou li kapab vin jwenn mwen; paske m ap tann li avèk frè yo.

Men konsènan 12Apollos, frè nou an, mwen te ankouraje li anpil pou li vin jwenn nou avèk frè yo. Li pa t vle vini koulye a, men li va vini lè li gen opòtinite. 13Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. Ke tout sa ke nou fè, fèt 14ak lanmou.

Alò, mwen ankouraje nou, frè m yo (nou konnen 15lakay Stéphanas, ke yo te premye fwi nan Achaïe e ke yo te bay tèt yo pou 16ministè a sen yo). Pou 17nou osi vin soumèt a kalite moun sa yo e a tout moun ki ede nan zèv ak travay la. Mwen rejwi de rive a Stéphanas ak Fortunatus ak Achaïcus paske yo te founi 18sa ki te manke nan pati a nou menm. Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk 19se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.

Legliz Asie yo salye nou. 20Aquilas avèk Priscille salye nou avèk tout kè yo nan Senyè a, avèk 21legliz ki lakay yo a. Tout frè yo salye nou. 22Salye youn lòt avèk yon bo ki sen.

Salitasyon de 23pwòp men pa m——Paul. Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). 24Vin non, Senyè nou an! 25Ke gras Senyè a Jésus avèk nou. Ke lanmou mwen avèk nou tout nan Jésus Kri. Amen.

Source notes (25)
  1. Cross-reference Trav 24:17
  2. Cross-reference II Kor 9:4
  3. Cross-reference II Kor 3:1
  4. Cross-reference Trav 19:21
  5. Cross-reference Trav 15:3
  6. Cross-reference II Kor 1:15
  7. Cross-reference Trav 18:19
  8. Cross-reference Trav 14:27
  9. Cross-reference I Kor 4:17
  10. Cross-reference I Kor 15:58
  11. Cross-reference Trav 15:33
  12. Cross-reference Trav 18:24
  13. Cross-reference Mat 24:42
  14. Cross-reference I Kor 14:1
  15. Cross-reference I Kor 1:16
  16. Cross-reference Wo 15:31
  17. Cross-reference I Tes 5:12
  18. Cross-reference II Kor 11:9
  19. Cross-reference Fil 2:29
  20. Cross-reference Trav 18:2
  21. Cross-reference Wo 16:5
  22. Cross-reference Wo 16:16
  23. Cross-reference Wo 16:22
  24. Cross-reference Fil 4:5
  25. Cross-reference Wo 16:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.