Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 15

Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil 1ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe. Pa li menm osi nou ap sove, 2si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.

Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te 3mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a 4selon Ekriti yo. Epi ke 5Li te parèt a Céphas, e answit, a 6douz yo. Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo 7gen tan mouri. Answit Li te parèt a Jacques, e answit 8tout apot yo. Epi an dènye, tankou yon pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, 9Li te parèt a mwen menm tou.

Paske mwen se 10pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn 11pèsekite legliz Bondye a.

Men, pa 12gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te 13travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.

Alò, kit se te pa mwen, kit se te pa yo, konsa nou te preche, epi konsa nou tout te kwè.

Alò, si Kris la preche, ke Li te leve nan lanmò, kijan kèk pami nou ap di ke 14pa gen rezirèksyon mò yo? Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, menm Kris la pa t leve. Epi 15si Kris la pa t leve, answit nou ap preche anven, e lafwa nou osi anven. Anplis ke sa, nou menm vin twouve nou kòm fo temwen a Bondye, paske nou te temwaye kont Bondye, ke Li te 16leve Kris la, ke Li pa t leve vrèman, si anfèt mò yo pa leve. Paske si mò yo pa leve, menm Kris la pa t leve.

Epi si Kris la pa t leve, lafwa nou vin san valè, e 17nou toujou nan peche nou yo.

Answit sila ki 18mouri nan Kris yo peri.

Konsa, si nou te mete espwa nou nan Kris sèlman nan vi sa a, nou pami moun ki pi pitwayab 19ke tout moun.

Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon 20premye fwi de sila 21ki mouri yo. Paske si se pa 22yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. Paske 23tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.

Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa 24sila ki nan Kris yo lè L vini. Answit va vini lafen, lè Li livre 25wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo. Paske fòk li renye 26jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li. Dènye lènmi ki va 27aboli a se lanmò.

Paske 28“Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.

Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou 29Bondye kapab tout nan tout bagay.

Otreman, kisa sila yo ki batize pou mò yo va fè? Si mò yo pa leve menm, alò poukisa yo batize pou yo? Poukisa nou menm tou, nou 30an danje a chak moman? Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, 31mwen mouri chak jou.

Si se te pou yon motif moun ke m te goumen avèk bèt sovaj chak jou an Éphèse yo, ki pwofi sa t ap ban mwen? Si mò yo pa leve 32“Annou manje ak bwè, paske demen n ap mouri.” 33Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.” Vin reflechi byen serye jan nou ta dwe fè a, e sispann fè peche; paske kèk nan nou 34pa menm gen konesans a Bondye. Mwen pale sa pou fè nou wont.

Men yon moun va di: “Kijan 35mò yo leve a?” Epi “avèk ki kalite kò yo ap vini?”

Moun sòt! Sa ke nou simen pa kapab vin gen lavi amwenske li mouri; Epi sa ke nou simen an, nou pa simen kò a li menm, men yon senp ti grenn, petèt yon ble oubyen yon lòt bagay.

Men Bondye bay li yon kò jis jan ke Li te dezire a, e a 36chak grenn semans yo yon kò pou kont li. Tout chè pa menm kalite chè. Gen yon chè pou lòm, e yon lòt chè pou bèt, yon lòt chè pou zwazo, e yon lòt pou pwason. Gen osi kò selès ak kò tèrès, men laglwa selès la se youn, e laglwa tèrès la se yon lòt. Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.

Menm jan an tou pou rezirèksyon a mò yo. Li simen kòm 37yon kò perisab, men li leve kòm yon kò enperisab.

Li simen nan dezonè, li leve nan 38laglwa. Li simen nan feblès, li leve nan pouvwa.

Li simen kòm yon 39kò natirèl; li leve kòm yon kò espirityèl. Si gen yon kò natirèl, anplis gen yon kò espirityèl.

Menm jan an osi sa ekri: “Premye 40lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi. Sepandan, sa ki gen lespri a pa vini avan, men sa ki natirèl la, answit sa ki gen lespri a. Premye lòm nan 41sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la. Jan tè a ye a, se konsa sila ki tèrès yo ye tou; e 42menm jan selès la ye a, konsa selès yo ye tou. Jis jan ke nou 43pote imaj a tèrès la, konsa osi nou 44va pote imaj a selès la. Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab 45eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.

Gade byen, m ap di nou yon 46mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va 47chanje, nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e 48nou tout va vin chanje. Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e 49mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: 50“Lanmò vin vale nèt pa viktwa.” 51

“O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”

Doulè pikan lanmò a se peche, e 52pouvwa a peche a se Lalwa a.

Men gras a Bondye, ki bannou 53viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk 54bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

Source notes (54)
  1. Cross-reference Wo 5:2
  2. Cross-reference Wo 11:22
  3. Cross-reference Gal 1:4
  4. Cross-reference Sòm 16:8
  5. Cross-reference Luc 24:34
  6. Cross-reference Luc 24:36
  7. Cross-reference Trav 7:60
  8. Cross-reference Luc 24:33,36
  9. Cross-reference Trav 9:3-8
  10. Cross-reference I Tim 1:15
  11. Cross-reference Trav 8:3
  12. Cross-reference Wo 12:3
  13. Cross-reference II Kor 11:23
  14. Cross-reference Trav 17:32
  15. Cross-reference I Tes 4:14
  16. Cross-reference Trav 2:24
  17. Cross-reference Wo 4:25
  18. Cross-reference I Kor 15:6
  19. Cross-reference I Kor 4:9
  20. Cross-reference I Kor 15:23
  21. Cross-reference I Tes 4:16
  22. Cross-reference Wo 5:12
  23. Cross-reference Wo 5:14-18
  24. Cross-reference I Tes 4:16
  25. Cross-reference Dan 2:44
  26. Cross-reference Sòm 110:1
  27. Cross-reference II Tim 1:10
  28. Cross-reference Sòm 8:6
  29. Cross-reference I Kor 12:6
  30. Cross-reference II Kor 11:26
  31. Cross-reference Wo 8:36
  32. Cross-reference És 22:13
  33. Cross-reference I Kor 6:9
  34. Cross-reference Mat 22:29
  35. Cross-reference Jn 12:24
  36. Cross-reference Gal 1:11
  37. Cross-reference Wo 8:21
  38. Cross-reference Fil 3:21
  39. Cross-reference I Kor 2:14
  40. Cross-reference Jen 2:7
  41. Cross-reference Jn 3:31
  42. Cross-reference Fil 3:20
  43. Cross-reference Jen 5:3
  44. Cross-reference Wo 8:29
  45. Cross-reference I Kor 6:9
  46. Cross-reference I Kor 13:2
  47. Cross-reference II Kor 5:2,4
  48. Cross-reference I Tes 4:15,17
  49. Cross-reference II Kor 5:4
  50. Cross-reference És 25:8
  51. Cross-reference Os 13:14
  52. Cross-reference Wo 3:20
  53. Cross-reference Wo 8:37
  54. Cross-reference I Kor 16:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.