Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 14

1

Pouswiv lanmou, men 2dezire ak tout kè nou, don Lespri yo, sitou don pou nou kapab pwofetize a.

Paske sila ki 3pale an lang yo pa pale ak moun, men ak Bondye; paske pèsòn pa konprann, men nan lespri li, li pale 4mistè yo.

Men yon moun ki pwofetize pale ak moun pou 5fè yo konprann plis, pou egzòte yo, e pou konsole yo.

Sila ki pale an lang lan, 6edifye tèt li, men sila ki pwofetize a edifye legliz la.

Alò, mwen ta kontan si nou tout te pale an lang 7men menm plis, ke nou tout ta pwofetize. Paske pi gran an se sila ki pwofetize a, pase sila ki pale an lang lan, amwenske li entèprete, pou legliz la kapab vin edifye.

Men alò, frè m yo, si mwen vini a nou menm e m ap pale an lang, ki pwofi mwen ye pou nou si omwen mwen pa pale ak nou selon 8revelasyon, konesans, pwofesi oswa enstriksyon?

Paske menm bagay ki pa gen lavi nan yo, tankou flit, oswa ap, lè yo fè yon son, si li pa yon son ki klè, kijan nou ka fè konnen si sa k ap jwe a se flit la, oswa ap la?

Paske si 9twonpèt la pwodwi yon son ki pa klè, kijan yon moun va prepare tèt li pou batay la?

Donk nou menm tou, sof ke nou pale an lang pawòl ki klè, kijan yo va konnen sa ki pale a? Paske si li pa konsa, se konsi, 10nou pale pawòl anlè.

Genyen, petèt, anpil kalite lang nan mond lan, e okenn pa san konprann.

Si, alò, mwen pa konprann lang lan, a sila ki pale li a, mwen va tankou yon sovaj, e sila ki pale a va yon sovaj pou mwen.

Alò, nou menm osi, paske nou gen zèl pou don Lespri yo, toujou chèche ranpli ak yo pou 11edifikasyon legliz la.

Konsa, kite sila ki pale an lang lan priye pou li kapab osi entèprete li.

Paske si mwen priye nan yon lang, lespri mwen priye, men entèlijans mwen rete san fwi.

Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans lan osi. Mwen va 12chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans lan osi.

Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di 13“Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?

Paske nou ap bay remèsiman ase byen, men lòt moun nan 14pa edifye.

Mwen remèsye Bondye m nan, mwen pale an lang plis ke nou tout.

Sepandan, nan legliz la mwen pito pale senk mo avèk entèlijans mwen, pou m kapab enstwi lòt yo osi, olye di-mil mo an lang.

Frè m yo 15pa fè tankou timoun nan jan nou reflechi. Nan sa ki mal la 16rete inosan tankou tibebe, men nan jan nou panse, reflechi tankou granmoun.

Nan Lalwa a, li ekri: 17“Pa lèzòm ak lang etranje yo, e pa bouch etranje yo mwen va pale a pèp sila a, e malgre sa, yo p ap koute Mwen,” di Senyè a.

Kidonk, lang yo se pou yon sign, pa pou sila ki kwè yo, men pou enkwayan yo; men 18pwofetize se yon sign, pa pou enkwayan yo, men pou sila ki kwè yo.

Donk, si tout legliz la reyini ansanm e yo tout pale an lang, e moun ki san don oubyen enkwayan yo antre, èske yo p ap di ke 19nou fou?

Men si nou tout ap pwofetize, e yon enkwayan oubyen yon moun ki san don antre, l ap vin 20konvenk pa tout bagay. Konsa, li va rele pou vin rann kont de tout bagay. Sekrè a kè li vin devwale, e konsa li va tonbe sou fas li pou adore Bondye e 21deklare ke Bondye an verite pami nou.

Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. 22Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.

Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dwe23entèprete.

Men si pa gen entèprèt, li dwe rete an silans nan legliz la, e kite li pale ak tèt li e ak Bondye.

Kite de oubyen twa 24pwofèt pale, e kite lòt yo 25jije sa.

Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.

Paske nou tout kapab pwofetize youn apre lòt, pou nou tout kapab konprann e nou tout kapab jwenn egzòtasyon.

Konsa, lespri a pwofèt yo se sijè a pwofèt yo.

Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan 26tout legliz a sen yo.

Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men 27kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.

Si yo dezire aprann yon bagay, kite yo mande pwòp mari yo lakay yo; paske se pa pwòp pou yon fanm pale nan legliz la.

Ki sa a? Èske se nan nou menm pawòl Bondye a te sòti premyèman? Oubyen èske li vini a nou menm sèlman? 28

Si yon moun panse ke li se yon pwofèt, oswa plen lespri, kite li rekonèt ke bagay ke mwen ekri a nou menm yo se kòmandman a Senyè a.

Men si yon moun pa rekonèt sa, li menm, osi li p ap rekonèt.

Konsa, frè m yo 29Se pou nou gen yon dezi sensè pou 30pwofetize, e pa anpeche moun pale an lang.

Men 31tout bagay dwe fèt byen pwòp ak nan lòd.

Source notes (31)
  1. Cross-reference I Kor 16:14
  2. Cross-reference I Kor 12:31
  3. Cross-reference I Kor 12:10,28,30
  4. Cross-reference I Kor 13:2
  5. Cross-reference Wo 14:19
  6. Cross-reference Wo 14:19
  7. Cross-reference Nonb 11:29
  8. Cross-reference I Kor 14:26
  9. Cross-reference Nonb 10:9
  10. Cross-reference I Kor 9:26
  11. Cross-reference Wo 14:9
  12. Cross-reference Ef 5:19
  13. Cross-reference Det 27:15-26
  14. Cross-reference Wo 14:19
  15. Cross-reference Ef 4:14
  16. Cross-reference Mat 18:3
  17. Cross-reference És 28:1
  18. Cross-reference I Kor 14:1
  19. Cross-reference Trav 2:13
  20. Cross-reference Jn 16:8
  21. Cross-reference És 45:14
  22. Cross-reference Wo 14:19
  23. Cross-reference I Kor 12:10
  24. Cross-reference I Kor 14:32,37
  25. Cross-reference I Kor 12:10
  26. Cross-reference I Kor 4:17
  27. Cross-reference I Tim 2:11
  28. Cross-reference II Kor 10:7
  29. Cross-reference I Kor 12:31
  30. Cross-reference I Kor 14:1
  31. Cross-reference I Kor 14:33

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.