Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 13

Si mwen pale avèk 1lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon 2senbal k ap sone. Si m gen don pwofesi, e konnen tout 3mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. Si mwen 4bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen 5livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

Lanmou 6pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè 7pa teni kont de mal li resevwa. Li pa rejwi nan lenjistis, men 8rejwi nan verite a. Li 9sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

Lanmou pa janm disparèt. Si gen don 10pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don 11lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile. Paske nou 12konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè 13fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se 14lanmou.

Source notes (14)
  1. Cross-reference I Kor 12:10
  2. Cross-reference Sòm 150:5
  3. Cross-reference I Kor 12:10,28,30; I Kor 13:2
  4. Cross-reference Mat 6:2
  5. Cross-reference Dan 3:28
  6. Cross-reference Pwov 10:12
  7. Cross-reference II Kor 5:19
  8. Cross-reference II Jn 4
  9. Cross-reference I Kor 9:12
  10. Cross-reference I Kor 13:2
  11. Cross-reference I Kor 13:1
  12. Cross-reference I Kor 8:2
  13. Cross-reference Jen 32:30
  14. Cross-reference Gal 5:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.