Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Korentyen Yo 12

Alò, konsènan 1don Lespri Sen yo, frè m yo, mwen pa vle nou enkonsyan de yo. 2Nou konnen ke lè nou te payen, nou te 3mennen egare kote zidòl ki pa t kapab pale yo, nenpòt jan yo ta ka mennen nou. Konsa, mwen fè nou konnen ke pa gen pèsòn k ap pale pa Lespri Bondye a ki di: “Jésus madichonnen”. Ni pèsòn p ap ka di: “Jésus se Senyè a”, eksepte 4 pa Lespri Sen an.

Alò, gen 5plizyè kalitie don, men se menm Lespri a. Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a. Gen plizyè kalite fonksyon, men menm 6Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. Men chak kwayan resevwa 7don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. Paske a yon moun pawòl 8sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. A yon lòt 9lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt 10don gerizon pa Lespri a, epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt 11kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li 12distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.

Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò 13konsa tou Kris la ye. Paske 14pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou 15bwè nan yon sèl Lespri.

Paske 16kò a se pa yon sèl manm, men anpil manm. Si pye a ta di: “Akoz ke mwen se pa yon men, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa sa ki ta fè l okenn mwens yon pati nan kò a. Epi si zòrèy la di: “Mwen pa yon zye, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa pou rezon sa a li pa omwen yon pati nan kò a. Si tout kò a te yon zye, kote zòrèy la t ap ye? Si tout kò a te sèl zòrèy, kote nen pou santi t ap ye? Men koulye a Bondye byen 17plase manm yo, yo chak nan kò a 18jis jan Li te vle a. Si yo tout te yon sèl manm, kote kò a t ap ye? Men koulye a 19gen anpil manm, men yon sèl kò. Konsa, zye a pa kapab di a men an: “Mwen pa bezwen ou” ni ankò, tèt la a pye yo: “Mwen pa bezwen nou.” Okontrè, li pi vre ke manm kò ki sanble pi fèb yo nesesè. Epi manm nan kò yo ke nou estime mwens onorab yo, sou yo nou bay plis onè, e manm ki mwens prezantab nou yo, vin pi prezantab, pandan ke manm pi prezantab nou yo pa bezwen sa. Men Bondye byen ranje kò a pou bay plis onè a manm ki manke onè yo, jis pou pa vin gen divizyon nan kò a, men pou manm yo kapab gen menm sousi pou youn lòt. Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.

Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn 20manm de li. Konsa, Bondye te 21chwazi nan legliz la, premyèman 22apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo. Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non! Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non! Men 23swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.

Source notes (23)
  1. Cross-reference I Kor 12:4
  2. Cross-reference I Kor 6:11
  3. Cross-reference I Tes 1:9
  4. Cross-reference Mat 22:43
  5. Cross-reference Wo 12:6
  6. Cross-reference I Kor 15:28
  7. Cross-reference I Kor 12:12-30
  8. Cross-reference I Kor 2:6
  9. Cross-reference I Kor 13:2
  10. Cross-reference I Kor 12:28,30
  11. Cross-reference I Kor 14:29
  12. Cross-reference I Kor 12:4
  13. Cross-reference I Kor 12:27
  14. Cross-reference Ef 2:18
  15. Cross-reference Jn 7:37-39
  16. Cross-reference I Kor 12:20
  17. Cross-reference I Kor 12:28
  18. Cross-reference Wo 12:6
  19. Cross-reference I Kor 12:12
  20. Cross-reference Wo 12:5
  21. Cross-reference I Kor 12:18
  22. Cross-reference Ef 4:11
  23. Cross-reference I Kor 14:1,39

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.