Bib Sen An
II Korentyen Yo 1
Paul, yon apot Kris Jésus 1pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, 2a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo: 3Lagras avèk nou ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri. 4
Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; ki 5rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. Paske menm jan 6ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la. Men si nou aflije, se 7pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou. Konsa, espwa nou pou ou tout fonde byen fèm paske nou konnen 8menm jan ke ou pataje soufrans nou yo avèk nou, ou menm tou ap pataje rekonfò nou yo.
Paske nou pa vle nou inyoran, frè m yo, de 9afliksyon ki te vini sou nou an Asie yo, ke nou te peze anpil anpil, menm depase fòs nou, pou nou te kab menm vin dezespere de lavi nou. Vrèman, nou te gen yon kondanasyon lanmò anndan nou, pou nou pa mete konfyans nan tèt nou, men nan Bondye ki fè mò yo leve a, ki te delivre nou soti de yon si gran danje lanmò, e Li va delivre nou. Se 10sou Li menm nou te mete tout espwa nou an. Epi Li va toujou delivre nou; nou osi ki jwenn avèk nou menm nan lapriyè, pou remèsiman kapab bay pa 11anpil moun pou nou, pou gras ke nou resevwa atravè priyè anpil moun.
Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj 12konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm. Paske nou pa ekri okenn lòt bagay bannou, sof ke sa nou kapab li ak konprann, e m espere ke nou va konprann 13jiska lafen. Menm jan ou te osi konprann nou nan yon pati a, ke ou se rezon fyète nou nan 14jou a Senyè nou an Jésus, menm jan tou ke ou se rezon fyète pa nou an.
Epi premyèman, se te nan konfyans sila ke m te gen entansyon pou vin kote nou an, pou nou ta kapab resevwa yon 15benediksyon doub. Sa vle di, pou 16pase kote nou nan antre Macédoine, e osi nan soti Macédoine pou m vin kote nou, pou nou ta kapab ede m nan vwayaj mwen pou rive Judée. Konsa, èske m te varye lè m te fè nou konnen entansyon sa a? Oswa sa ke m te propoze a, èske m te propoze li 17selon lachè? Konsa, li ta sanble wi e non ansanm k ap di nan menm lè a? Men jan 18Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm. Paske 19Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm. Paske malgre fòs kantite 20pwomès Bondye yo konn bay, nan Li menm, pwomès yo se “wi”; konsa tou, pa Li menm tou, nou di “Amèn” pou laglwa Bondye atravè nou menm.
Koulye a, 21Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris la, epi ki te onksyone nou an, se Bondye. Se Li ki te mete so Li sou nou e te bannou Lespri a nan kè nou kòm yon pwomès.
Men 22mwen rele Bondye kòm temwen nanm mwen, ke se sèl pou m fè nou gras, m pa t vin Corinthe ankò. Se pa ke nou menm 23ta domine fwa pa nou, men se ouvriye nou ye ansanm avèk ou pou lajwa ou. Paske nan lafwa a, ou deja kanpe fèm.
Source notes (23)
- Cross-reference I Kor 1:1
- Cross-reference I Kor 10:32
- Cross-reference Wo 1:7
- Cross-reference Ef 1:3
- Cross-reference És 51:12
- Cross-reference II Kor 4:10
- Cross-reference II Kor 4:15
- Cross-reference Wo 8:17
- Cross-reference Trav 19:23
- Cross-reference I Tim 4:10
- Cross-reference II Kor 4:15
- Cross-reference Trav 23:1
- Cross-reference I Kor 1:8
- Cross-reference I Kor 1:8
- Cross-reference Wo 1:11
- Cross-reference Trav 19:21
- Cross-reference II Kor 10:2
- Cross-reference I Kor 1:9
- Cross-reference Mat 4:3
- Cross-reference Wo 15:8
- Cross-reference Wo 8:16
- Cross-reference Wo 1:9
- Cross-reference II Kor 4:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.