Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Kwonik Yo 23

Alò, 1lè David te vin granmoun, li te fè fis li Salomon, wa sou Israël. Li te ranmase tout chèf Israël yo avèk prèt ak Levit yo. Levit yo te kontwole soti nan trant ane oswa plis e 2fòs non pa yo selon gwo chif kontwòl la, te trann-tuit-mil. Nan sila yo, venn-kat-mil te 3pou sipèvize lèv lakay SENYÈ a, si-mil te 4ofisye avèk jij, kat-mil te gadyen pòtay yo, e 5kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.

David te divize yo an gwoup 6selon fanmi fis a Lévi yo: Guerschon, Kehath, ak Merari.

Nan Gèshonit yo: Laedan avèk Schimeï. Fis a Laedan yo: Jehiel, premye a, Zétham ak Joël, ki fè twa. Fis a Shimei yo: Schelomith, Haziel avèk Haran, ki fè twa. Sila yo se te chèf lakay zansèt a Laedan yo. Fis a Shimei yo: Jahath, Zina, Jeush avèk Berlah. Kat sila yo te fis a Schimeï. Jachath se te premye a e Zina dezyèm nan; men Jeusch avèk Beria pa t fè anpil fis; akoz sa, yo te fòme yon sèl kay zansèt, yon sèl gwoup.

Fis a Kehath yo: Amram, Jitsehar, Hébron avèk Uziel, kat. Fis a Anram yo: Aaron avèk Moïse. Epi 7Aaron te mete apa pou l te kab sanktifye li kote ki pi sen pase tout kote a, li menm avèk fis pa li yo jis pou tout tan, pou brile lansan devan SENYÈ a, pou fè sèvis pa Li, e pou beni nan non Li jis pou tout tan. Men 8Moïse, nonm Bondye a, fis pa li yo te rele pami tribi Lévi a. Fis a Moïse yo: Guerschom avèk Éliézer. Fis a Guerschom yo: Schebuel, chèf la. Fis a Éliézer a te Rechabia, chèf la. Éliézer pa t gen lòt fis, men fis a Rechabia yo te an gran kantite. Fis a Jitsehar a: Schelomith, chèf la. Fis a Hébron yo: Jerija, premye a; Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan; epi Jekameam, katriyèm nan. Fis a Uziel yo: Michée, premye a ak Jischija, dezyèm nan.

Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi. Fis a Machli yo: Éléazar avèk Kis. Éléazar te mouri san fè fis, men fi sèlman; pou sa, frè pa yo, fis a Kis yo te pran yo kon madanm pa yo. Fis a Muschi yo: Machli, Éder avèk Jerémoth, twa. 9

Sila yo se te fis a Lévi selon lakay zansèt pa yo, menm lakay zansèt a sila ki te kontwole nan kantite non nan gwo chif kontwòl la, sila ki t ap fè travay lakay SENYÈ a, soti nan ventan oswa plis. Paske David te di: “SENYÈ a, Bondye Israël la, 10te bay repo a pèp Li a, e Li va abite Jérusalem jis pou tout tan. Anplis, 11Levit yo p ap ankò bezwen pote tabènak avèk tout zouti li yo pou sèvis li.” Paske pa dènye pawòl a David yo, fis a Levi yo te kontwole soti ventan oswa plis. Paske wòl pa yo se pou ede fis a Aaron yo avèk sèvis lakay SENYÈ a, nan gwo lakou yo, nan chanm yo ak nan pirifye tout bagay sen yo, menm travay a sèvis lakay Bondye a, 12epi avèk pen konsakre ak farin fen pou yon ofrann sereyal, galèt san ledven, oswa sa ki kwit nan veso, ni sa ki byen mele ak 13tout mezi a volim oswa gwosè yo. Yo gen pou kanpe chak maten pou bay remèsiman avèk lwanj a SENYÈ a, e menm jan an nan aswè, epi pou ofri tout ofrann brile a SENYÈ a, 14nan Saba yo, nan nouvèl lin yo, avèk 15fèt etabli yo nan kontwòl ki òdone selon òdonans de yo menm, tout tan san rete devan SENYÈ a. Konsa 16yo gen pou kenbe chaj sou asanble tant yo, chaj sou plas sen an e chaj sou fis Aaron yo, fanmi pa yo, pou sèvis lakay SENYÈ a.

Source notes (16)
  1. Cross-reference I Kwo 29:28
  2. Cross-reference Nonb 4:48
  3. Cross-reference Esd 3:8-9
  4. Cross-reference I Kwo 26:29
  5. Cross-reference I Kwo 15:16
  6. Cross-reference I Kwo 6:1
  7. Cross-reference Egz 6:20
  8. Cross-reference Det 33:1
  9. Cross-reference Nonb 10:17-21
  10. Cross-reference I Kwo 22:16
  11. Cross-reference Nonb 4:5-15
  12. Cross-reference Lev 24:5-9
  13. Cross-reference Lev 19:35-36
  14. Cross-reference És 1:13-14
  15. Cross-reference Lev 23:2-4
  16. Cross-reference Nonb 1:53

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.