Bib Sen An
I Kwonik Yo 24
Alò, men divizyon a desandan a Aaron yo: fis a Aaron yo te Nadab, Abihu, Éléazar avèk Ithamar. 1Nadab avèk Abihu te mouri avan papa yo, san yo pa t genyen fis. Pou sa, Éléazar avèk Ithamar te sèvi kon prèt. David, avèk 2Tsadok, fis a Éléazar yo ak Achimélec a desandan a Ithamar yo, te divize yo selon fonksyon yo nan sèvis pa yo. Akoz ke te gen plis chèf nan desandan a Éléazar yo pase nan desandan a Ithamar yo, yo te divize yo konsa: sèz chèf zansèt a desandan a Éléazar yo ak uit nan desandan Ithamar yo, selon lakay zansèt pa yo. 3Konsa yo te divize pa tiraj osò, youn tankou lòt la; paske yo te sèvi kon ofisye nan sanktyè a e ofisye a Bondye, e nan desandan a Éléazar yo ak desandan a Ithamar yo. Schemaeja, fis a Nethaneel la, grefye pou tribi Lévi a, te enskri yo nan prezans a wa a, chèf lakay zansèt yo, Tsadok, prèt la, 4Achimélec, fis a Abiathar a ak chèf a lakay zansèt a prèt avèk Levit yo; youn lakay zansèt ki te pran pou Éléazar yo e youn pou Ithamar yo.
Alò, premye tiraj osò a te tonbe pou Jehojarib; dezyèm nan pou Jedaeja; twazyèm nan a Harim; katriyèm nan a Seorim; senkyèm nan a Malkija; sizyèm nan a Mijamin; setyèm nan a Hakkots; uityèm nan a 5Abija; nevyèm nan a Josué; dizyèm nan a Schecania; onzyèm nan a Éliaschib; douzyèm nan a Jakim; trèzyèm nan a Huppa; katòzyèm nan a Jeschébeab; kenzyèm nan a Bilga; sèzyèm nan a Immer; di-setyèm nan a Hézir; di-zuityèm nan a Happitsets; diz-nevyèm nan a Pethachja; ventyèm nan a Ézéchiel; ven-te-inyèm nan a Jakin; venn-dezyèm nan a Gamul; venn-twazyèm nan a Delaja; venn-katriyèm nan a Maazia. 6Sa yo te pozisyon sèvis yo te fè lè yo te antre lakay SENYÈ a selon règleman ki te bay a yo menm pa Aaron, zansèt pa yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande li a.
Alò, pou lòt fis a Lévi yo: nan fis Amram yo: Schubaël; nan fis a Schubaël yo: Jechdia; a Rechabia: selon fis a Rechabia yo: chèf Jischija. Selon Jitsearit yo: Schelomoth; nan fis a Schelomoth yo: Jachath. Fis a Hébron yo: Jerija, premye a, Amaria, dezyèm nan, Jachaziel, twazyèm nan, Jekameam, katriyèm nan. Selon fis a Uziel yo: Michée; epi fis a Michée yo, Shamir. Frè a Michée a, Jischija; nan fis a Jischija yo: Zacharie. Fis a Merari yo: Machli avèk Muschi; fis a Jaazija yo, Beno. Fis a Merari yo: pa Jaazia, Beno, Schoham, Zaccur ak Ibri. Pa Mahli: Éléazar ki pa t gen fis. Pa Kis: nan fis a Kis yo, Jerachmeel. Fis a Muschi yo: Machli, Éder ak Jerimoth. 7Sila yo osi te voye kon tiraj osò tankou manm fanmi pa yo, fis a Aaron yo nan prezans a David, wa a, Tsadok avèk Achimélec, chèf lakay zansèt pa yo pami prèt ak Levit yo, chèf lakay papa pa yo jis jan sa ye pou nan pi piti frè li yo.
Source notes (7)
- Cross-reference Lev 10:2
- Cross-reference I Kwo 6:8
- Cross-reference I Kwo 24:31
- Cross-reference I Kwo 18:16
- Cross-reference Né 12:4
- Cross-reference I Kwo 9:25
- Cross-reference I Kwo 24:5-6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.