Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Kwonik Yo 22

Konsa David te di: 1“Sa se lakay SENYÈ a, Bondye a, e sa se lotèl ofrann brile pou Israël la.”

Pou sa, David te bay lòd pou ranmase tout etranje ki te nan peyi Israël yo. Konsa, 2li te mete taye wòch nan travay pou koupe wòch pou bati kay Bondye a. David te 3prepare yon gran kantite fè pou fè klou pou pòt pòtay yo ak pou kranpon yo e plis bwonz ki ta kab peze yo. Epi twòn bwa sèd yo te depase kontwòl, paske 4Sidonyen yo avèk Tyriens yo te mennen gran kantite a twòn bwa sèd yo kote David. David te di: “Fis mwen, 5Salomon jèn, epi manke eksperyans. Epi kay k ap bati pou SENYÈ a va tèlman ekstrawòdinè, byen koni toupatou, e k ap renome pou glwa li nan tout peyi yo. Se pou sa ke mwen va fè preparasyon pou li.” Konsa, David te fè anpil preparasyon avan l te mouri. Alò, 6li te rele fis li a, Salomon e te òdone li pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye Israël la. David te di a Salomon: 7“Fis mwen, mwen te gen entansyon pou bati yon kay a non SENYÈ a, Bondye mwen an. Men pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 8Ou gen tan vèse anpil san, e te fè gwo lagè sou latè. Ou p ap bati yon kay pou non mwen, akoz ou te vèse anpil san sou latè devan zye m. Men gade byen, yon fis ki va ne a ou menm va yon moun lapè. Konsa, 9Mwen va bay li repo soti nan tout lènmi li yo nan tout kote. Paske non li va Salomon e mwen va bay lapè avèk kalm an Israël nan jou pa li yo. 10Li va bati yon kay pou non Mwen. Li va fis Mwen e Mwen va papa li. Konsa, mwen va etabli twòn wayòm li sou Israël jis pou tout tan. Koulye a, fis mwen an, ke 11SENYÈ a kapab avèk ou, pou ou kapab byen reyisi, e bati lakay SENYÈ a, Bondye pa w la, jis jan ke li te pale selon ou menm nan. 12Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a. 13Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. 14Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen. Alò, gade byen, avèk gwo lapèn mwen te prepare pou lakay SENYÈ a, san-mil talan lò, yon-milyon talan ajan e bwonz avèk fè ki depase peze, akoz yo tèlman anpil. Anplis, gran twòn bwa avèk wòch ke m te prepare, e ou gen dwa mete sou yo toujou. Anplis, gen anpil ouvriye ki avèk ou, tayè wòch, avèk mason ak chapant e tout mesye ak kapasite nan tout kalite mendèv. Selon lò, ajan ak bwonz avèk fè, nanpwen limit. Leve, fè travay ou e 15ke SENYÈ a kapab avèk ou.”

Anplis, 16David te kòmande tout chèf Israël yo pou ede fis li a, Salomon. Li te di: “Èske SENYÈ a, Bondye nou an, pa avèk nou? Konsa, 17èske Li pa t bannou repo sou tout kote? Paske Li te livre sila ki viv nan peyi yo nan men m, e peyi a soumèt nèt devan SENYÈ a ak devan pèp Li a. Alò, 18bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”

Source notes (18)
  1. Cross-reference I Kwo 21:18-28
  2. Cross-reference I Wa 5:17-18
  3. Cross-reference I Kwo 29:2-7
  4. Cross-reference I Wa 5:6-10
  5. Cross-reference I Wa 3:7
  6. Cross-reference I Wa 2:1
  7. Cross-reference II Sam 7:2-3
  8. Cross-reference I Kwo 28:3
  9. Cross-reference I Wa 4:20-25
  10. Cross-reference II Sam 7:13-14
  11. Cross-reference I Kwo 22:16
  12. Cross-reference I Wa 3:9-12
  13. Cross-reference I Kwo 28:7
  14. Cross-reference Jos 6:9
  15. Cross-reference I Kwo 22:11
  16. Cross-reference I Kwo 28:1-6
  17. Cross-reference I Kwo 22:9
  18. Cross-reference I Kwo 28:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.