Bib Sen An
Sòm Yo 132
Yon chan pou monte vè tanp lan.
Sonje, SENYÈ, pou koz David, ak 1tout soufrans li an,
jan li te sèmante a SENYÈ a,
e te fè ve a Toupwisan a Jacob la:
Anverite, mwen p ap antre 2lakay mwen,
ni kouche sou kabann mwen;
mwen p ap 3kite zye m dòmi,
ni pòpyè zye m fèmen,
jiskaske m jwenn yon 4kote pou SENYÈ a,
yon abitasyon pou Toupwisan a Jacob la.
Men koute, nou te tande koze sa a nan 5Éphrata,
nou te twouve l nan plèn Jaar a.
Annou antre nan abitasyon Li a.
Annou fè adorasyon kote machpye twòn Li an ye a.
Leve, O SENYÈ, vini nan plas repo Ou a,
Ou menm avèk lach fòs Ou.
Kite prèt Ou yo 6abiye nan ladwati, e
kite fidèl Ou yo chante ak lajwa.
Pou koz David, sèvitè Ou a, pa vire fas kont 7onksyone Ou a.
SENYÈ a te sèmante a David anverite.
Sou sila Li p ap fè bak:
“Nan fwi a kò Ou, mwen va etabli sou twòn Ou.
Si fis ou yo kenbe akò Mwen ak
temwayaj ke Mwen va enstwi yo,
fis pa yo tou va 8chita sou twòn Ou an jis pou tout tan.”
Paske SENYÈ a te 9 chwazi Sion.
Li te vle l pou abitasyon Li.
“Sa se 10plas repo Mwen, jis pou tout tan.
Isit la Mwen va rete, paske Mwen te vle sa.
Mwen va beni pwovizyon li ak abondans.
Mwen va satisfè malere li yo ak pen.
Anplis, Mwen va abiye 11prèt li yo ak Sali,
e fidèl li yo va chante byen fò ak lajwa.
La Mwen va koze kòn a David la boujonnen pou l parèt.
Mwen te prepare yon 12lanp pou onksyone pa M nan.
Lènmi li yo, Mwen va abiye yo ak wont.
Men sou li menm, 13kouwòn li an va briye.”
Source notes (13)
- Cross-reference Jen 49:24
- Cross-reference Job 21:28
- Cross-reference Pwov 6:4
- Cross-reference I Wa 8:17
- Cross-reference Jen 35:19
- Cross-reference Jen 35:19
- Cross-reference Sòm 2:2
- Cross-reference Luc 1:32
- Cross-reference Sòm 48:1-2
- Cross-reference Sòm 132:8
- Cross-reference II Kwo 6:41
- Cross-reference I Wa 11:36
- Cross-reference Sòm 21:3
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.