Bib Sen An
Sòm Yo 131
Yon chan pou monte vè tanp lan.
O SENYÈ, kè m pa ògeye, ni zye m pa 1gen awogans.
Ni m pa fouye kò m nan gwo zafè,
ni nan sa ki twò wo pou mwen.
Anverite, mwen te fin ranje e kalme nanm mwen.
Menm jan ke yon 2pitit poze sou manman l,
anndan m, nanm mwen tankou yon pitit ki sevre.
O Israël, 3mete espwa nan SENYÈ a
depi koulye a e jis rive pou tout tan.
Source notes (3)
- Cross-reference Pwov 30:13
- Cross-reference Mat 18:3
- Cross-reference Sòm 130:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.