Bib Sen An
Sòm Yo 116
Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,
avèk siplikasyon mwen yo.
Akoz Li te 1panche zòrèy Li bò kote m,
pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
Kòd lanmò yo te antoure m,
e laperèz fòs lanmò te vini sou mwen.
Mwen te jwenn twoub ak gwo tristès.
Alò, mwen te rele non SENYÈ a.
O SENYÈ, mwen sipliye Ou, 2sove lavi mwen!
Ranpli ak gras ak ladwati, se SENYÈ a.
Wi, Bondye nou an plen ak 3mizerikòd.
SENYÈ a toujou pwoteje 4 moun senp yo.
Mwen te abese mwen nèt e Li te sove mwen.
Reprann 5repo ou, O nanm mwen, paske
Bondye te aji nan bonte Li avèk ou.
Paske Ou te 6delivre nanm mwen devan lanmò,
zye m pou m pa kriye, pye m pou m pa glise tonbe.
Mwen va mache devan SENYÈ a nan 7
peyi moun vivan an.
Mwen 8te kwè, pou sa mwen te di: “Mwen te vrèman aflije.”
Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo: 9
“Tout moun se mantè”.
Kisa mwen kapab 10bay a SENYÈ a
Pou tout bonte Li anvè mwen?
Mwen va leve wo 11koup sali a,
e rele non SENYÈ a.
Mwen va 12peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a.
Wi, nan prezans tout pèp Li a! 13
Byen chè nan zye SENYÈ a, se lanmò a fidèl Li yo.
O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou.
Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an.
Ou fin 14lache kòd mwen yo.
A Ou menm, mwen va ofri yon 15sakrifis remèsiman,
e va rele sou non SENYÈ a.
Mwen va 16peye ve mwen yo a SENYÈ a.
Wi, kite l fèt nan prezans a tout pèp Li a!
Nan 17lakou lakay SENYÈ a, nan mitan nou menm,
O Jérusalem, Louwe SENYÈ a!
Source notes (17)
- Cross-reference Sòm 17:6
- Cross-reference Sòm 17:13
- Cross-reference Egz 34:6
- Cross-reference Sòm 19:7
- Cross-reference Jr 6:16
- Cross-reference Sòm 49:15
- Cross-reference Sòm 27:13
- Cross-reference II Kor 4:13
- Cross-reference Sòm 62:9
- Cross-reference II Kwo 32:25
- Cross-reference Sòm 16:5
- Cross-reference Sòm 50:14
- Cross-reference Sòm 72:14
- Cross-reference Sòm 107:14
- Cross-reference Lev 7:12
- Cross-reference Sòm 116:14
- Cross-reference Sòm 92:13
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.