Bib Sen An
Sòm Yo 115
Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou,
men 1pou Non Ou glwa bay,
akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
Poukisa nasyon yo ta di: 2
“Kote Bondye yo a ye koulye a?”
Men 3Bondye nou an nan syèl yo.
Li fè sa Li pito.
Zidòl yo se ajan ak lò, 4zèv men a lòm.
Yo gen bouch, men yo 5pa kab pale.
Yo gen zye, men yo pa kab wè.
Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.
Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.
Yo gen men, men yo pa kab manyen.
Yo gen pye, men yo pa kab mache.
Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo. 6
Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.
Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.
O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a!
Se Li menm ki 7sekou ak boukliye yo.
O lakay 8Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a;
Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
Nou menm ki 9gen lakrent SENYÈ a,
mete konfyans nou nan SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
SENYÈ a 10te toujou sonje nou.
Li va beni nou.
Li va beni lakay Israël la.
Li va beni lakay Aaron an.
Li va beni sila ki krent SENYÈ yo, 11
piti kon gran.
Ke SENYÈ a kab 12fè nou grandi plis,
nou menm ak pitit nou yo.
Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a, 13
Kreyatè syèl la ak tè a.
Syèl yo se 14Syèl SENYÈ a,
Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo. 15
Mò yo pa louwe SENYÈ a,
ni sila ki desann antre nan silans yo.
Men nou va beni SENYÈ a,
soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan.
Louwe SENYÈ a!
Source notes (15)
- Cross-reference Sòm 29:2
- Cross-reference Sòm 42:3-10
- Cross-reference Sòm 103:19
- Cross-reference Det 4:28
- Cross-reference Jr 10:5
- Cross-reference Sòm 135:18
- Cross-reference Sòm 33:20
- Cross-reference Sòm 118:3
- Cross-reference Sòm 22:23
- Cross-reference Sòm 98:3
- Cross-reference Rev 11:18
- Cross-reference Det 1:11
- Cross-reference Jen 1:1
- Cross-reference Sòm 89:11
- Cross-reference Sòm 6:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.