Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Nonb 27

Alò 1fis Tselophchad yo, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, nan fanmi a Manassé, fis a Joseph la, te vin rapwoche; epi sila yo se non a fi li yo: Machia, Noe, Hogla, Milca, ak Thirtsa, Yo te kanpe devan Moïse ak Éléazar, prèt la, ak devan chèf a tout kongregasyon yo, nan pòtay a tant asanble a, e te di: “Papa nou te 2mouri nan dezè a. Malgre sa, li pa t pami konpanyen a sila ki te rasanble yo menm kont SENYÈ a nan konpanyen a Koré yo, men li te mouri nan pwòp peche pa li. E li pa t gen fis. Poukisa non a papa nou ta dwe retire soti nan fanmi li akoz ke li pa t gen fis? Bannou yon posesyon pami frè a papa nou yo.” 3

Alò, Moïse te mennen ka yo devan SENYÈ a. SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 4“Fi a Tselophchad yo gen rezon nan sa yo di a. Ou va, vrèman, ba yo yon posesyon eritaj pami frè a papa yo, e ou va transfere eritaj a papa yo a ba yo menm.

“Anplis, ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon nonm mouri e li pa t gen fis, ou va transfere eritaj li a bay fi li. Si li pa gen fi, alò, ou va bay eritaj li a a frè li yo. Si li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a frè papa li yo. Si papa li pa gen frè, alò, ou va bay eritaj li a a fanmi ki pi prè nan pwòp fanmi li. Li va posede li. Konsa, sa va yon 5règleman nèt pou fis Israël yo jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.’”

Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Monte nan 6mòn Abarim nan, pou wè peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo. Lè ou fin wè li, ou va vin rasanble vè zansèt ou yo, 7jan sa te rive avèk frè ou a, Aaron. Paske, nan dezè Tsin nan, pandan asanble a t ap fè kont, 8ou te fè rebèl kont lòd Mwen pou trete Mwen tankou sen devan zye yo kote dlo a.” (Sila yo se dlo a Meriba yo nan Kadés nan dezè a Tsin nan.)

“Alò, Moïse te pale avèk SENYÈ a. Li te di: 9Ke SENYÈ a, Bondye a lespri tout chè yo, ta chwazi yon mesye sou kongregasyon an, 10ki va sòti e antre devan yo, ki va mennen yo deyò, e rale yo antre, pou kongregasyon SENYÈ a pa devni tankou yon mouton ki san bèje.”

Konsa SENYÈ a te di a Moïse: “Pran Josué, fis a Nun nan, yon nonm 11nan sila Lespri a rete a, e poze men ou sou li. Konsa, fè li kanpe devan Éléazar, prèt la, ak devan tout kongregasyon an, e 12ba li lòd komisyon an devan zye yo. Ou va mete otorite pa w sou li, pou tout kongregasyon a fis Israël yo kapab obeyi a li menm. Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon 13jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.”

Moïse te fè jis sa ke SENYÈ a te kòmande li. Li te pran Josué e te mete li devan Éléazar, prèt la, avèk tout kongregasyon an. Konsa, li te poze men li sou li e te bay 14li lòd komisyon an, jis jan ke SENYÈ a te pale pa Moïse la.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Nonb 26:33
  2. Cross-reference Nonb 26:64-65
  3. Cross-reference Nonb 9:8
  4. Cross-reference Nonb 36:2
  5. Cross-reference Nonb 35:29
  6. Cross-reference Nonb 33:47-48
  7. Cross-reference Nonb 20:24-28
  8. Cross-reference Det 32:51
  9. Cross-reference Nonb 16:22
  10. Cross-reference Det 31:2
  11. Cross-reference Nonb 11:25-29
  12. Cross-reference Det 3:28
  13. Cross-reference Egz 28:30
  14. Cross-reference Det 31:23

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.