Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Nonb 20

Konsa, fis Israël yo, tout kongregasyon an, te vini nan 1dezè a Tsin nan, nan premye mwa a. Pèp la te rete Kadès. Alò, Marie te mouri e li te antere la. 2

Pa t gen dlo pou kongregasyon an, 3e yo te vin reyini yo menm kont Moïse avèk Aaron. Konsa, pèp la te fè kont avèk Moïse e te pale pou di: 4“Si sèlman nou te mouri 5lè frè nou yo te mouri devan SENYÈ a! 6Epi poukisa ou te mennen asanble SENYÈ a antre nan dezè sila a, pou nou menm avèk bèt nou yo vin mouri isit la? Poukisa ou te fè nou sòti an Égypte pou mennen nou kote mechan sila a? Se pa yon kote ki gen, ni fig, ni grenad, ni pa gen dlo pou bwè.”

Moïse avèk Aaron te sòti nan prezans asanble a nan pòtay tant asanble a, e yo te 7tonbe sou figi yo. Alò, glwa a SENYÈ a te vin parèt a yo menm. Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: “Pran 8baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”

Konsa, Moïse te pran baton an 9soti devan SENYÈ a, jis jan ke Li te kòmande li a. Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: 10“Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?” Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. 11Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.

Men SENYÈ a te di a Moïse avèk Aaron: 12“Akoz ke nou pa kwè M, pou trete m tankou sen devan fis Israël yo; pou sa, nou p ap mennen asanble sila a antre nan peyi ke M te bay yo a.”

Sa yo se te dlo a Meriba yo, akoz fis a Israël yo te fè kont avèk SENYÈ a, e Li te fè prèv sentete Li pami yo.

Soti nan Kadès, Moïse te voye mesaj vè 13wa Édom an: “Konsa frè ou a, Israël te pale: ‘Ou 14konnen tout traka ki gen tan pran nou; ke zansèt nou yo te desann an Égypte, e ke nou te rete an Égypte pandan anpil tan, e ke Ejipsyen yo te maltrete nou anpil. Men 15lè nou te kriye fò bay SENYÈ a, Li te tande vwa nou. Li te voye yon zanj pou te mennen nou sòti an Égypte. Alò, gade byen, nou rive Kadès, yon vil nan fwontyè tèritwa pa nou an. “Souple, 16kite nou pase nan peyi pa nou an. Nou p ap pase nan chan yo oswa nan rezen yo. Nou p ap menm bwè dlo nan yon pwi. Nou va ale bò kote chemen wa a, san vire ni adwat, ni agoch jiskaske nou fin pase nan tout tèritwa nou an.” 17

“‘Men Édom te di li: “Ou p ap pase sou nou; sinon, mwen ap vini kont nou avèk nepe.”’”

“Ankò, fis Israël yo te di li: ‘Nou va monte vè chemen an, e si Mwen avèk 18bèt mwen yo bwè nan dlo nou an; 19alò, m ap peye pri li. Kite mwen sèlman pase ladann a pye, anyen anplis.’” Men li te di: 20“Ou p ap pase ladann.” Epi Édom te sòti kont li avèk yon gwo fòs ak yon men pwisan. 21Konsa, Édom te refize kite Israël pase nan tèritwa pa li a. 22Pou sa Israël te vire kite li.

Alò, yo te sòti 23Kadès, epi fis Israël yo ak tout kongregasyon an te vini nan Mòn Hor.

SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron nan 24Mòn Hor akote fwontyè Édom an. Li te di: “Aaron va rasanble vè pèp li a; paske li pa pou antre nan peyi ke Mwen te bay a fis Israël yo, akoz nou te 25vin rebèl kont kòmand Mwen nan dlo a Meriba yo. Pran Aaron avèk fis li a, 26Éléazar e mennen yo nan Mòn Hor. Retire tout vètman yo sou Aaron e 27mete yo sou fis li a, Éléazar. Konsa, Aaron va rasanble vè pèp li a, e li va mouri la.”

Konsa Moïse te fè selon SENYÈ a te kòmande a. Yo te monte vè Mòn Hor devan zye a tout kongregasyon an. Lè Moïse te fin retire vètman yo sou Aaron, li te 28mete yo sou Éléazar. Aaron te mouri la sou tèt mòn nan. Lè tout kongregasyon an te wè ke Aaron te mouri, tout lakay Israël te kriye pou Aaron pandan trant29jou.

Source notes (29)
  1. Cross-reference Nonb 13:21
  2. Cross-reference Egz 17:1
  3. Cross-reference Nonb 16:19-42
  4. Cross-reference Nonb 14:2-3
  5. Cross-reference Nonb 16:31-35
  6. Cross-reference Egz 17:3
  7. Cross-reference Nonb 14:5
  8. Cross-reference Egz 4:17-20
  9. Cross-reference Nonb 17:10
  10. Cross-reference Sòm 106:33
  11. Cross-reference Sòm 78:16
  12. Cross-reference Nonb 20:24
  13. Cross-reference Jen 36:31-39
  14. Cross-reference Jos 9:9-24
  15. Cross-reference Egz 2:23
  16. Cross-reference Nonb 21:22
  17. Cross-reference Nonb 24:18
  18. Cross-reference Egz 12:38
  19. Cross-reference Det 2:6-28
  20. Cross-reference Jij 11:17
  21. Cross-reference Jij 11:17
  22. Cross-reference Det 2:8
  23. Cross-reference Nonb 20:1-14
  24. Cross-reference Nonb 33:37
  25. Cross-reference Nonb 20:5-10
  26. Cross-reference Nonb 3:4
  27. Cross-reference Nonb 20:24
  28. Cross-reference Egz 29:29
  29. Cross-reference Jen 50:3-10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.