Bib Sen An
Nonb 19
Senyè a te pale ak Moïse avèk Aaron e te di: “Sa se règleman lalwa ke SENYÈ a te kòmande a. Li te di: ‘Pale a fis Israël yo pou yo pote ba ou yon gazèl wouj, 1 san defo, sou sila yon jouk pa t janm vin poze. Nou va bay li a Éléazar, prèt la, li 2va pote li deyò kan an, e touye li nan prezans li. Apre, Éléazar, prèt la, va pran kèk nan san li avèk dwèt li, e 3flite kèk nan san li an pa devan tant asanble a sèt fwa. Alò, gazèl la va brile devan zye li; po li, chè li avèk san li, avèk poupou li, va brile. Prèt la va pran bwa 4sèd avèk izòp ak twal wouj, e li va jete li nan mitan gazèl k ap brile a. Epi prèt la va lave vètman li yo, benyen kò li nan dlo, e apre, li va antre nan kan an. Sila ki brile li a, va osi lave kò li nan dlo, apre li va vini nan kan an, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.
“‘Alò, yon nonm ki pwòp, va ranmase sann gazèl la pou depoze yo deyò kan an nan yon kote ki pwòp. Epi fis Israël yo va konsève li pou sèvi nan 5dlo pirifikasyon. Li se yon ofrann pou peche. Sila ki ranmase sann gazèl la 6va lave rad li, e li va rete pa pwòp pou jis rive nan aswè. Li va yon règleman ki pou tout tan pou fis Israël yo ak pou etranje ki rete pami yo a. 7
“‘Sila ki touche kadav a nenpòt moun, va pa pwòp pandan sèt jou. Li dwe 8pirifye tèt li avèk dlo nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Apre, li va pwòp. Men si li pa pirifye tèt li nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a, li p ap vin pwòp. 9Nenpòt moun ki touche yon mò, kò a yon moun mouri, e li pa pirifye tèt li, li degrade tabènak a SENYÈ a; epi moun sa va koupe retire de Israël a. Akoz dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, li va vin pa pwòp. Pa pwòp li a rete sou li.
“‘Sa se lalwa lè yon nonm mouri nan yon tant: tout moun ki antre nan tant lan ak tout moun ki deja nan tant lan, vin pa pwòp pandan sèt jou. Tout veso ki louvri, ki pa gen kouvèti mare sou li, pa pwòp. 10
“‘Osi, nenpòt moun ki nan chan louvri, e ki touche yon moun ki te touye pa nepe, oswa ki te mouri nenpòt jan, swa yon zo Kretyen oswa yon tonm, li va vin pa pwòp pandan sèt jou.
“‘Alò, pou sila ki pa pwòp yo, yo va pran kèk nan sann 11pirifikasyon peche ki te brile a, e dlo k ap koule va mele avèk yo nan yon veso. Yon moun pwòp va pran izòp e fonse li nan dlo a, flite li sou tant lan ak sou tout zafè li yo, ak sou tout moun ki te ladann yo, tout sila ki te touche zo a, oswa sa ki te touye a, oswa sa ki te mouri yon lòt jan an, oswa yon tonm. Alò, moun pwòp la 12va flite sou sila ki pa pwòp la nan twazyèm jou a ak nan setyèm jou a. Nan setyèm jou a, li dwe pirifye tèt li. Li va lave rad li, benyen nan dlo e li va pwòp nan aswè. Men sila ki pa pwòp la, ki pa pirifye tèt li a, li va koupe retire nan mitan asanble a, akoz li te 13degrade sanktyè SENYÈ a. Dlo pirifikasyon an pa t flite sou li, e li pa pwòp.
“‘Se konsa sa va yon règleman pou tout tan pou yo. Sila 14ki flite dlo pirifikasyon an, va osi lave rad li, e sila ki touche dlo pirifikasyon an va rete pa pwòp jis rive nan aswè. 15Anplis, nenpòt bagay ke moun pa pwòp la touche, va vin pa pwòp. Moun ki touche li a, va vin pa pwòp jis rive nan aswè.’”
Source notes (15)
- Cross-reference Lev 22:20-25
- Cross-reference Lev 4:11-21
- Cross-reference Lev 4:6-17
- Cross-reference Lev 14:4
- Cross-reference Nonb 8:7
- Cross-reference Nonb 19:7
- Cross-reference Lev 21:1-11
- Cross-reference Nonb 19:19
- Cross-reference Lev 7:21
- Cross-reference Nonb 31:19
- Cross-reference Nonb 19:9
- Cross-reference Egz 36:25
- Cross-reference Nonb 19:13
- Cross-reference Nonb 19:7
- Cross-reference Lev 5:2-3
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.