Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 22

Ankò Jésus te reponn yo e pale ak yo an parabòl. Li te di: 1“Wayòm syèl la tankou yon wa ki fè yon fèt maryaj pou fis li. Li te 2voye esklav li yo deyò pou rele sila yo ki te envite nan fèt maryaj la, men yo pa t dakò vini.

“Ankò li 3voye lòt esklav pou di: “Gade, mwen prepare anpil manje. Bèf avèk anpil lòt bèt gra gen tan fin kòche. Tout bagay prè. Vini nan fèt maryaj la.

“Men yo pa t okipe li. Yo fè wout yo. Youn ale nan chan li, yon lòt pou okipe afè l. Konsa, rès yo te sezi esklav li yo, e te maltrete e touye yo. Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.

“Apre, li te di a esklav li yo: ‘Maryaj la prepare, men sila ki te envite yo pa dign. Pou sa, ale nan 4gran wout yo, epi tout sila nou twouve la yo, envite yo nan fèt maryaj la.’

“Konsa, esklav sila yo te ale deyò nan lari yo pou te ranmase tout sa yo te twouve, ni mechan, ni bon, epi chan maryaj la te ranpli avèk moun envite yo.

“Men lè wa a te vini pou wè sila ki te vini yo, li twouve 5yon nonm ki pa abiye avèk vètman maryaj la. Li te di li: 6 ‘Zanmi m, kijan ou fè antre isit la san vètman maryaj la?’ Moun nan pa t kab menm pale.

“Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan 7fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan. Paske gen anpil moun k ap 8resevwa apèl la, men pa anpil moun kap chwazi.” 9

Konsa, Farizyen yo te ale pran konsèy ansanm pou twouve kijan yo ta kab kenbe L nan pèlen pawòl ke Li te pale yo. Yo te voye disip pa yo ansanm avèk 10Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn. Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye 11taks a 12César? Wi oubyen non?”

Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye! Montre M 13kòb ke nou sèvi pou peye taks la.”

Yo te pote bay Li yon denye.

Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”

Yo reponn Li: “Se pou César”.

Li te di yo: 14“Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”

Lè yo tande sa, yo te etone e yo te 15kite Li ale. 16

Nan menm jou sa a, kèk nan Sadiseyen yo (ki di pa gen rezirèksyon) te vin kote L pou poze L kesyon. Yo te di: “Mèt, Moïse te di: 17‘Si yon nonm mouri, li pa gen pitit, frè li, nan fanmi ki pi prè a va marye avèk madanm li, pou l elve yon Pitit pou frè li.’ Konsa, te gen sèt frè avèk nou. Premye a te marye. Li mouri san fè Pitit e li te kite madanm li pou frè l la. Konsa tou, dezyèm lan, twazyèm nan, jouk rive nan setyèm frè a. An dènye lye, fanm nan te mouri. Konsa nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske yo tout te genyen l.”

Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou 18pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a. Paske nan rezirèksyon an, yo 19pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo. Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou: 20‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”

Lè foul la te tande sa, 21yo te etone de jan Li te enstwi a. 22

Men lè Farizyen yo te tande ke Li gen tan fè Sadiseyen yo sispann pale, yo te reyini ansanm.

Youn nan yo, yon 23avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv. “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” Li te reponn li: 24“‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

“Sa se premye e pi gran kòmandman an. Dezyèm nan se parèy a li menm: 25‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’. 26

“Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.” 27

Alò, pandan Farizyen yo te ansanm, Jésus te poze yo yon kesyon. Li te mande yo: “Kisa nou panse de Kris la? Se Fis a kilès Li ye?”

Yo te reponn Li: 28“Fis a David la”.

Li te di yo: “Ebyen, ki jan konsa ke nan Lespri a, David te rele Li ‘Senyè’ lè li te di: 29

“SENYÈ a di a Senyè mwen an,

‘Chita sou men dwat Mwen,

jouk lè Mwen mete lènmi ou yo anba pye ou’?

“Si David li menm rele Li ‘Senyè’, kijan Li fè kapab Pitit Li?”

Pèsòn pa t kapab reponn Li yon mo, 30ni yo pa t tante mande Li anyen depi jou sa a.

Source notes (30)
  1. Cross-reference Mat 13:24
  2. Cross-reference Mat 21:34
  3. Cross-reference Mat 21:36
  4. Cross-reference Éz 21:21
  5. Cross-reference II Wa 10:22
  6. Cross-reference Mat 20:13
  7. Cross-reference Mat 8:12
  8. Cross-reference Mat 24:22
  9. Cross-reference Mc 12:13-17
  10. Cross-reference Mc 3:6
  11. Cross-reference Mat 17:25
  12. Cross-reference Luc 3:1
  13. Cross-reference Mat 17:25
  14. Cross-reference Mc 12:7
  15. Cross-reference Mc 12:12
  16. Cross-reference Mc 12:18-27
  17. Cross-reference Det 25:5
  18. Cross-reference Jn 20:9
  19. Cross-reference Mat 24:38
  20. Cross-reference Egz 3:6
  21. Cross-reference Mat 7:28
  22. Cross-reference Luc 10:25-37
  23. Cross-reference Luc 7:30
  24. Cross-reference Det 6:5
  25. Cross-reference Lev 19:18
  26. Cross-reference Mat 7:12
  27. Cross-reference Mc 12:35-37
  28. Cross-reference Mat 9:27
  29. Cross-reference Mc 12:34
  30. Cross-reference Sòm 110:1

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.