Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 23

Alò, Jésus te pale avèk foul la ak disip Li yo Li te di yo: 1“Skrib yo avèk Farizyen yo gen tan chita nan chèz Moïse la. Pou sa, tout sa yo mande nou fè ak swiv, fè l. Men pa swiv zak yo, paske yo pale bagay sa yo, men yo pa fè yo. 2Yo mare gwo chaj e mete yo sou zepòl a moun; men yo menm, yo p ap leve menm yon dwèt pou ede yo.

“Men yo fè tout zak pa yo pou moun kapab wè. Yo 3agrandi filaktè pa yo (ti bwat ki pote woulo avèk Ekriti Sen yo ekri ladann) e fè ganiti (alonj ki fèt ak kòd) arebò vètman yo vin pi long. Yo 4renmen plas onè nan resepsyon yo, avèk plas ki pi enpòtan nan sinagòg yo, ak salitasyon ki plen respè nan mache yo, e pou tout moun rele yo 5 ‘Rabbi’ (Mèt).

“Men pa kite yo rele nou 6‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye. Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se 7yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la. Ni pa kite yo rele nou Direktè, paske nou gen yon sèl Direktè; se Kris la. 8

“Men pi gran pami nou an va vin sèvitè nou. 9Konsa, sila ki pran wo plas yo ap desann, e sila ki desann tèt yo ap vin gen yon wo plas.

“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske 10nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon. “Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo! Ipokrit! 11Paske nou bloke wayòm syèl la kont moun. Nou p ap antre nou menm, ni nou pa kite sila k ap antre yo ale ladann.

“Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo; ipokrit nou ye! Paske nou travèse tout latè avèk lanmè pou fè 12yon sèl disip; e lè nou fè l, li vini de fwa plis fis lanfè ke nou menm.

“Malè a nou menm, 13gid ki avèg! Ki di: ‘Sila ki sèmante sou tanp lan, sa pa anyen, men sila ki sèmante sou lò a tanp lan, se oblije.’ Bann sòt ak moun avèg! 14Kisa ki pi gran? Lò a, oubyen tanp lan ki sanktifye lò a?

“Epi ‘Sila ki sèmante sou lotèl la, sa pa anyen; men sila ki sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije’. Moun avèg! 15 Kilès ki pi enpòtan, ofrann sou lotèl la, oubyen lotèl la ki sanktifye lofrann nan?

“Pou sa, sila ki sèmante sou lotèl la, sèmante ni sou li, ni sou tout bagay ki sou li. Epi sila ki sèmante sou tanp lan, sèmante non sèlman sou tanp lan, men osi sou Sila ki 16rete ladann nan. Epi sila ki sèmante sou syèl la, 17sèmante non sèlman sou twòn Bondye a, men sou Sila ki chita ladann nan. 18

“Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo. Nou menm, 19gid ki avèg, ki sèvi ak yon paswa pou retire mouch, men nou vale yon chamo!

“Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! 20Nou netwaye deyò tas la ak plato a, men anndan yo plen avèk bann vòlè k ap peze souse ak mechanste pou acheve tout bezwen pèsonèl yo. Nou menm, Farizyen ki avèg yo; premyèman, 21netwaye anndan tas la ak plato a, pou deyò li kapab vin pwòp tou. 22

“Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou tankou tonm ki blanchi deyò pou parèt bèl, men anndan yo ranpli avèk zo mò ak tout kalite pouriti. Menm jan an, nou menm tou, nou gen aparans ladwati, men anndan nou ranpli avèk ipokrizi ak linikite. 23

“Malè a nou menm Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Nou bati tonm pou pwofèt yo e dekore moniman a sila ki te jis yo, epi di: ‘Si nou te viv nan jou zansèt nou yo, nou pa t ap ede yo vèse san a pwofèt yo’. An konsekans, nou temwaye kont pwòp tèt pa nou; ke nou menm 24se fis a moun ki te touye pwofèt yo.

“Konsa, ranpli mezi koupabilite nou, menm jan tankou zansèt nou yo te fè a. Bann sèpan, 25nich ranpli ak koulèv; kijan pou nou ta kapab chape de chatiman lanfè a? 26

“Pou sa, gade, Mwen ap voye bannou pwofèt ak moun saj, ak Skrib yo. Kèk nan yo, nou va touye e krisifye. Kèk nan yo, nou ap bay kout fwèt nan sinagòg nou yo, e pèsekite yo soti nan yon vil jiska yon lòt, pou sa rive ke sou nou kapab tonbe koupabilite pou tout san ki te vèse sou latè yo, kòmanse avèk Abel ki te jis, pou rive jouk nan san Zacharie, 27 fis a Barachie a, ke nou te 28asasine antre tanp lan ak lotèl la.

“Anverite, Mwen di nou ke tout bagay sa yo ap rive sou 29jenerasyon sila a.

“O 30Jérusalem, Jérusalem, ki touye pwofèt yo e asasine sila ki te voye a li menm yo avèk kout wòch! Konbyen fwa Mwen te vle rasanble nou ansanm, kon yon poul rasanble pitit li anba zèl li, men nou pa t vle.

“Gade byen, 31lakay nou rete nan men nou dezole nèt. Paske Mwen di nou: Depi koulye a, nou p ap wè M jiskaske nou di: 32‘Beni se Sila ki vini nan non Senyè a.’”

Source notes (32)
  1. Cross-reference Det 33:3
  2. Cross-reference Luc 11:46
  3. Cross-reference Egz 13:9
  4. Cross-reference Luc 11:43
  5. Cross-reference Mat 23:8
  6. Cross-reference Mat 23:7
  7. Cross-reference Mat 6:9
  8. Cross-reference Mat 20:26
  9. Cross-reference Luc 14:11
  10. Cross-reference Mc 12:40
  11. Cross-reference Luc 11:52
  12. Cross-reference Trav 2:10
  13. Cross-reference Mat 15:14
  14. Cross-reference Egz 30:29
  15. Cross-reference Egz 29:37
  16. Cross-reference I Wa 8:13
  17. Cross-reference És 66:1
  18. Cross-reference Mat 23:13
  19. Cross-reference Mat 23:16
  20. Cross-reference Mc 7:4
  21. Cross-reference Mc 7:4
  22. Cross-reference Luc 11:44
  23. Cross-reference Luc 11:47
  24. Cross-reference Mat 23:34-37
  25. Cross-reference Mat 3:7
  26. Cross-reference Mat 23:34-36
  27. Cross-reference Za 1:1
  28. Cross-reference II Kwo 24:21
  29. Cross-reference Mat 10:23
  30. Cross-reference Luc 13:34-35
  31. Cross-reference I Wa 9:7
  32. Cross-reference Sòm 118:26

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.