Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Matthieu 19

Lè Jésus te fin pale pawòl sa yo, li te kite Galilée pou 1ale nan rejyon Judée, lòtbò Jourdain an. Gran foul yo te swiv Li, e 2Li te geri yo la.

Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: 3“Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”

Li te reponn yo: “Èske nou pa konn li 4ke Sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an, te fè yo mal ak femèl, ke: 5‘pou koz sa a, yon nonm ap kite papa li ak manman li pou vin atache a madanm li, epi yo de a ap vini yon sèl chè? Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l.’”

Yo te mande L: “Ebyen, 6poukisa Moïse te kòmande yo pou ‘Bay li yon sètifika divòs e voye li ale?’”

Li te reponn yo: “Akoz kè di nou, Moïse te pèmèt nou divòse ak madanm nou yo, men depi nan kòmansman an, se pa konsa li te ye. Mwen di nou: 7 Nenpòt moun ki divòse ak madanm li, sof ke pou imoralite, epi marye avèk yon lòt fanm, li fè adiltè.”

Disip Li yo te di L: “Si se konsa relasyon a yon mesye ye avèk madanm li, li pi bon pou pa marye.”

Men Li te di yo: 8“Se pa tout moun ki kapab aksepte sa nou di a, men sèl sa yo ke li te bay. Paske gen enik ki te fèt konsa depi nan vant manman yo, e gen enik ki te fèt konsa pa lòm; e gen enik ki te fèt konsa pou tèt yo, pou koz a wayòm syèl la. Sila ki kapab aksepte sa, kite l aksepte li.”

Apre sa, 9yo te mennen kèk timoun kote L pou Li ta kapab mete men Li sou yo e priye pou yo; men disip yo te reprimande yo.

Konsa, Jésus te di: 10“Bay timoun yo pèmi, e pa anpeche yo vin kote Mwen, paske wayòm syèl la se pou sila ki tankou yo”. Apre Li mete men Li sou yo, Li kite la. 11

Konsa, yon moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”

Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men 12si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”

Li te mande Li: “Kilès nan yo?”

Jésus te reponn li: 13“Ou pa pou touye moun, ou pa pou fè adiltè, ou pa pou vòlè, ou pa pou pote fo temwayaj. 14Onore papa ou avèk manman ou, epi 15renmen pwochen ou tankou tèt ou.”

Jennonm nan te di L: “Tout bagay sa yo, mwen fè yo. Kisa mwen manke?”

Jésus te di l: “Si ou vle pafè, 16 ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”

Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.

Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: 17 Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la. Ankò, Mwen di nou: 18Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”

Lè disip Li yo te tande sa, yo te etone e te di: “Kilès konsa ki kab sove?”

Jésus te byen gade yo, e te di: 19“Avèk moun, li pa posib, men avèk Bondye, tout bagay posib.”

Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”

Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke nou ki te swiv Mwen yo, nan tan renouvèlman tout bagay la, lè Fis a Lòm nan vin chita sou twòn Li nan tout glwa Li, nou menm 20tou, n ap chita sou douz twòn pou jije douz tribi Israël yo. 21

“Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl. 22Men anpil moun ki premye ap dènye, e dènye yo, ap vin premye.”

Source notes (22)
  1. Cross-reference Mc 10:1-12
  2. Cross-reference Mat 4:23
  3. Cross-reference Mat 5:31
  4. Cross-reference Jen 1:27
  5. Cross-reference Jen 2:24
  6. Cross-reference Det 24:1-4
  7. Cross-reference Mat 5:32
  8. Cross-reference I Kor 7:7
  9. Cross-reference Mc 10:13-16
  10. Cross-reference Mat 18:3
  11. Cross-reference Luc 10:25-28
  12. Cross-reference Lev 18:5
  13. Cross-reference Egz 20:13-16
  14. Cross-reference Egz 20:12
  15. Cross-reference Lev 19:18
  16. Cross-reference Luc 12:33
  17. Cross-reference Mat 13:22
  18. Cross-reference Mc 10:25
  19. Cross-reference Jen 18:14
  20. Cross-reference Luc 22:30
  21. Cross-reference Mat 6:33
  22. Cross-reference Mat 20:16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.