Bib Sen An
Matthieu 18
Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”
Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou 2vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.
“Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. Men 3nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
“Malè a mond sa a akoz wòch chite li yo! Wòch chite sa yo 4pa kapab pa vini, men malè a moun sila a ki fè yo parèt. 5
“Si men nou oubyen pye nou fè nou tonbe, koupe l e jete l lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi tankou yon kokobe oubyen bwate, pase ak toude men ak pye nou pou nou ta jete nan lanfè etènèl la. 6
“Epi si zye nou fè nou tonbe, rache li jete li byen lwen nou. Li pi bon pou antre nan lavi avèk yon sèl grenn zye olye avèk toude pou nou ta jete nan lanfè dife a.
“Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke 7 zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la. 8Paske Fis a Lòm nan te vini pou sove sila ki te pèdi yo.
“Kisa nou panse? 9Si yon moun gen san mouton e youn vin pèdi, èske li p ap kite katre-ven-diz-nèf yo sou mòn nan pou ale chèche sila ki pèdi a? Epi si li twouve li, Mwen di nou, l ap rejwi plis sou sila a pase lòt katre-ven-diz-nèf ki pa t janm pèdi yo.
“Konsa se pa volonte Papa nou nan syèl la pou youn nan Pitit sila yo ta pèdi. 10
“Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke 11‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, 12kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
“Anverite Mwen di nou: 13“Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
“Ankò Mwen di nou ke si de nan nou dakò sou latè sou nenpòt bagay ke yo mande, 14li va fèt pou yo pa Papa M ki nan syèl la. Paske kote de oubyen twa reyini ansanm nan non Mwen, 15Mwen la nan mitan yo.”
Apre sa, Pierre te vin kote L e te mande L: “Senyè, 16konbyen fwa frè m kapab peche kont mwen pou m toujou padone l? Jis 17sèt fwa?”
Jésus te reponn li: “Mwen p ap di ou sèt fwa, men jiska 18swasann-dis fwa sèt.
“Pou rezon sa a, 19wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle 20regle kont lajan yo avèk esklav li yo. Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.) Men akoz ke li 21pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta 22vann mesye a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.
“Konsa, esklav la vin tonbe atè 23 pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’ Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e 24te padone dèt la.
“Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.
“Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’ Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.
“Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.
“Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m. 25Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a? Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.
“Konsa 26 Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”
Source notes (26)
- Cross-reference Mc 9:33-37
- Cross-reference Mat 19:14
- Cross-reference Mc 9:42
- Cross-reference Luc 17:1
- Cross-reference Mat 5:30
- Cross-reference Mat 5:29
- Cross-reference Luc 1:19
- Cross-reference Luc 19:10
- Cross-reference Luc 15:4-7
- Cross-reference Lev 19:17
- Cross-reference Det 19:15
- Cross-reference II Tim 3:6-14
- Cross-reference Mat 16:19
- Cross-reference Mat 7:7
- Cross-reference Mat 28:20
- Cross-reference Mat 18:15
- Cross-reference Luc 17:4
- Cross-reference Jen 4:24
- Cross-reference Mat 13:24
- Cross-reference Mat 25:19
- Cross-reference Luc 7:42
- Cross-reference Egz 21:2
- Cross-reference Mat 8:2
- Cross-reference Luc 7:42
- Cross-reference Mat 6:12
- Cross-reference Mat 6:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.